Yon jèn ti fi Panyòl fikse nan telefòn li pandan li nan kabann nan.

Photo by shangarey/stock.adobe.com

Siy Pitit ou Adikte ak Ekran

Jan pou kase abitid la
Jan pou kase abitid la 

Pou tèt pandemi an, lekòl, bank ak entèraksyon sosyal depann de entènèt la, li fasil pou timoun ak paran yo nan sa twòp. Men, kisa ki twòp?

Selon endistri ak sit entènèt konsomatè Statista, depi Jen 2020, kantite timoun depi nesans jiska 17 an ap itilize aparèy elektwonik plis pase 4 èdtan nan yon jounen. Tan an double de 21% a 44%. Se timoun nan laj 5-10 an ki ogmante plis de 17 % a 44 %. Pou timoun ki gen 5 an ou mwens, Organizasyon Mondyal Lasante bannou yon gid tan pou ret gade yon ekran. (Li mwens ke inèd tan)

Twòp tan devan yon ekran ka fè pè paske kortèx selebral kontwole panse kritik ak rezònman. Yon etid Enstiti Nasyonal Lasante (NIHangle) di ke timoun ki pase plis pase de zèdtan pa jou sou ekran gen pi ba nòt nan egzamen lang ak panse. Kortèx selebral sa ki pase plis pase sèt èdtan nan yon jounen sou ekran vin frajil.

Gen plizyè siy ki montre itilizasyon ekran pitit ou vin tounen yon adiksyon. Siveye siy sa yo:

Pèdi enterè nan lòt aktivite. Èske adiksyon pitit ou ak ekran lakòz yo sispann jwi espò, lekti ou pase tan ak zanmi ak fanmi?

Se sa sèlman ki nan tèt yo. Menm lè pitit ou pa sou yon aparèy dijital, èske se sou sa sèlman yo pale?

Pa janm ka ase. Èske pitit ou plenyen pou yo pase plis tan sou aparèy yo, menm apre yo fin pase plizyè èdtan sou yo.

Bay manti sou aparèy dijital. Èske pitit ou al sou aparèy yo an kachèt menm lè ou te di yo non?

Etap Pou Pran Pou Elimine Abitid Gade Ekran

Premye bagay pou fè se etabli ak vreman suiv yon orè. Yo pral plenyen oswa krye pou sa okòmansman, men talè yo pral oblije respekte sa. Pa mete orè tan ekran lè pitit ou ta dwe li, jwe ak frè ak sè ou fè lòt aktivite.

Yon jan kap pi pozitif pou limite tan ekran ak elimine depandans sou sa se asire w ke pitit ou sòti ak fè aktivite fizik. Patisipasyon nan ekip oswa espò endividyèl repran. Mwens tan entansif ou lòt metòd tankou sòti ak chen w, al nan pak oswa nan yon sant komèsyal bon tou.

Eksepte sware sinema Tan an fanmi pa dwe gen anken ekran ditou. Se yon lòt opsyon pou pa nan monn dijital la. Fè yon efò priyoritè pou manje ansanm, menm si orè nou pèmèt sa yon fwa ou de fwa pa semèn. Li ta pi bon toujou si pitit ou ede w kuit manje a, ou prepare tab la.

Jwèt leswa ta dwe gen ladan l ansyen jwèt tab ou charad. Menm si pitit ou ta reziste okòmansman, wap wè timoun yo ap plis anvi jwe avè w si w vreman montre yo ou anvi jwe.

Finalman, paran yo dwe pratike sa yo preche epi pale ak pitit yo sou danje nan pase twòp tan ak aparèy dijital. Sa pap mache si w mande timoun yo sispann jwe nan iPad, òdinatè oswa aparèy mobil lè w wap fè menm jan. Ap gen anpil diferans lè gen diskisyon klè ak onèt sou danje lè w rete twòp nan monn dijital lan.