Yon jèn tifi ki kenbe yon papye ki gen desen yon kè valanten.

yanadjan/stock.adobe.com

Timoun Ki Gen Ti Renmen

10 konsèy enpòtan ke paran yo bezwen
10 konsèy enpòtan ke paran yo bezwen 

Laj pou timoun yo kòmanse gen santiman womantik varye anpil. Kèk ladan yo, kòmanse ak santiman sa yo nan fen lane klas elemantè yo; pou kèk lòt, se nan kolèj. Men kèlkeswa laj pitit ou ke yo kòmanse gen santiman womantik oswa yo poko, paran yo dwe gentan pare pou fè dyalòg alavans sou sijè a pou bay yo bon konsèy. Men kòman:

1. Pare teren an. Pran relasyon pitit ou yo oserye. Santiman say o nòmal epi y’ap ogmante pandan y’ap grandi. Sonje, jan yow è epi kontwole womans yo ap rete grave nan tèt yo pou tout lòt relasyon ke yo pra’l genyen nan vi yo.

2. Li enpòtan ke nou pale menm langaj la. Mande pitit ou ki opinion li sou “renmen,” oswa “gen mennaj.” Epi bay opinion pa’w epi lè w’ap fè sa, ranfòse enpòtans pou toujou gen respè pou tèt pa’w ak pou lòt la.

3. Kite pòt louvri pou dyalòg. Si relasyon an ap vin pi solid, kenbe dyalòg yo pou kapab toujou konnen evolisyon relasyon an. Pose kesyon pètinan tankou: “Kisa ou renmen nan moun sa?” “Kòman yo trete’w?” Èske moun sa respekte’w?” Sa fè pitit ou reyalize kisa ki enpòtan nan yon relasyon.

4. Etabli epi diskite limit ki dwe genyen nan relasyon. Li ka gen ladan’l tankou paka rete poukont yo , paran dwe nan kay la lè y’ap kontre, limit nan touche youn lòt, sosyalize ant gwoup olye youn ak lòt epi etabli lè pou visit, eksetera. Li enpòtan tou pou pitit ou konprann poukisa tout kontwòl sa yo, pou yo kapab kòmanse devlope bon abilite pwotektif pa yo.

5. Pa kite yo fokis sous a sèlman. Fè yo sonjen enpòtans pou rete fokis sou lekòl ak lòt aktivite enpòtanyo, epi pa bliye zanmi yo. Etabli limit sou kantite tan yo ka pase ak mennaj yo, ansann ak tan yo pase nan telefòn ak sou entènèt.

6. Kontwole danje sou entènèt yo. Kalite mesaj jèn yo ap resevwa nan mizik, televizyon, fim, liv ak magazine, yo chaje ak lanmou, sèks ak relasyon. Rasire’w ke mesaj y’ap resevwa pa kontradiktwa ak valè moral fanmi an. Pa ezite pou pwofite nepòt okazyon pou diskite sou faktè moral sa yo san fè kont. Konnen ke yo ka poze nenpòt kesyon, espesyalman si vale moral pa’w yo pa men’m ak sa yo wè nan vi sosyal yo ak zanmi yo. Tout sa se nòmal, men li pa nesesè pou refize, sa’w kwè ladan’l yo ou menm.

7. Konnen ak kiyès yo byen. Kamarad lekòl gen anpil enfliyans sou jan pitit ou reflechi, pale oswa aji. Ankouraje pitit ou menen zanmi’l lakay ou pouk a konnen yo epi wè kijan yo aji.

8. Pa anpeche yo gen emosyon pa yo. Respekte santiman pitit ou yo, menm si yo parèt banal. Espesyalman pou ti gason, ki souvan panse ke sosyalman yo bezwen kraze yo. Epi menm kote a, aprann pitit ou pou yo byen reflechi avan yo pran desizyon, pa kite emosyon kontwole yo.

9. Bay sipò’w. Relasyon ant anpil timoun nan laj 10 pou rive 19 lane pa dire lontan. Lè relasyon yo kanpe, swa nan bon oubyen move fason ou dwe bay sipò pou montre ke ou konprann yo sa ap ranfòse lyen ki genyen ant oumenm ak pitit ou.

10. Konnen ki lè pou entèveni. Si yon relasyon depase limit yo, pitit ou kòmanse obsede oswa ou kòmanse wè konpòtman ki pa nòmal, kontakte konseyè lekòl la oswa lòt pwofesyonèl nan domèn lan ki ka ede’w.