Girl eating strawberries

Viv An Sante Kounye'a!

Kòmanse viv pi an sante jodi'a
Kòmanse viv pi an sante jodi'a 

Se Mwa Nasyonal Nitrisyon, yon bon moman pou gade ankò kisa ki genyen nan meni manje lakay la epi fè ti ajisteman pou rasire'w ke tout moun ap manje byen. Menm lè ou pa gen tan, manje byen an posib, epi pran bon desizyon ki kapab pwoteje fanmi'w pou yo pa vin gwo epi diminye chans pou yo pou pa tonbe malad, tankou dyabèt ak tansyon. Men kijan:

Chanje Fason Ou Panse 
Olye pou w'ap reflechi ak "bon" oubyen "pa bon," panse "plen-eleman nitritif," se sa Academy of Nutrition and Dietetics (ki te rele American Dietetic Association lontan) di. Manje chaje ak vitamin, mineral, fib ak anpil lòt eleman nitritif ki souvan pa gen anpil kalori, move grès ak sik. Fwi, legim, farin ak lèt oubyen pwodwi ki gen lèt ki pa gen grès, ansanm ak vyann ki pa gen grès, vyann bèt volay, pwason, pwa, ze ak nwa se yo ki nan tèt lis gid manje pou Ameriken.

Gid GRATIS Pou Manje-Byen
• Kreye pou moun ki pa gen anpil lajan, dokiman Leanne Brown la Good and Cheap: Eat Well on $4/Day disponib pou telechaje li an angle sou sit li a; www.leannebrown.com.
• Sit "Budget Bytes" ofri resèt pou dejene, manje midi ak dine ansanm ak kaswòl elektrik, manje pou vejetaryen, aperitif, soup ak desè; www.budgetbytes.com.
• Chak resèt ki sou sit "99 Cent Chef" la fèt ak engredyan ki koute 99 santim; www.the99centchef.blogspot.com.

Melanje Bagay Yo
Planifye manje semèn nan alavans elimine pwoblèm ke'w konn genyen chak 6 zè nan maten pou w'ap mande "ki manje ou pra'l fè?" Pa fè menm dine yo, li ap vin fatigan. Fè, pito bon resèt k'ap pote nouvo gou ak nouvo engredyan. "Lè manje ou byen balanse epi diferan kalite, li fasil pou konnen ke ou jwenn bon kantite eleman nitritif ki esansyèl yo," se sa doktè Deanna Minich eksplike, li se otè liv The Rainbow Diet. "Sa pa sèlman pote anpil eleman nitritif; li pote anpil benefis sante tou."

Ou Dwe Kreyatif
Ou ti kreyativite kapab pote plis avantaj nan manje fanmi an - epi pi agreyab. "Si ou konnen ke ou pra'l okipe anpil pou jounen an, fè yon ji ak fwi bonè nan maten. Pa bliye mete fwi ak legim ke ou p'ap ka manje pita yo ladan li," se sa dyetisyen Jillian O'Neill rekòmande. "Nan fen jounen an, ou gentan konsome anpil fwi ak legim san ou pa bezwen fè eksè nan sik." Pou ogmante fib fanmi an san yo pa konnen, ajoute grenn yo rele "flaxseed" oubyen "chia" nan ji fwi yo.

Fè Echanj Ki Entelijan
Pou yon ti dejene pou anpòte, boukante sereyal ki chaje sik la pou pen griye ak avwann bannann, pou kèlke kalori ak plis eleman nitritif k'ap satisfè sila ki renemn sik yo. Evite pòmdetè ak pwodwi lèt,chwazi pito chouflè ki chaje ak antioksidan ki gen menm gou a. Olye pou itilize bè oubyen mayonèz, eseye krèm zaboka ki chaje ak fib epi potasyòm ki bon pou kè pou fè sandwich yo, epi nan plas desè ki chaje ak sik ofri ti moso pòm, pèch, pwa ke ou chofe nan fou a ak kokoye griye oubyen avwann sou yo. Ti chanjman piti konsa ap pote bon rezilta k'ap dire lontan!