Dansè soti nan Thomas Armour Youth Ballet patisipe nan yon pèfòmans.

Gregory Reed

Soti nan Dans Bale Pase nan Pogram Apre Lekòl a Distans Rive sou Frennen pa ann Aryè Elèv fè Pandan Ete a

Pogram Thomas Armour pandan ete a pral konsantre sou kenbe nivo konesans timoun yo nan nivo klas yo ye a
Pogram Thomas Armour pandan ete a pral konsantre sou kenbe nivo konesans timoun yo nan nivo klas yo ye a 

Nan pogram dans balè Thomas Armour la bagay yo ap vanse rapid, epi nou pap pale de klas dans yo sèlman. 

Depi nan mitan mwa d mas la, pogram dans lan ki te konn jere 4 pogram sansibilizasyon depi 20 lane nan kèk katye pòv nan Miami, pogram nan te kòmanse ap bay sèvis li yo sou entènèt pou plis pase 1000 fanmi ki te pran pa nan pogram li yo. 

Malgre Thomas Armour trase bon egzanp sou kouman yon moun dwe byen adapte l ak pandemi an, anplwaye yo ak administratè yo deja ap fè plan pou ete a lè sosyete nou an pral fè fas ak yon lòt frap viris Kowona a. 

“Sa ki ban nou plis enkyetid se aktivite nòmal pandan ete a epi jan bagay yo ap vin pi difisil ane sa a,” sa yo se pawòl Ruth Weisen, yon direktè egzekitif atistik. 

Erezman, esperyans pogram nan gen tan fè pandan apeprè 2 mwa nan fè aktivite apre lekòl a distans pou timoun yo, esperyans sa a pral ede pogram nan konsantre ankò sou aktivite y ap prepare pou ete a. Anplwaye yo ak pofesè yo gen esperyans kounye a ak pogram pou ede yo travay ak etidyan yo epi pou fè etidyan yo enterese nan aktivite y ap fè yo. Elèv yo ak fanmi yo resevwa konpitè tou pou yo kab pran pa nan aktivite yo. 

Apa de ekipman an ak fòmasyon yo resevwa, Weisen di 2 mwa sa yo kote Thomas Armour tap fè aktivite a distans ak elèv yo sa fè yo wè sa ki mache ak sa ki pa mache lè y ap eseye travay ak timoun. 

“Pou anpil timoun ki deja ap redi ak aktivite yo, si sa n ap fè a pa enteresan, yo pap monte sou entènèt la pou yo vin pran pa nan aktivite yo,” se pawòl Weisen. “Nou te deja gen yon defi pou nou fè aktivite yo enteresan men pandan ete a n ap oblije fè aktivite yo pi enteresan toujou epi fè elèv yo pran pa nan aktivite yo plis toujou. Sezon ete a ap vin yon pi gwo defi. “

Yolando Washington di lè pandemi a fèk fè yo fèmen lekòl yo, pitit fi l la te pè pou l pa t vin izole. Epi Washington di “(kounye a) li pa ka tann pou l al rankontre ak kanmarad lekòl li yo epi ak pofesè yo sou Zoom…epi li wè zanmi l yo a distans.”  

Nan pogram Thomas Armour la yo toujou ap chèche mwayen pou fè aprantisaj ak aktivite lekòl yo pi enteresan, yo menm fè kèk egzèsis lekòl sou fòm jwèt, yo li liv pou etidyan yo epi yo chèche lòt fason pou ankouraje elèv yo pran pa nan jwèt yo epi nan aktivite yo pandan y ap suiv istwa yo. Pandan ete a, pogram nan pral kreye mwayen pou elèv yo al nan joune vityèl ansanm a distans kon sa pou yo kab bay timoun yo chans al diferan kote si yo pa kab al la an pèsòn. 

Malgre Weisen di nouvo reyalite sa a kote n ap anseye a distans lan yon jan deranje koneksyon pèsonèl ant pwofesè ak etidyan, nan yon sans pandemi sa a pèmèt Thomas Armour wè jan etidyan yo viv. 

Weisen di “Ou kab wè anndan kay yo. Ou kab wè ki moun k ap antre soti, nan ki kondisyon y ap viv. Sitiyasyon sa a ban nou enfòmasyon nou pa genyen dabitid.” 

Lè elèv yo konekte ak pofesè a epi ak lòt moun k ap pran pa nan aktivite yo sa vle di yo menm tou yo pran pa nan yon aktivite sosyal ki enpòtan pou yo menm jan ak travay lekòl yo. Weisen di “Yo manke koneksyon pèsonèl sa a. Nonsèlman ak pofesè yo men ak lòt timoun yo tou.” 

“Mwen renmen pogram nan anpil. Sa pèmèt ti medam mwen yo ret an kontak ak zanmi yo epi ak anplwaye TAYB yo. Pofesè yo travay ak menm materyèl yo epi nan menm espas la tankou lè elèv yo te konn chita fas a fas avè yo,” sa yo se pawòl Madan Charles, paran 2 timoun. 

Carina Fernandez, ki gen 2 timoun k ap pran kou Thomas Armour yo, dakò ak pawòl sa yo.

Men sa manmzèl di “Pou fanmi mwen, sa ede nou anpil pou pogram nan kontinye fè aktivite sa yo sou entènèt. Sa pèmèt pitit fi m yo pran kontak ak kanmarad lekòl yo epi ak pofesè yo. Sa ede yo fè fas ak restriksyon karantèn nan egzije yo.” 

Ap chache wè kisa pitit ou yo disparèt nan Thomas Ballor Youth Ballet? Tcheke yon nouvo karakteristik sou StayHome.Miami ak 13 videyo nan enstriksyon dans nan ekspè pwogram lan. Fè pitit ou pataje mouvman dans yo nan yon videyo epi afiche li sou Instagram, tag @thechildrenstrust ak @taybballet epi itilize #StayHomeMiami, #TheChildrensTrust, epi ou ka genyen yon sètifika kado $200 pou klas nan Thomas Armour Youth Ballet.