Girl smiling giving a thumbs up

Rolf Bruderer/Blend Images/Thinkstock

Soti nan Renmen-Plenyen pou Rive nan "Pa Gen Pwoblèm!"

Teknik bay bon egzanp epi itilize resous ki disponib ka ede paran yo transfòme pesimis pou fè yo tounen optimis. "Timoun imite emosyon paran yo depi sou sizyèm jou yo fèt la; se youn nan fason prensipal ki ede yo aprann epi grandi," se sa Doktè Christine Carter di, li se otè liv Raising Happiness: 10 Simple Steps for More Joyful Kids and Happier Parents. "Se pou tèt sa paran ki eksprime yo avèk optimis jwenn timoun ki imite konpòtman yo a." Pou ka ede yon timoun genyen yon pi bon atitid, swiv estrateji senp Carter yo:

Toujou disponib pou bay afeksyon. Dapre rechèch ki fèt nan University of Pennsylvania, Timoun ki gen paran ki demonstratif, ki sousye, yo pi optimis, se sa Carter remake. "Afeksyon ak atansyon paran se - pa yon sipriz - esansyèl pou timoun devlope konfyans nan mond lan. Lè timoun genyen yon baz solid ak paran yo, yo gen tandans wè mond lan avèk yon atidid pozitif."

Ankouraje pou pran risk. Aprann kijan pou fè fas ak defi epi kontwole fristrasyon se baz solid pou konstwi yon optimis. "Lè nou fè erè epi nou aprann de yo menm, nou aprann tou ke nou kapab simonte eprèv k'ap tann nou pi devan," se sa Carter di. "Sa fè ou pozitif konsènan avni a." Toujou rasire ke tout eprèv ke timoun ou ka rankontre pa twòp pou laj li pou evite ke li fè menm erè plizyè fwa ak pratike move tandans dezespwa.

Ankouraje tout efò. Rekonèt lè timoun ou envesti enèji ak anpil efò - ke sa bay bon oubyen move rezilta - apresye volonte ki manifeste pou al chèche amelyorasyon. "Elòj optimis pou aksyon pozitif ap bay bon rezilta sa ap ankouraje repetisyon bon aksyon sa yo sa ap toujou benefisyè pou moun ki resevwa elòj la," se sa Carter eksplike. Di timoun ou bagay tankou, "Mwen ka wè ou travay di anpil sou desen sa... mwen ka wè pasyon'w pou w'ap fè a," felisite volonte ke yo genyen pou fè yon bagay nouvo, li ajoute.

Montre kote pozitif yo. Ankouraje timoun ou pou rakonte bon bagay ki rive yo pandan jounen an. "Mande kisa ki te byen pase epi poukisa," se sa carter di. Ede yo konprann poukisa epi kijan kèk bagay fè nan avantaj yo sa ka ranfòse lide pou genyen yon santiman kontwòl oubyen pouvwa sou sa ki rive a, ki pi devan pra'l ede devlope plis optimis lakay yo. Pou lòt lè ke bagay pa ale byen yo ede yo jwenn kote pozitif yo. "Chache kote ki pozitif la konn pa fasil... men yon desizyon pou ranplase move santiman ak bon santiman," li enpòtan, se sa Carter konseye.

Chanje bagay yo. Rekonesans ale men-nan-men avèk kosepsyon yon 'vè-ki-mwatye-ranpli.' "Ankouraje timoun yo pou yo chèche kote pozitif nan bagay ki negatif ede nan devlopman yo epi sa ankouraje chanjman," se sa Carter di. Eksperyans konn souvan pwovoke yon pèsepsyon, ki soti nan yon lide pesimis pou rive nan youn ki pi pozitif.