Sansibilizasyon Kominotè

Sansibilizasyon Kominotè

The Children's Trust pa kite pou yo pa itilize tout mwayen ki posib pou rive sou paran yo, moun k'ap bay swen yo ak rezidan Miami-Dade yo pou fè yo konnen kòman pou gen aksè ak inisyativ yo, pwogram ak sèvis ke yo ka bezwen plis yo. Avèk teknoloji ki tounen metòd ki pi rapid pou pase enfòmasyon, opsyon rechèch pwogram sitwèb ak paj medya sosyal yo, se fason ki pi rapid epi pi efikas pou jwenn sa w'ap chèche epi rete konekte avèk The Children's Trust.

Menm jan, sitwèb Miami Heart Gallery nou an sèvi anpil pou moun k’ap konsidere adopsyon pou rankontre timoun ak jèn nan sistèm adopsyon Miami-Dade la ki enterese jwenn fanmi ke y'ap chèche a.

Mesaj inisyativ, pwogram ak sèvis ki disponib yo pase tou nan televizyon lokal ak nan nouvèl sou radyo yo; Jan Pou N Elve Timoun; epi 10 with the Trust, yon nouvo, diskisyon andirèk sou Facebook chak de semenn.

Òganize, patwone oubyen patisipe nan evenman kominotè pèmèt nou konekte ak anpil moun youn-ak-youn. Sansibilizasyon kominotè ak demann patwonaj pou evènman, tout sa ka fèt nan yon senp pwosesis sibvansyon sou entènèt. Rete an kontak ak tout evènman ke nou patisipe ladan yo oubyen ke n'ap fè yo byen senp, annik vizite kalandriye kominotè nou an. Pou sila ki ta renmen The Children's Trust distribye enfòmasyon sou program ak sèvis yo nan evènman pa yo, annnik ranpli yon fòm demann sou entènèt la pou lanse yon ekip lari Trust la.

Kanpay difizyon nou yo se yon apwòch konplè epi vizyèl pou edike kominote a sou tout sa n'ap ofri. Sa'w pra'l wè la yo se egzanp metòd pwomosyon nou yo: