Ti gason nan ras diferan pwoteste kont yo ansanm.

Rawpixel/stock.adobe.com

Volatilite Pandan ete a vle di nou dwe Siveye Timoun nou yo pi plis

Ras, coronavirus ak politik ta ka domine timoun nou yo pandan ete a
Ras, coronavirus ak politik ta ka domine timoun nou yo pandan ete a 

Ane ki pi volatil nan lavi nou, ka pran dife pi vit kounye an. Pandan ke gen difikilte  pou fè preparasyon pou ete sa nan mitan pandemi coronavirus la, peyi a vin tonbe nan mitan anpil dezòd ak manifestasyon piblik, revòlt ak piyaj akòz lanmò trajik yon Nwa Ameriken nan leta Minneapolis.

Pande lete li difisil pou kenbe timoun nou yo an sirte ak pwoteje byenèt yo. Men, ane sa a bagay yo vin ekstrèman pi difisil. Anplis sa gen yon klima politik ki gen plis ostilite ki gen posibilite ogmante nan mwa kap vini yo anvan eleksyon prezidansyèl la nan mwa Novanm nan; nou pa menm konnen kote pou nou kòmanse ak sèten efò nan preparasyon pou ete a? Ki sa nou ta ka di pou kalme timoun nou yo si nan pwòp lespri nou, nou pa ka wè sans nan bagay sa yo e nou pa gen anpil kontwòl nan pwòp lavi nou, 

Rete Reyèl epi Montre Onète Sou Sijè Rasyal
li inevitab ke pral gen pè, ensètitid ak danje nan lavi nou ete sa a pou anpil nan nou
k ap viv nan Miami-Dade. Si n ap inyore reyalite sa yo epi nou pap pale de sa ak pitit nou, sa ka non sèlman ap mete delè nan konvèsasyon nou beswen fè avè yo, men sa ka gen danje ladan l tou.  

 Depi semèn edmi ki fèk pase a, anpil kote nan peyi a, tankou Konte Miami-Dade la fè eksperyans anpil ajitasyon sivil. Eksplike pitit ou yo kisa ki te pase, oswa riske y al aprann enfòmasyon an atravè lòt sous. Malgre ke li difisil pou eksplike sansibtilite ki egziste nan deskriminasyon rasyal ak antant ant ras, senplifye sa epi sonje pou wfè sa ki annapre yo: ankouraje kesyon, bay yon bon egzanp, pa kache trajedi oswa move zak, aprann yo sou lòt kilti, ak eksplore pwòp eritaj ou. Li oke pou pale sou ras e enjistis sosyal ak pitit ou toutotan ou fè l nan yon mannyè ki apwopriye ak laj yo. 

Miami ka youn nan vil ki pi divèsifye nan peyi a, men li gen pwòp istwa pa li sou manifestasyon kont vyolans lapolis nan lane 1980 ak 1989. The Children’s Trust te òganize pwòp Jou Egalite Sosyal Nan Mwa Fevriye pa yo pou pwomote aksyon anvè sa, e li gen yon swivi ki planifye pou pita nan ane sa. Men, ou pa ka tann sa pou adrese pwoblèm sa yo ak pitit ou. Li enpòtan pou yo aprann sou istwa ras nan kominote yo nan men moun ke yo fè konfyans pou yo kapab konprann li, grandi san danje, gen tolerans ak montre senpati pou tout moun. 

Lè w Sòti Pandan Ete a
Malgre menas kontinyèl pandemi coronavirus la, moun ki abite Miami-Dade, jèn ak granmoun, pral de pli zan pli soti an piblik pandan ete a, kit pa chwa oswa nesesite. Si ou menm ak pitit ou gen plan pou soti an piblik deplizanpli, pito ou mete pitit ou konnen li posib yo pral fè fas ak anviwònman e defi. Sa se pa yon ti zafè paske nan kèk ka règleman yo varye de vil an vil.

Kanmèm, li enpòtan pou rete okouran de denye enfòmasyon konsènan direktiv sante ak restriksyon . Pou paran ki gen kapasite travay anndan kay e ap pran swen pitit yo an menm tan, kesyon an vin tounen yon bagay pèsonèl lè yo santi yo konfòtab pou soti al nan pak, plaj, biznis ak pitit yo.  

Pou anpil lòt moun, sepandan, kondisyon ekonomik oswa karyè mande pou yo tounen nan travay yo e reentegre nan fonksyon piblik. Sa vle di anpil nan pitit yo ap oblije retounen nan sant swen pou timoun, kan ete ak lòt plas piblik. Erezman, The Children’s Trust ap patisipe nan devlopman rekòmandasyon pou ouvèti sant sa yo ak Prezidan e Direktè Jeneral James R. Haj ke Majistra Carlos Gimenez te nonmen kòm prezidan Gwoup Travay sou Etablisman Gadri, Kan Ete, Espò, Ak Pwogram Apre Lekòl. Anplwaye Children’s Trust yo tou ap patisipe anpil nan tout pati devlopman pwosesus sa a. 

Talè rekòmandasyon konte a pral lajman disponib pou founisè sèvis ak paran yo epi yo pral bay règleman sekirite ki strik pou espò ak kan ete, règleman pou sant gadri pou ke lespri paran yo gen yon ti repo, lè konsa yo ka tounen travay oswa chèche travay. Règleman yo pral aksante responsablite pèsonèl paran ak founisè yo dwe pran pou konfòme ak pwotokòl ki pral asire sekirite.
 

Navige nan dlo politik k ap vin pi mal
Si nou gen chans ete sa a, ajitasyon sivil la ak pandemi a pral disparèt nan kèk mwa. Sepandan, gen yon chans ke nivo división ant pèp la nan peyi a ap rete menm jan anatandan  eleksyon prezidansyèl la nan mwa novanm k ap vin la a.

Akòz mwens bagay ke yo konn fè dabitud pandan yon ete nòmal, timoun yo ap gen plis chans pou kòmanse absòbe divizyon politik la pou pi bon oswa pi mal. Sa ta ka yon negativite si ou pa prete atansyon a sa. Gen yon etid ki fèt pa plizyè inivèsite kote yo tejwenn timoun yo demontre enterè ak konesans sou eleksyon yo ak kandida yo, men anpil ladan yo pa te genyen ase konesans sou sa e ke yo beswen plis enfòmasyon ak konsèy nan men granmoun.  

F òw pare ak yon plan pou konnen ki jan pou jere sa. Espesyalman ak timoun ki pi piti yo, konsidere yon apwòch tankou "mwens se plis", pou bay yon fondasyon moral ak anseye tolerans nan diferan pwen de vi. Reziste bay yo twòp enfòmasyon ki ka jenere enkyetid. F òw ankouraje timoun ou yo poze kesyon epi fòme opinyon pa yo epi si ou bezwen èd pa ezite li liv What Can A Citizen Do? Dave Eggers, Ekriven, Bad Kitty for President Nick Bruel, Ekriven ak One Vote, Two Votes, I Vote, You Vote Bonnie Worth Ekriven.” Genyen tou yon bann sit entènèt dedye a eksplike timoun sa politik ye, gen plizyè ki enklu isit la.

Lè reklam negatif yo kòmanse ap koule tankou dlo sou televizyon ak medya sosyal, kòm anpil deja ap fè, Pale ak pitit ou yo epi di yo poukisa jouman ak entimidasyon pa kòrèk. Gade nouvèl yo ansanm, konsa ou ka senplifye pwoblèm konplèks yo epi pale sou enpòtans konfyans, onètete ak respè pou opinyon lòt moun pou yo konprann bon moun ka pa dakò sou politik men yo diskite sou sa ak respè e lanmou.

Sanble li pral yon ete nou pa ko janm te wè anvan, men si ou kenbe je ou sou timoun ou yo, angaje yo ak pase tan ak yo, li ka memorab pou rezon pozitif oswa negatif.