Òkès sou podyòm anba yon gwo ekran ki ap montre plizyè eskelèt k'ap danse.

Joshua Prezant

Senfoni Efreyan

W'ap renmen bèl konsè efreyan sa anpil!
W'ap renmen bèl konsè efreyan sa anpil! 

Pandan limyè a ap fennen w'ap wè degizman jwèt tankou sòsyè, fantom ak ti tonton efreyan k'ap bouje pou fè moun pè. Yon lonbraj parèt sou podyòm lan epi li leve bra'l. Epi pandan gwo silans sa yon ti mizik ap kòmanse, yon pakèt eskelèt kòmanse ap danse dwòl sou yon gwo ekran, zo yo ap krake. Senfoni Efreyan ekstraòdinè The Children’s Trust la tounen!

Yon evenman efreyan anyèl, gratis – ki ap fèt Dimanch, 28 Oktòb, nan Miami-Dade County Auditorium – se yon bagay plizyè santèn fanmi toujou ap tann chak ane. Yon pati ki gen selebrasyon Halloween ak manje (san-sik!), yon pati ki gen yon ekran k'ap montre zo k'ap krake ak yon pati k'ap fè parad degizman, yon konsè ki chaje ak mizik pou sikonstans lan (repètwa ane sa gen ladan li mizik popilè tankou mizik ki sòti nan fim Jurassic Park ak Lord of the Rings, epi klasik tankou Don Giovanni Mozart la ak Scheherazade de Rimsky-Korsakov), ke Alhambra Orchestra ap entèprete (www.alhambramusic.org) ak Greater Miami Youth Symphony/GMYS (www.gmys.org) ke Daniel Andai ak Huifang Chen ap dirije. 

Pa Rate Li!
Senfoni Efreyan 2018 la ap fèt Dimanch, 28 Oktòb, 4 p.m., nan Miami-Dade County Auditorium, ki nan 2901 West Flagler Street, Miami, FL 33135. Admisyon pou evenman popilè sa se GRATIS, men rezève tikè ou pou ka asire plas ou. Tikè yo disponib sou www.miamimadecountyauditorium.org oswa www.ticketmaster.com; ou ka vizite box office la Lendi-Vandredi, 9 a.m. pou 4 p.m.; oubyen rele 800.745.3000. Pou plis enfòmasyon, rele 305.547.5414 oswa vizite mdca@miamidade.gov. 

De òganizasyon sa yo fè anpil pou kominote Konte Miami-Dade lan lè yo bay timoun ak fanmi yo opòtinite pou yo tande mizik klasik, anpil ladan yo pa t'ap jwenn sa. Alhambra se yon gwo òkès ki volontè pou'l jwe ki gen ladan li mizisyen nan laj 18-80 lane ki ap ankouraje edikasyon mizik yo ofri konsè mizik klasik pou bon mache, nan tout peyi a. Se Trust la ki sipòte Greater Miami Youth Symphony, yo gen mizisyen nan laj 5-18 lane ki sòti nan tout kalite ran sosyal, ki ap pran bon fòmasyon mizikal, kote yo gen chans travay avèk gwo mizisyen veteran. Sa pi enpòtan ke jan ou panse a.

"Anpil etid montre ke timoun ki patisipe souvan nan aktivite kiltirèl yo se pi bon etidyan," se sa James Haj di, li se prezidan ak direktè The Children Trust. "Yo konn li, ekri pi byen epi yo pi bon nan matematik, yo bay pi rannman nan tès yo, epi yo gen plis chans ke se yo ki rete lekòl epi ki gradye. Se poutèt sa ke Trust la sipòte pwogram atistik yo atravè Miami-Dade County Department of Cultural Affairs.”

Senfoni Efreyan, ke Trust la ap sipòte, pote òkès Alhambra ak GMYS ansanm pou kreye pa sèlman yon bèl evenman men tou yon chans pou jèn mizisyen yo briye pandan y'ap fè gwo eksperyans. Si ou ta renmen konnen plis sou pwogram atistik sa yo pou pitit ou, vizite www.thechildrenstrust.org oswa telechaje aplikasyon The Children's Trust la gratis nan magazen telefòn (iOS) oswa (Android) ou an.