Ti gason ki sou plaj la.

galitskaya/stock.adobe.com

Yon Solèy Ki San Danje Pou Tout Moun

Pwoteksyon se priyorite #1
Pwoteksyon se priyorite #1 

Se yon reyalite: Plis pase 175,000 gason ak fanm pra'l dyagnostike ak maladi melanòm ane sa dapre American Academy of Dermatology (AAD). Epi tout moun vilnerab, kèlkeswa koulè po yo. Avèk chif yo ki pa janm sispann monte pandan twa dènye deseni yo ak nouvo dekouvèt sou danje lè ou ekspoze nan solèy – ekspè yo di prèske 80 pousan vi yon moun kote li ekspoze nan solèy rive avan laj 18 tan – li pa janm twò bonè pou kòmanse pran prekosyon pou pwoteje fanmi’w.

Ogmante Pouvwa SPF Ou
Itilize krèm solèy se bon sans, men pou jwenn kantite pwoteksyon ou bezwen an fòk ou fè djòb. Pou mete’l pou pi piti yo ou dwe kòmanse nan laj 6 mwa epi aplike sou tout pati kò a ki pa kouvri ak rad, linèt solèy iltravyolè ak chapo. Ti bebe, timoun, timoun ki pi gran ak granmoun jwenn plis avantaj nan yon krèm solèy ki ka reziste dlo, kont mikròb ki gen yon SPF 30 oswa plis pou bloke domaj ke reyon UVA ak UVB ka fè sou po a.

“Depreferans, ak yon SPF 30 li t’ap pran ou 30 fwa pi lontan pou ta boule ke si’w p’at mete krèm solèy,” se sa doktè Steven Q. Wang di, li se pòtpawòl pou The Skin Cancer Foundation. “Yon SPF 30 kite prèske 3 pousan reyon UVB pase sou po’w. Yon SPF 50 kite prèske 2 pousan reyon pase.” Sa ka sanble yon ti diferans tou piti, li di, “Jiskaske ou reyalize ke SPF 30 youn edmi fwa plis radyasyon UV rantre nan po ou. Se 150 pousan diferans!”

Pi plis SPF ofri plis pwoteksyon kont kout solèy, men Wang pa konseye itilize’l twòp pou pa bay yon fo santiman sekirite. “Moun ki itilize li yo gen tandans rete nan solèy la pi lontan. Yo ka ap plede remete’l epi yo panse ke yo pa oblije al pran ti lonbraj, mete chapo, oswa kouvri kò yo,” se sa li di. “Alòs yo vin resevwa plis UV, ki, finalman vin pa itil anyen.”

Ki valè ki ase? “Si ou itilize anpil krèm solèy epi souvan, yon boutèy krèm pa ta dwe dire twòp,” se sa doktè Lawrence E. Gibson di, le se pwofesè dèmatoloji nan Mayo Clinic School of Medicine. “Anjeneral, yon aplikasyon jeneral se yon ons – kantite yon ti vè tou piti – pou kouvri pati kò yo ki ekspoze a.” Selon gwosè kò ou, ou ka bezwen mete plis, li di.

Chwazi Bon Pwoteksyon An
Doktè Debra Jaliman, dèmatològ sètifye, AAD ki se pòtpawòl ak otè liv Skin Rules: Trade Secrets from a Top New York Dermatologist, rekòmande yon krèm ki gen oksid zenk ak dyoksid titanyòm. Paske ti engredyan yo ki nan krèm lan laj, yo paka rantre andedan po a, alòs yo rete sou po a, ki vin kite yon kras blanch ki pèmèt ou wè pati ke ou rate yo. Si ou pa renmen oksid ki gen zenk, pran yon krèm solèy ke ou ka mete sou tout kò a, tankou yon losyon oswa yon krèm, kòm sa ki flite yo kon fè gonm yo pa byen epapiye sou po a.

Po tèt, zòrèy, kou, po bouch, do men yo ak do pye nou konn bliye yo lè n'ap pase krèm. Pou rasire ke tout moun kouvri nèt, mete anpil, dabò pase vètikal, epi orizontal. Sa pran prèske 30 minit pou krèm solèy rantre nan po a, alòs rasire'w ke sa fèt yon bon ti tan avan fanmi ou sòti deyò. Mete li ankò chak de èdtan, pi souvan si timoun ap plede rantre sòti nan dlo a oswa si y'ap swe nan solèy la.

Pou timoun ki ajite anpil yo ki paka menm rete kanpe pou mete krèm yo (ankò epi ankò), konsidere rad ki pwoteje kont UV, tankou vètman pou naje ak rad kolan ki ka bloke solèy la. Anpil vini ak yon UPF (Ultraviolet Protection Factor) ki vle di faktè pwoteksyon iltravyolè ki plis ke 50, li plis pase mayo ki gen UPF 5 yo.

Evite Santiman Sekirite Ki Pa Vre Sa
Pwoteje po fanmi ou – ak sante – konnen tou si pa gen pèsòn ki vilnerab ak kèk kansè po.

"Moun ki gen po nwa kwè panse souvan ke yo pa andanje ak kansè po, men se yon erè," se sa doktè Maritza I. Perez di, li se yon dèmatològ sètifye epi ansyen vis prezidan The Skin Cancer Foundation.

Malerezman, 63 pousan patisipan Afriken-Ameriken nan yon rechèch ki fèk fèt revele ke yo pa janm itilize krèm pou po, dapre The Skin Cancer Foundation. Men rechèch montre ke moun ki gen po nwa, ansanm ak Afriken-Ameriken, ka pi fasil pran maladi "acral lentiginous melanoma (ALM)," ki se yon kansè po, se yon fòm melanòm danjere ki souvan konn parèt nan pla men yo ak nan pla pye yo.

"Etnisite pa defini kalite po," se sa Perez di. "Li ka reprezante yon plizyè koulè po ak plizyè kalite risk."

Fè Yon Ti Poze
Se nòmal, ke ou vle fanmi ou pwofite chak jou pandan ete a, men yon ti poz nan mitan jounen an kapab ede tout moun pwoteje po yo. Jwenn yon ti lonbraj nan yon ti kwen oswa anba yon gwo parapli plaj yo ant 10 è nan maten pou rive 2 è nan apremidi, lè reyon solèy la pi fò a, nou dwe pran abitid sa, ke n'ap jwe oswa n'ap repoze.

Men pa neglije krèm solèy la: Menm si se anba pye bwa fòk ou pwoteje po a, menm si gen nyaj. Reyon UVA ak UVB yo penetre nan po a kanmenm, menm lè ou pa wè solèy la.