Manman ak pitit fi tap mete sou zèb la.

mkchoksi/stock.adobe.com

Vizyon Zye Timoun

Lanmou Manman!
Lanmou Manman! 

Kisa manman yo fè pou yo fè pitit yo kontan?

Manman mwen fè mwen kontan lè li mennen mwen nan Miami Seaquarium. Lè nou ale la, mwen wè anpil bèl pwason ak reken!
- Emillano, 6

Yo mennen nou soti lè nou raz epi yo ede nou ak bagay nou pa konnen.
- Tangie, 10

Kisa ki fè yon bon manman?

On moun ki ede’w konpòte’w bien, etidye byen pou’w ka fè pi bèl nòt lekòl!
- Elias, 7

On bon manman fè’w santi’w pi byen lè ou tris.
- Leillani, 8

On bon manman – oswa granmè – ba ou lanmou. Chak swa granmè mwen ba nou on ti bo anvan nou al dòmi, li kwoke nou, epi li di nou “Mwen renmen nou anpil!”
- Tangie

Kisa yon papa ka fè pou yon manman pou Fèt Dèmè?

Papa yo ka ede dekore foto avèk ti kè ki klere.
- Emillano

Netwaye kay la epi ede li fè manje. Leillani Pwodwi an patenarya ak Fatherhood Task Force of South Florida.