Yon jèn ti gason ki ap ri.

digitalskillet1/stock.adobe.com

Souriyan

Ranfòse sante dantè pitit ou!
Ranfòse sante dantè pitit ou! 

Si pitit ou ta gen dant ki gate, yo pa poukont yo. Dapre American Academy of Pediatric Dentistry, kari dantè se youn nan maladi ki pi popilè nan mitan timoun, sa depase pwoblèm manje. Anreyalite, li kat fwa pi popilè ke maladi obezite, senk fwa pi popilè ke maladi opresyon epi 20 fwa pi popilè ke maladi dyabèt. Epi kèk timoun espesyalman gen tandans gen kari. Dapre rechèch ke Journal of Public Health Dentistry fè montre ke 70 pousan kari dantè nan anfans yon moun gen 8 pousan se pandan moun lan te piti, petèt akoz twòp kantite sa yo rele “Streptococcus mutans bacteria,” bakteri ki soti nan pwodwi ki fèt ak lèt se youn nan faktè ki lakoz kari dantè. Men menm si pitit ou pa gen kari oswa li abitye ranpli twou nan dan li, ou ka toujou ankouraje pou pi byen pran swen dan yo, kòmanse jodia.

Nan Kòmansman: Nan Laj 5 Lane
Premye ti dan souvan parèt nan laj 6 mwa, men paran kòmanse fè preparasyon pou dan ti bebe avan yo kòmanse parèt. Itilize, yon ti sèvyèt pwòp mouye pou netwaye kras manje, lèt kou’l fin tete aka van li al dòmi. Sa fè li kòmanse s konprann sansasyon ke yon bwòs dan ra’l genyen, epi sa ede kenbe jansiv yo ansante, se sa pedyat Kate Lambert di.

“Ti bebe ak timoun toujou kontan ak yon bagay ki amizan, senp epi ki fèt tout tan,” se sa Lambert di. “Li enpòtan pou nou toujou bwose dan nou avan n’al dòmi pou ka retire tout kras manje pandan jounen ki te ka ogmante chans pou gate dan’w pandan w’ap dòmi. Mwen toujou di fanmi mwen pou yo pran sa pou abitid avan y’al dòmi. Benyen, liv, boutèy, bwòs epi kabann!” Chante oswa oswa li yon liv espesyal pandan w’ap bwose dan ou, tankou chante Alicia Padron an ki rele Brush, Brush, Brush! (lidisponib nan sistèm Miami-Dade Library a) oswa Sesame Street Ready Set Brush! sa ka ede pi piti yo ki bezwen yon ti distraksyon pou yo ka fè sa.

Pale Kare: Laj 6-12 Lane
Premye vizit kay yon òtodontis – menm aparèy òtopedik pou ranje fòm dan kapab vin yon posibilite nan òdonans doktè a. Paran yo toujou sezi pou yo konnen ke li rekòmande pou konsilte yon òtodontis nan laj 7 tan ak timoun yo, epi kèk timoun oblije mete aparèy òtodontik pou ranje fòm dan nan laj 8 lane. Tli pa twò bonè pou timoun ki nan klas dezyèm lane mete aparèy pou ranje dan, se sa dantis pedyat Kim K. McFarland di, espesyalman pou timoun ki move fòm danti, oswa machwa yo pa byen aliyen youn sou lòt.

Tretman òtopedik yo la pou korije defo sa yo pandan timoun yo ap grandi, pou yo ke gentan gen bèl fòm dan anvan ke yo kòmanse fòme nan laj 10 zan. Gen de kalite aparèy dantè pou timoun yo: premye a pou laj 8 ak 10 zan epi dezyèm lan pou laj 12 zan. Li pa konsa pou tout moun; pou mete aparèy dantè ou dwe gen abitid toujou bwose dan (paran ki gen timoun ki pa renmen bwose dan yo, pran nòt) konnen ke se pa tout fanmi ki gen ki vle oswa ki gen posibilite pou peye pou tretman òtodontik. Kòm lòt posibilite, McFarland di paran yo ka mande pou lòt kalte aparèy ki pa twò anvayisan pou ede timoun yo pandan y’ap grandi.

Netwayaj Pwòp: Laj 13-18 Lane
Transizyon pou vin endepandan ka vle di plis kari pou jèn yo, se sa Lambert di. Prèske mwatye jèn timoun te genyen pou pi piti yon kari dantè, epi 13 pousan gen kari dantè ki pa janm trete. Men kòm jèn yo pa pèdi dan – dènye dan ti bebe a tonbe nan laj 13 lane – Bon ijyèn dantè pi enpòtan toujou.

“Adolesan gen plis chans gen kari dantè gen plizyè rezon pou sa, yo pa jwenn èd paran yo pou ba yo konsèy, gen aparè ki pa fasil pou netwaye epi gen bagay manje pou pa manje lè ou genyen yo nan dan ou, tankou sirèt bwè soda,” se sa Lambert fè konnen.

Paske adolesan yo plis fokis sou aparans yo ak bote yo, yon ti rapèl pou di ke bouch yo dwe toujou santi bon kapap ankouraje yo plis, bwose dan souvan epi toujou itilize fil dantè. Itilize yon nòt sou glas nan twalèt la pou fè’w sonje pou bwose dan epi itilize fil dantè; epi chèche videyo sou YouTube ki montre ki jan vye abitid tankou fimen, manje chiklèt oswa bwè soda ka gen gwo enpak sou dan yo pou lavi, se sa Lambert di. “Eksplike ak detay kòman kari yo fòme ka ankouraje piti fè plis efò pou pran swen dan yo pi byen.”