Yon ègorsyonè vann papye twalèt pou yon fanm pou yon pri tèt nèg.

David/stock.adobe.com

Veye pou moun pa pran w nan mètdam sou kesyon viris Kowona a!

Veye moun ki vle dòmi sou moun ki pè ak sa ki distrè
Veye moun ki vle dòmi sou moun ki pè ak sa ki distrè 

Lè w wè videyo yon vòlè k ap vòlè plizyè kit viris Kowona– COVID-19 ki fèt pou teste moun ki gen viris la, se kab pi move konpòtman yon moun fas a pandemi sa a jiskaprezan. Men sa pa dwe fè w sezi epi an reyalite sa dwe fè n sonje kouman pou nou veyatif tout tan, espesyalman nan tan sa a kote tout moun ap pòte atansyon yo sou kriz sa a. 

Se vre pandemi viris Kowona ap ankouraje majorite moun aji an byen – nan jan youn gen kè sansib pou lòt, nan jan youn pran ka lòt, nan jan majorite moun pran responsablite pou yo aji pou byen tout sosyete a – malerezman tou gen kèk moun ki pwofite  sikonstans sa yo pou dòmi sou moun ki pa enfòme epi sou moun ki fasil pran nan pyèj. Akòz esperyans nou ak siklòn epi pou jan siklòn yo konn kreye sitiyasyon difisil sa fè moun ki rete nan Sid Florid gen esperyans nan konbat mètdam, nan konbat vòlè, epi nan toke kòn ak moun k ap vann machandiz twò chè ak lòt k ap eseye pran nou nan fent lè nou pap veye sa n ap fè. Malgre nou gen esperyans, pou jan sitiyasyon sa a se pa yon sitiyasyon nou janm wè nan vi nou sa kab prezante kèk nouvo poblèm epi poblèm ki dire lontan. 

Malgre vòlè san konsyans sa a ki vòlè tès enpòtan sa yo, te toujou gen tout kalite nouvèl konsènan moun k ap pran pòz se nan lopital y ap travay oswa se nan FEMA y ap travay pou yo kab al kase kay moun. Jiskaprezan men kèk ka ki prezante nan Sid Florid: 

•    Moun k ap rele nan telefòn pou mande (Nimewo sosyal moun, Nimewo kontanbank moun, eksetera) pou fè moun konnen pou fè yo jwenn chèk gouvènman oubyen pou fè yo jwenn fason pou yo pran tès viris Kowona a. 
•    Moun k ap frape pòt moun epi di se pou depatman sante oswa pou kèk lòt biwo y ap travay pou yo kab antre anndan kay moun. 
•    Imel oswa reklam sou entènèt pou vann tès viris Kowona a oswa lòt podui ki an rapò ak viris la. 

“Depatman sante pap vin kote w lakay ou. Pesonn pap vin frape pòt lakay ou pou yo Tcheke si ou trape viris Kowona a, epi si ta gen yon moun ki vin frape pòt lakay ou pou di w sa, pa ouvè pòt ba li, rele lapolis,” se sa Chèf Lapolis la Jorge Colina di nan chèn televizyon WSVN.

Semenn pase a Pwokirè Jeneral la William Barr te avèti popilasyon an pou yo veye moun ki vin ak pyèj sa yo:

•    Moun k ap vann fo remèd sou entènèt pou geri viris COVID-19 la epi k ap fè lòt aktivite mètdam.
•    Imel ki sanble yo soti nan Òganizasyon Mondyal Lasante oubyen nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi. 
•    Move sit wèb ak move ap ki sanble y ap bay enfòmasyon sou viris Kowona a pou yo kab gen aksè a aparèy ou sèvi pou monte sou entènèt la epi pou yo lòk li jiskaske ou peye yo. 
•    Kote k ap ranmase lajan sou non òganizasyon ki pa legal oswa ki pa egziste. 
•    Kote ki pretann se klinik ki bay swen sante yo ye epi k ap rele moun pou mande yo enfòmasyon yo pou fè tès COVID-19 pou yo epi kote sa yo al sèvi ak enfòmasyon moun yo pran pou yo prepare fakti pou swadizan lòt tès oswa lòt swen medikal yo fè pou moun sa yo. 

Menm jan viris COVID-19 se gwo danje pou moun ki nan granmoun, se menm jan an tou kriminèl yo al dèyè menm granmoun sa yo. Men kèk konsèy ou kab suiv pou w evite pran nan pèlen moun k ap tann pyèj pou wou: 

•    Moun ki di w se ofisyèl gouvènman an yo ye, toujou mande yo kat didantite yo. 
•    Pa janm ouvè pòt bay yon etranje ki poko idantifye tèt li epi ki montre w kat didantite li. Menm si li gen idantifikasyon, pa ouvè pòt ba li, pale avè l dèyè pòt la pandan pòt la ret fèmen. 
•    Pa bay pesonn moun ou pa konnen enfòmasyon pèsonèl ou. 
•    Mefye w de nenpòt moun ki di w yo gen mwayen pou teste moun oswa yo gen medikaman pou viris la epi y ap eseye vann nenpòt ladan yo. 

Malgre se nòmal pou w fè moun konfyans epi pou w eseye ede lòt nan moman difisil sa yo, pa bliye gen lòt moun nan kominote a k ap eseye pwofite de okazyon kon sa. Plis tan k ap pase kote y ap mete kontwòl sou popilasyon an, se plis popilasyon an ap vin fristre, epi y ap kòmanse gen dezespwa. Se lè sa a ou pral wè plis moun k ap chèche mwayen pou yo pwofite de sitiyasyon an. Kontinye ret veyatif!