A teen’s face is completely obscured by smoke from an e-cigarette.

master1305/stock.adobe.com

Timoun Miami yo Kòmanse ap Itilize Sigarèt Elektronik ak Sibstans Vapè Anpil

Ekspè sante lokal yo ak pwofesè yo dakò ke pwoblèm lan ap ogmante
Ekspè sante lokal yo ak pwofesè yo dakò ke pwoblèm lan ap ogmante 

Kounye’a se sèten ke nou wè nan nouvèl danje sibstans vapè epi gwo kantite timoun kòmanse ap ran abitid pou ap itilize yo nan tout peyi a. Men malgre tout move nouvèl ak istwa n’ap tande yo, timoun yo kontinye ap itilize sibstan vapè sa yo. Nan Miami-Dade li pi grav toujou.

Dapre yon etid ke University of Miami’s Area Health Education Center fè, itilizasyon sigarèt elektronik ogmante anpil pandan dènye tan sa yo avèk pousantaj timoun ki ap itilize yo kounye’a pandan 30 jou ki sot pase yo chif yo sòti nan 2.60 pousan nan lane 2012 pou rive nan 16.50 pousan lane ki sot pase a.

Anpil enfimyè (nan lekòl sante) ap di ke sibstans vapè se yon gwo pwoblèm,” se sa Sabine Dulcio di, li se Direktè Pwogram nan The Children’s Trust, pandan yon reyinyon nan mwa Desanm pou pale sou pwoblèm lan. Youn nan pwoblèm yo se fason ke y’ap fè pwomosyon pou diferan savè sigarèt elektronik lan ofri, li fèt yon fason pou yo atire jèn yo pou vin itilize li. Pousantaj elèv nan Miami-Dade ki itilize sigarèt elektronik avèk Mariwana (oswa lwil CBD) li prèske rive 30 pousan nan elèv ki nan premye sik segondè ak klas segondè yo di ke yo eseye li deja.

Sitiyasyon Florid la grav anpil li depriman avèk 17 pousan tout timoun ki nan premye sik segondè ak klas segondè yo di ke yo deja itilize yon pwodwi sibstans vapè mwa pase a epi yon ka nan men gwoup sa di yo eseye sigarèt elektronik avèk lwil mariwana.

Menm jan pwoblèm itilizasyon sigarèt elektronik parèt grav pami jèn nou yo, se menm jan li grav tou ke anpil paran sanble pa wè jan sibstans vapè grav. “ Paran yo di menm lè yo retire (sigarèt elektronik) lan nan men yo, lòt paran yo vini yo reprann yo. Paran yo panse ke yo pa yon danje pou timoun yo men nou konnen ke se pa vre,” se sa Dulcio di.

Youn nan manm ekip Trust la Daniel Bagner di ke òganizasyon pwoteksyon timoun yo dwe reyaji sou pwoblèm sa menm timoun ki nan anvan klas segondè ap itilize sigarèt elektronik sa gen move enpak sou ane lekòl la. “Sa kòmanse bonè. Timoun nan premye sik segondè kòmanse ap itilize yo,” se sa li eksplike. “Si nou vle panse sou prevansyon nou dwe kòmanse bonè.

Pandan The Children’s Trust ap chèche pran gwo aksyon pou diminye itilizasyon sigarèt elektronik yo nan Miami atravè kanpay li yo ak edikasyon lane k’ap vini an, paran yo dwe reyaji rapid pou timoun yo pa pran move abitid, oswa si yo deja kòmanse, ede yo pou yo sispann. Premye etap la se toujou aple ak pitit ou. Eksplike ke sigarèt elktronik gen danje – yo gen nikotin ki ka atake sèvo jèn adolesan. Li gen lòt move engredyan ki ka antre fon nan poumon ki ka vin anpeche ou respire epi ki ka ba ou maladi nan poumon.

Paran yo dwe pran randevou doktè pou ka pale ak timoun yo de danje ki asosye ak sigarèt elektrik yo epi lekòl yo dwe ranfòse règleman kont tabak yo.

Paran yo ka rele tou 2-1-1 pou ka jwenn lòt resous ki disponib pou fè prevansyon oswa anpeche itilizasyon sigarèt elektrik yo ak tout lòt kalite pwodwi adiktif yo.