Yon doktè pale ak yon papa ak yon pitit gason sou yon telefòn selilè.

DiversityPhotos Lite/stock.adobe.com

Vizit Telehealth (Telemedsin) 101 (Konsiltasyon Medikal Vityèl): Preparasyon ak Atant pou Èd Medikal Vityèl

COVID-19, Pedyatri ak Sante Mantal yo tout sou tab la nan chanm egzamen an vityèl
COVID-19, Pedyatri ak Sante Mantal yo tout sou tab la nan chanm egzamen an vityèl 

Entènèt la kapab fè w pè lè wap chèche yon repons sou yon kesyon medikal. Nenpòt moun ki gen menm yon ti kras karakteristik ak moun ki gen foli maladi ap konnen enkonvenyans ki genyen lè wap cheche enfòmasyon nan entènèt la pou dyagnostike, trete oswa menm si pou bay ak aprann kalite swen pou diferan maladi ak viris yo.

Men, anfas yon reyalite ki nouvo, lopital yo gen twòp moun epi sistèm sante depase kapasite yo, sa fè menm moun ki pi malad al cheche èd nan entènèt pou ede jere sante yo pandan jou sa yo. Erezman, menm anvan pandemi an te frape, te gen yon chanjman enpòtan anvè itilizzasyon sèvis Telemedsin an jeneral, menm pou timoun.

Telemedsin pèmèt doktè evalye, dyagnostike, ak trete pasyan nan yon vizit ki fèt atravè videyo oswa nan telefòn, menm si se pou yon vizit pou wè sèlman si ou an sante, yon swivi, oswa menm yon evalyasyon pou viris COVID-19 la. Fòm swen medikal sa ka tou nèf ni po ou ni pou doktè w. Lè w konnen ki sa pou atann ak kisa ou bezwwen gen nan men w pandan vizit la sa ta ka fè tranzisyon an vin pi fasil epi ede w pran plis avantaj.

Ki Sa Ou Ka Atann Pandan Vizit Ou Sou Entènèt La

Anvan vizit vityèl doktè a, asire w ke ou nan yon kote ki ase kalm, prive, epi ki byen limen; konsa ou ka pale klèman ak doktè a epi pare kò w pou nenpòt posibilite de yon egzamen fizik li ta ka vle fè atravè videyo a.

Anjeneral, se yon mesaj tèks ki inisye pou yon vizit videyo. Li gen yon relye ki mande w pou rantre an kontak ak doktè a atravè yon apèl konferans ki an sekirite. Lè sa a, wap konekte dirèkteman ak doktè a oswa yon enfimyè, yon asistan medikal ki pral poze w kèk kesyon de baz anvan ou pale ak doktè a. Si doktè w fè pati de yon gwo sistèm sante, vizit la ta ka fèt atravè yon pòtay vityèl pou pasyan ki an sekirite kote ou pral mete enfòmasyon pèsonèl ou pou antre ladan l. Pou vizit nan telefòn, ou menm oswa doktè a ap kòmanse apèl la nan lè randevou a.

Egzamen an li menm pa twò diferan de youn ki fèt nan yon biwo, eksepte pou kontak fizik la. Doktè a pral koute pwoblèm ou oswa enkyetid ou, poze w kesyon, epi egzamine w nan limit ki posib. Nan fen vizit telemedsin la, si li nesesè, yo pral fè aranjman pou pasyan an fè lòt tès, swa tès nan laboratwa, radyografi, lòt vizit telemedsin anplis oswa yon vizit nan biwo. Yo pral voye nenpòt ki preskripsyon ba yon famasi oswa ba yon sèvis preskripsyon nan lapòs. Si ou gen nenpòt kesyon, ou ka rele biwo a jan ou ta nòmalman fè.

Swen Pedyatri Virtyèl 

Jis paske nou nan mitan yon pandemi mondyal pa vle di ke maladi ak alèji timoun disparèt. Pandan ke pwoblèm tankou vaksinasyon oswa zo kase toujou fè w ale nan yon biwo oswa yon vizit nan sal ijans, yon randevou pedyatri vityèl fè li posib pou timoun yo resevwa swen pwofesyonèl ki woutin pandan izolasyon an.

Yon vizit vityèl ak yon pedyat, menm si se sou Zoom, FaceTime, oswa yon applikasyon spesyalize tankou Telehealth (Telemedsin), ou oblije fè menm kantite preparasyon ak kèk reglaj ke yon randevou tradisyonèl. Asire w ke ou regle tout bagay ou bezwen anvan randevou a, tankou yon pèz, yon tèmomèt, nenpòt medikaman timoun lan ap pran, elatriye, sa ka fè pwosesis la vin pi fasil.

Paran yo tou ta dwe kreye yon lis ki gen lè kronoljik de sentòm yo an ka de visit ki gen rapò ak maladi a, epitou, se pou yo ekri nenpòt kesyon enpòtan oswa enkyetid yo ta vle mande doktè a. Epitou, anpil nan sistèm telemedsin yo gen yon fonksyon espesifik pou pèmèt paran yo voye davans foto ak dokiman enpòtan bay pedyat la pou randevou a (menm jan ou ta fè pou randevou an pèsòn).

Sèvis Sante Mantal

Pandan tan izolasyon sa a, ak yon ekonomi ensèten, sante mantal ka soufri. Sa ka fè nivo enkyetid, depresyon ak adiksyon vin monte pi wo. Pou eseye adrese bezwen sa yo, anpil doktè sante mantal ap adopte teknik ak teknoloji telemedisin la pou ede moun ki bezwen konsèy.

Elinore McCance-Katz, asistan sekretè nan Depatman Sante ak Sèvis Sosyal e Chèf Administrasyon Sèvis Sante Mental ak Adiksyon Sibstans di NPR."Nou vle ke tout moun dwe okouran de sistèm pi fleksib ki pral an fonksyon kounye an pou pèmèt yo jwenn swen ak tretman." 
 

Terapi sou entènèt pèmèt pasyan kontakte ak aparèy elektwonik yo an prive yon konseye sante mantal ki lisansye e ki gen eksperyans, si yap jere yon pwoblèm anksyete oswa yo beswen konsèy pou relasyon ant koup – Pou resevwa terapi, pi souvan, pri a pral koute mwens anpil pase visit tradisyonèl an pèson.

Jwenn Swen Medikal Abòdab Sou Entènèt La

Pwoteksyon asirans pou telemedsin varye selon eta kote ou ye a, men ak pandemi aktyèl la, anpil founisè sèvis mete chanjman nan règleman yo epi nan kèk ka, yo menm anile kopeman yo. Li ta pi bon pou ou si w rele founisè a anvan vizit ou pou konnen kisa asirans ou pral kouvri.

Pou moun ki pa gen asirans sante, gen plisyè opsyon nan zòn nan ki bay sèvis medikal sou entènèt gratis, ou a pri ba.

  • MD Live (Doktè Vityèl) pèmèt pasyan yo kontakte nenpòt lè yo bezwen doktè medikal, doktè pedyatri e jwenn aksè a sèvis terapi konpòtmantal ak sikyatri. Lè doktè pa w pa disponib MDLIVE ofri aksè rapid, fasil, e pratik a yon doktè pou pwoblèm san ijans. Tan pou rete tann ap mwens pase 15 minit pou ka konsilte ak yon doktè nan kote wap viv la ki lisansye nan eta a e ki sètifye nan konsèy medikal la. 
  • LiveHealth (Medsin Vityèl)mete w an kontak gratis ak doktè kalifye nenpòt lè ou bezwen yo,. Jis enskri non ou, ouvri sesyon an, epi chwazi doktè ki kòrèk pou bezwen w. Doktè k ap itilize aplikasyon elektwonik sa yo bay swen pou tout bagay, tankou grip, bwonchit, alèji, enfeksyon po, ak anpil lòt ankò. Nan aplikasyon an wap jwenn tou, terapis ki lisansye, konsiltan laktasyon, dyètetis, ak lòt pwofesyonèl. 
  • TalkSpace (Espas Pou Pale) se yon fason pratik, abòdab ak efikas kote wap ka travay pou amelyore sante mantal ou. Sèvis abònman sa a pèmèt ou voye bay terapis ou san limitasyon, mesaj tèks, odyo, foto oswa videyo nenpòt ki lè ou vle. Wap jwenn yon repons omwen yon fwa pa jou, senk jou pa semèn. Ou ka chwazi tou pou ajoute sesyon videyo an dirèk.