Entèn elèv yo travay anba sipèvizyon anplwaye Trust Timoun yo.

The Children’s Trust

Summer Youth Internship Program ete a Retounen ak an fòs ane sa a

Elèv yo ka jwenn esperyans travay lavi toutbon gras a estaj peye
Elèv yo ka jwenn esperyans travay lavi toutbon gras a estaj peye 

Anpil fwa paran gen difikilte bay timoun yo bagay pou yo fè epi evite pwoblèm pandan mwa ete yo. Sa deja difisil pou w jwenn aktivite pou bay timoun yo fè, men jwenn yon bagay pwodiktif pou yo ka fè yo santi se tankou yon mirak y ap tann. Fè yo fè esperyans lavi a toutbon pou travay yo va genyen pi devan se pa babay ki posib, pa vre? E si yo peye w pou w fè sa?

Kwak sa a ka sanble yon bèl senaryo, Pwogram estaj pou jèn pandan ete a (Summer Youth Internship Program – SYIP) reponn a tout kritè sa yo, epi plis ankò. Elèv Miami-Dade County ki pral nan 10yèm ane rive nan 12yèm ane kapab kalifye pou pwogram lan nan lekòl yo. Fè pitit ou di pwofesè yo pale yo de pwogram nan epi fè yo enskri avan 14 me.

Ane ki sot pase la a, Pwogram estaj pou jèn pandan ete a (Summer Youth Internship Program – SYIP) yo te ajiste sou plas – tankou tout lòt bagay – pou l adapte ak difikilte COVID-19 yo. Pwogram nan transfòme pou l pran yon fòma an liy nèt ak plizyè milye elèv nan Sid Florid ki pran avantaj sa ak fè yon estaj 5 semèn nan kèk antrepriz ak òganizasyon nan tout Miami-Dade County. Ane sa a, estaj yo ap sou 3 fòm: an liy, melanj anliy e an pèsòn, epi an pèsòn.

"Sa yo se etidyan ki pral travay, y ap genyen esperyans lavi toutbon, epi n ap peye pou yo, nou pral louvri yon kont labank pou yo, y ap gen asirans epi yo pral jwenn kredi pou etid segondè yo," pawòl James Haj, PDG The Children’sTrust, ki te patwone pwogram nan pou 5 ane ki sot pase la yo.

"Pwogram estaj yo te ede kreye yon sans jesyon ak endepandans pami jèn yo," pawòl Lesdisney Rodrigues, manadjè pwogram òganizasyon Hope for Miami ki patisipe nan pwogram nan. Estajyè yo resevwa konpetans ak eksperyans ki konplè. Li di: "Pandan tout estaj sa a, mwen te aprann jere tan mwen epi m aprann fason pou m panse byen vit lè yon pwoblèm prezante. Pi bon bagay mwen te aprann se fè diskou piblik".

Pou konpayi ki patwone estajyè yo, avantaj yo depase santiman ki fè moun anvi wè byennèt lòt. "Chak ane, estajyè nou yo montre yo vo anpil pou konpayi an. Bay estajyè travay pote nouvo pèspektiv pou travayè nouvo jenerasyon an," pawòl Alex Funkhouser, PDG konpayi SherlockTalent nan North Miami Beach.

Pwogram nan tou bay etidyan yo yon bourad pou opòtinite karyè pi devan. Haj di: "Anplwaye yo anboche moun yo konnen, lè ou gen plas ki ouvè ou gen tandans anboche yo. Epi nou se yon temwayaj. The Trust te anboche plizyè anplwaye ki soti nan Pwogram estaj pou jèn pandan ete a.” Li kontinye: "Pou etidyan yo, se yon opòtinite pou yo pran gou epi pou yo tonbe damou pou sektè afè a. Epi pou devlope epi rafine ladrès ki nesesè pou w reyisi nan lavi a.

Pou plis enfòmasyon, vizite Miami.GetMyInterns.org.