Boy holding up I voted sticker peace hand sign

Sivik pou Timoun

Pou nou ka leve timoun yo ak bon prensip sivik, nou dwe dabò edike timoun yo sou biznis sivik yo.

Konprann kijan gouvènman ak branch li yo fonksyone – epi montre aklè diferans ki genyen ant fonksyon sa yo ak enpak yo sou moun nan mond reyèl la – se pi bon fason pou enplike timoun yo nan pwosesis politik yo k’ap kapab ede yo nan kotidyen yo.

Soti nan liv pase nan video pou rive nan entènèt, gen yon pakèt chwa disponib pou paran yo, pwofesè, moun ki konn bay swen k'ap ede timoun yo jwenn konesans yo bezwen pou yo tounen pwòp defansè tèt pa yo. Men kèk ladan yo:

Sitwèb

iCivics ke Sandra Day O’Connor, yon retrete Supreme Court Justice la te kreye, sitwèb la ofri yon pakèt jwèt entèraktif ak mwayen fòmasyon ki ka ranfòse konpreyansyon timoun yo sou zafè gouvènman epi ankouraje angajman sivik.

We the Civics Kids Video, jwèt ak plan leson ke ou ka telechaje sou sijè tankou dwa vote, angajman sivik ak pèsonaj piblik ak aktivis ki enpòtan yo.

Video ak DVD
  • 1776 (1972) Apre li te demare nan Broadway, komedi mizikal sa konsènan batay peyi nou pou'l te pran endepandans li epi anpil move jou ki te mennen nan 4 Jiyè, 1776, rive sou gwo ekran. Rated PG (sa vle di yon pwogram ki pa pou timoun); seksyalite, anpil gwo mo.
  • All the President’s Men (1976) Fim sila ki te genyen yon trofe Oscar, montre libète laprès ak koripsyon politik eskandal Watergate la. Rated PG (sa vle di yon pwogram ki pa pou timoun); anpil gwo mo, moun k’ap fimen sigarèt.
  • Iron Jawed Angels (2004) Yon vre istwa ki montre mouvman dwa fanm yo pou vote. Not rated (sa vle di pwogram sa pa’t kontwole); li gen imaj fòse moun manje ladan'l.
  • Selma (2014) Martin Luther King, mach manifestasyon ki fè istwa Junior la soti nan Selam pou rive Montgomery, Alabama, kòm sipò dwa pou tout moun kapab vote, se sa yo montre nan fim sa. Rated PG (sa vle di yon pwogram ki pa pou timoun); seksyalite, moun k'ap fimen sigarèt, anpil gwo mo, diskriminasyon ras, vyolans.
  • America Schoolhouse Rock! Apre “I’m Just a Bill,” seri tikomik edikasyonèl sa ke anpil moun renmen an gen ladan li tou anpil leson edikatif ak sou gouvènman, tankou “Fireworks” ak “The Preamble.” Jwenn yo sou DVD nan libreri oubyen chèche video yo sou YouTube.

Tout video/DVD sa yo disponib nan sistèm Miami-Dade Public Library.

Liv
  • The Ballot Box Battle yon liv ke Emily Arnold McCully ekri Lane 3-7
  • If I Were President yon liv ke Catherine Stier ekri Lane 4-8
  • We the Kids: The Preamble to the Constitution of the United States yon liv ke David Catrow ekri Lane 5-8
  • Grace for President yon liv ke Kelly DiPucchio ekri Lane 5-9
  • We the People: The Constitution of the United States yon liv ke Peter Spier ekri Lane 5-9
  • The Youngest Marcher: The Story of Audrey Faye Hendricks, A Young Civil Rights Activist yon liv ke Cynthia Levinson ekri Lane 5-10
  • Separate Is Never Equal: Sylvia Mendez & Her Family’s Fight for Desegregation yon liv ke Duncan Tonatiuh ekri Lane 6-9
  • A More Perfect Union: The Story of Our Constitution yon liv ke Betsy Maestro ekri Lane 6-10
  • That’s Not Fair!: Getting to Know Your Rights and Freedoms yon liv ke Danielle McLaughlin ekri Lane 7-11
  • How the U.S. Government Works yon liv ke Syl Sobel ekri Lane 8-11

Tout liv sa yo disponib nan sistèm Miami-Dade Public Library.