Paran yo fache ak pitit fi yo.

Be free/stock.adobe.com

Yon Moman Gran tèt Chaje pou Paran ki gen tèt Chaje

Aprann poze san w, aprann pa fatige tèt ou, epi konsantre plis ou amelyore jan pou pitit ou vin endepandan pandan pandemi a
Aprann poze san w, aprann pa fatige tèt ou, epi konsantre plis ou amelyore jan pou pitit ou vin endepandan pandan pandemi a  

Nou tout vle sa k pi bon pou pitit nou men anpil nan nou (nou konn ki moun nou ye) travèse nan yon kategori paran k ap fè twòp, n ap dirije epi n ap suiv tout sa k ap pase ak pitit nou. Kounye a lè tout moun ap fè fas a yon pandemi ki san bout, anpil nan abitid sa yo jwenn konsekans negatif kòm ranfò. 

Konpòtman depase sa a, kote nou toujou la pou n sove timoun yo kou yo bay yon ti poblèm oswa kou yo dezapwente nou, se yon kalite konpòtman ki kab plis detui timoun pase sa fè yo dibyen. Konpòtman depase sa a anpeche timoun fè erè pa yo epi sa anpeche yo aprann de erè yo fè. An jeneral, timoun ki gen paran ki toujou ap veye yo gen tandans pa gen yon lespri ki ouvè oswa fè aktivite yo pa abitye fè, epi timoun kon sa pi vilnerab, kè yo toujou sou biskèt, yo toujou depann de paran yo, epi yo toujou ap kritike tèt yo.

Ki jan ou kab wete tèt ou nan kategori paran tèt yo toujou chaje nan moman gran tèt chaje sa yo? 

  • Koute. Olye pou w ap pouse timoun yo fè sa w ta vle yo fè, koute sa yo vle koute sa yo bezwen epi ede yo reyalize sa yo vle yo, menm si sa ta sanble ou bat kaba devan yo pou y al mennen aktivite ou pa twouve ki ap abouti a anyen (jwe jwèt videyo oswa al sou medya sosyal!). Satisfè w de pitit ou pou jan de moun li ye (paregzanp li kapab pa meyè atlèt la oubyen yon timoun ki briye lekòl) epi al dousman sou sa w ap atann de li. 
  • Rale yon bak. Sispann kontwole tout sa y ap fè epi kite yo aji an timoun. Kite yo kouri anndan kay la (si gen ase espas) oubyen kite yo kouri nan lakou a, kite yo esplore lanati, kite yo monte bekàn, kite yo grafiyen jenou yo. Fò w kòmanse fè pitit ou konfyans pou yo kab aprann fè tèt yo konfyans. “Se enkyetid pa nou kòm paran k ap pi gwo poblèm nan, epi meyè bagay nou kab fè pou byennèt timoun epi pou aprantisaj yo, se kontwole enkyetid nou,” sa yo se pawòl Wendy Tuohy, Editè seksyon Daily Life pou jounal Sydney Morning Herald. 
  • Suiv sa k ap pase. Montre pitit ou kouman pou l fè travay li gen pou l fè pou kont li. Sa vle di li kab pale ak zanmi li yo, olye se wou k ap pale ak paran zanmi l yo, lè gen yon sitiyasyon kote zanmi yo ap met presyon sou li oswa si yo aji avè l yon fason ki pa apwopriye swa sou entènèt oubyen lè youn al jwe lakay lòt. Lè w ankouraje pitit ou yo rezoud poblèm yo pou kont yo, y ap aprann kouman pou yo defann tèt yo pou kont yo. 
  • Amelyore ladrès pou pran bon desizyon. Pale ak pitit ou sou enpòtans pou yo pran bon desizyon epi pou asepte responsablite pou desizyon y ap pran. Aktivite sa a kab varye tou depan laj pitit ou a, se kab yon desizyon senp tankou kite pitit ou chwazi yon aktivite pou ete a rive sou yon pi gwo desizyon tankou rezoud yon poblèm sosyal ant kèk zanmi. Lè w kite pitit ou yo wè ki kalite moun yo ye – ki feblès yo gen lakay yo, ki sa ki fòs yo, ki sa yo vle akonpli nan lavi yo epi ki rèv yo genyen – ou kab ede yo atenn bon rezilta.
  • Pa bliye, chemen lavi a gen erè ladan tou. Lè yon timoun fè yon erè se pi bon lè pou yon paran sèvi ak sa pou aprann timoun yon kichòy. Se lè timoun eseye epi yo fè erè se lè sa yo va aprann gen rezistans, se lè sa yo va gen matirite epi y ap kab fè fas ak lavi a ni lè sa bon ni lè sa pa bon. Gen yon tandans pou moun bay kèk bagay plis enpòtans pase yo merite, sitou nan move moman sa yo, men Lenore Skenay di fò n reziste sa, li se Prezidan yon òganizasyon ki pa la pou fè lajan ki rele Let Grow epi se li ki ekri liv Free-Range Kids: How to Raise Safe, Self-Reliant Children (Without Going Nuts with Worry). “Tou bagay anfòm. Timoun nou yo pap fè bak menm si se dòmi y ap dòmi, menm si y ap jwe jwèt videyo epi menm si se YouTube y ap gade anpil. An reyalite, y ap grandi, tou senpleman paske timoun toujou ap grandi epi y ap aprann nan tout sa y ap fè—lè y ap jwe kat, lè y ap jwe ak tout kalite jwèt, lè y ap benyen, lè y ap gade videyo, men yo aprann sitou lè yo gen kalite tan sa a ki pi enpòtan pase tout bay: tan lib.”