Èske vaksen COVID-19 yo ap pare pou ane lekòl kap vini an?

Studio Romantic/stock.adobe.com

Vaksen COVID-19 Yo ak Timoun

Vaksinasyon pou granmoun deja kòmanse, men timoun yo ap oblije rete tann?
Vaksinasyon pou granmoun deja kòmanse, men timoun yo ap oblije rete tann?  

Fen 2020 rive ak pi bon nouvèl posib - devlopman, apwobasyon ak kòmansman vaksinasyon kont COVID-19 la. Epi pandan ke konte a kòmanse aplike yon plan vaksinasyon toupatou, plan sa a, jis kounye an, timoun yo pa enkli ladan l, omwen, pa sou yon gwo degre. Rezon prensipal la se ke timoun yo pa popilasyon ki pi ekspose a viris COVID-19 la, byenke yo ka vin enfekte epi soufri sentòm grav. Nan kòmansman Desanm lan, Akademi Ameriken pou Pedyatri rapòte ke plis pase 1.4 milyon, oswa 12 pousan nan tout ka yo, se te timoun, ak plis pase 133 lanmò. 
 
De pli zan pli yap voye timoun yo tounen nan lekòl yo, pou tèt sa, paran yo bezwen ajou sou tout bagay ki gen pou wè ak vaksen COVID-19 yo, espesyalman pou timoun yo, ak lè pral gen yon pwogram vaksinasyon an gran pwopòsyon pou yo. Kounye a, gen anpil dout paske yo pa konnen si vaksen yo ap disponib pou timoun yo anvan kòmansman ane lekòl kap vini an, men paran yo ta toujou dwe pare pou sa. 

Test vaksen sou timoun  
Malgre ke devlopman vaksen pou granmoun te fèt ak yon rapidite ki pa gen egal, yo fèk kòmanse fè tès sou timoun. Tès vaksen Pfizer a sou timoun te kòmanse nan mwa Oktòb la, pandan ke tès vaksen Moderna a te planifye pou mwa Desanm. Men, vaksen sa yo se pou timoun ki gen12 an oswa plis. Jiska kounye an, tès ki pou fèt toupatou pou tibebe, timoun piti ak lòt jèn timoun pa ko kòmanse  

Èske ya p ansekirite? 
Jiska kounye an, vaksen COVID-19 yo pat montre anpil pwoblèm sekirite konsènan granmoun, men paske tès sou timoun fèk kòmanse, paran yo ap bezwen swiv syans la pou wè si sa ap menm jan pou timoun yo. Dapre sa Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC angle) a di, ap toujou gen efè segondè ki posib ak vaksen yo. Pi souvan, paske timoun yo gen yon sistèm iminitè ki pi fò pase pa granmoun yo, reyaksyon tanporè ak vaksen yo ka pi fò. Sa ta ka vle di, parapò ak granmoun yo, ap gen plis doulè ak anflamasyon tou pre zòn kote timoun nan pran piki a, e sa ta ka fè yo pi sansib a yon lafyèv lejè, byen ke sa pap twò diferan ak lòt vaksen ki san danje yo. Si, ou lè vaksen yo apwouve pou timoun yo, paran yo pa ta dwe panike si sentòm sa yo parèt. Anplis, yo ka jwenn konsèy nan men doktè yo. 

Èske pitit nou yo vreman bezwen pran vaksen COVID-19 la? 
Sijè Vaksen an antre nan mitan tout kalite konvèsasyon paran yo, men sa ki abityèl yo tankou difteri, tetanòs, polyo, lawoujòl, malmouton, ribeyòl, saranpyon ak epatit B deja pase pwèv ke yo san danje epi yo bay sosyete a anpil benefis. Si yo montre vaksen COVID-19 yo gen menm rezilta pou timoun menm jan yo genyen pou granmoun yo, lè sa a yo ta dwe fè pati efò jeneral la pou konbat pandemi an. Pwobableman, mouvman pou vaksine granmoun yo pa pral ase pou stope vag pandemi an paske pral gen yon gran pati nan popilasyon an ki pa vaksine; presizeman nan ka sa a, timoun yo ki ta ka yon nich kap kache viris la, e evantyèlman yo pral gaye li bay lòt moun. 
 
Kisa paran yo ta dwe fè jiskaske vaksen yo pare? 
Paran yo bezwen ensiste pou pitit yo kontinye fè bagay pwouve ki ka ede anpeche viris la gaye, tankou mete mask an piblik, kenbe distans sosyal epi lave men yo souvan ak savon. Paran yo bezwen kontinye vaksine timoun yo pou lòt viris ak maladi paske kounye an sistèm swen sante nou an twò chaje ak travay e li pa ko prèt pou jwenn yon ti souf. Yo ta dwe konsantre tou sou efè sosyal, emosyonèl ak mantal akòz izolasyon ak lòt restriksyon ki enpoze sou fanmi yo.