Abraham Lincoln Memorial

Se Toujou Sila ki Trankil yo... Moun Timid ki Selèb yo

Patisipan Pri Nobèl 1921 pou Fizik yo ki te dekouvri teyori relativite. Aktivis dwa sivil ki te refze bay chèz li nan bis la epi ki te devni manman “Freedom Movement” lan. Astwonomè ki te dekouvri lwa gravite yo. Kisa Albert Einstein, Rosa Parks ak Sir Isaac Newton genyen an komen? Yo tout te timid!

Moun ki timid toujou make listwa ak limanite nan anpil fason. Lidè Mahatma Gandhi, yon lòt pèsonaj ki te gen yon konpòtman trankil epi ki te toujou pwoteje entimite li, de kalite timidite, yon moun te di yon fwa, “Ak jantiyès ou, ou ka souke mond lan.”

Ankouraje timoun ou an ki timid pou’l ka dekouvri pwisans ki nan pèsonalite li. Moun selèb timid sa yo kapab petèt enspire yo pou yo reyisi nan lavi yo!

Pou tout konfdans li sou podyòm, Beyoncé konfese ke li timid epi li pèsonèl. Li gen posibilte pou li kontwole lavi piblik li: “Depi lè mwen te yon timoun timid, mwen te kapab sòti nan timidite mwen pou mwen monte sou podyòm alèz.”

J.K. Rowling ki selèb nan fm Harry Potter te enspire pou kreye karaktè ti gason sòsye a pandan li ap vwayaje nan tren sòti Angletè pou rive Skotlann. Kòm li te eksplike nan konfesyon li an, li pat gen plim epi li te twò timid pou li te mande lòt moun prete youn pou li te ka ekri lide li yo, alòs yo te oblije tann ke li rive lakay li.

“Mwen ka pa timid ak moun ke mwen konnen, men ak moun ke mwen pa konnen mwen timid anpil,” se sa Lady Gaga di. “Mwen pèsonèl anpil epi mwen fokis sou mizik mwen. Men lè mwen kontre ak moun ki gen anpil bagay an komen avèk mwen, tout bagay anfòm.”

Steven Spielberg admèt ke li te yon solitè lè li te timoun, travay dèyè kamera te konvenab pou li. Se gwo sèvo ki te kreye gwo fm tankou Lost World: Jurassic Park, Indiana Jones and the Last Crusade epi E.T. the Extra-Terrestrial jwenn metòd pa li pou li kreye epi rakonte istwa li yo.

“Si ou entelijan, ou ka aprann pwofte avantaj timidite yo,” se sa Bill Gates te di, ki sòti nan travay òdinatè nan garaj lakay pou rive kreye “Microsoft” youn nan konpayi lojisyèl teknoloji ki pi pwisan sou latè.

“Mwen se yon moun ki timid pa nati,” se sa Emma Watson di, li se aktris nan fim Harry Potter epi yon diplome Inivèsite Brown. “Se pa yon chwa volontè ke mwen fè; mwen konsa natirèlman.”

Abraham Lincoln ak Barack Obama tou de te gen chans sèvi kòm prezidan Etazini. Yo timid, malgre sa, yo te de lidè pwisan ki te chanje listwa.