On koup ki kontan ak yon ti bebe.

Monkey Business/stock.adobe.com

Tounen on Paran Adoptif

Kisa pou ou konnen pou ou kòmanse
Kisa pou ou konnen pou ou kòmanse 

Mwa Me se mwa komemorasyon nasyonal swen adoptif, on rapèl pou nou konsidere 443,000 timoun ki nan swen adoptif nan peyi Etazini ki bezwen bon jan ankadreman – anviwon 3,500 nan timoun sa yo se nan konte Miami-Dade lan yo ye. 

TImoun yo vreman bezwen yon bon ankadreman ak lanmou, sitou nan kominote minorite yo, e pran responsabilite on timoun se on gwo pa nan direksyon pou adopsyon. Si ou ap konsidere responsab on timoun, enfòmasyon sa yo gendwa reponn anpil nan gwo kestyon ou gendwa genyen: 

Kijan mwen ka responsab yon timoun?
Moun ki gen potansyèl pou yo ta responsab on timoun dwe patisipe nan PRIDE (Parent Resources for Information, Development and Education) ki se yon fòmasyon ke yon ajans ki voye zye sou timoun ki nan pwogram swen adoptif lan òganize. Lè ou fini ak fòmasyon sa a, yo pral fè envestigasyon sou ou ak kay ou pou ou ka gen lisans ki pou otorize ou okipe on timoun ki nan pwogram lan.
 
Konbyen tan sa pran?
Preske de mwa minimòm, men li gendwa varye. 

Mwen ta vrèman renmen responsab yon timoun, men mwen pa marye.
Yon moun gendwa responsab on timoun san li pa marye oswa li viv poukont li. Moun sa a ka marye oswa menm omoseksyèl. Fòk ou gen omwen 21 lane, fòk ou fè ase lajan pou ou ka sipòte tèt ou, e fòk ou pase lòt kalifikasyon nesesè pou ou kapab rive travay ak timoun. 

Si mwen ta responsab yon timoun, ki sipò m’ap genyen?
Ajan ki responsab ka pa ou an gen pou li travay avèk ou pou edew jere swen ou ap bay timoun lan. Gen òganizasyon tankou South Florida Foster & Adoptive Parent Association nan zòn ou tou ki ofri konsèy ak zanmitay.

Èske m’ap resevwa èd finansyè?
Kòm responsab timoun yo, w’ap resevwa on montan lajan chak mwa ki ka sèvi pou depans ki nesesè pou ou okipe chak timoun ki nan swen ou lakay ou. 

Kijan pou mwen kòmanse?
Si ou entèrese pou ou ta responsab yon timoun, kontakte Our Kids of Miami Dade/Monroe nan nimewo sa a 305.455.6000 oswa nan info@ourkids.us

Sous yo: U.S. Department of Health & Human Services, Our Kids of Miami-Dade/Monroe ak the South Florida Foster & Adoptive Parent Association.