Spooky Symphony tounen.

Gregory Reed

Spooky Symphony Tounen An Dirèk Ak Bèl Mizik Laperèz

Greater Miami Youth Symphony ak Alhambra Orchestra pral pèfòme 24 Oktòb
Greater Miami Youth Symphony ak Alhambra Orchestra pral pèfòme 24 Oktòb 

Pwal bra w kanpe, chèdepoul ak fredi w santi kap kouri monte dèyè kou w vle di yon sèl bagay - Spooky Symphony a tounen, an pèsòn pou 12yèm ane li Dimanch, 24 Oktòb, 4 pm.

Spooktacular Spooky Symphony, The Children’s Trust te prezante ane pase te vityèl tankou anpil lòt plezi. Men, ane sa a, laperèz ap tounen an pèsòn nan Oditoryòm Miami-Dade County pandan yon konsè kote Alhambra Orchestra ak Greater Miami Youth Symphony pral pèfòme.

Pandan ke Greater Youth Miami Symphony ap frape sou sèn nan, videyo pral projte dèyè òkès ??la. The Alhambra Orchestra ap nan videyo tou. Huifang Chen pral dirije Greater Miami Youth Symphony, e Daniel Andai pral dirije The Alhambra Orchestra.

Pandan Spooky Spectacular ap gen tèm fim ak mizik ki soti nan Superman, Batman, Pirates of the Caribbean elatrye. Kòm toujou, nou envite spektatè yo vin degize po ajoute nan divètisman ak anbyans festivite a.

Trust Prezidan ak CEO James R. Haj di "Kòm sosyete a preske tounen jan bagay yo te ye anvan an, nou kontan nou ka selebre Spooky Symphony an pèsòn," "Lè nap tande bon òkès ??sa yo jwe tèm popilè an pèsòn sa fè nou sonje gen kèk bagay ki pa menm lè yo fèt vityèl."

Konsè a toujou yon fason espesyal pou resevwa sezon fèt la, e ane sa a li pi espesyal paske lap reprezante retou nan tradisyon ak jou ferye yo jan sa dwe ye.