Yon gwoup timoun prepare pou retounen nan mond lan deyò.

JackF/stock.adobe.com

Sa Nou Aprann Nan Pandemi an: Prepare Timoun Pou Lavi Apre COVID la

Men etap pou prepare pitit ou pou yo retounen pami moun ankò
Men etap pou prepare pitit ou pou yo retounen pami moun ankò 

Mete aparèy yo de kote epi planifye pou al kay kèk zanmi. Kite afè fete fèt timoun nan machin nan, pou al nan bon jan fèt ki gen gato ak kay gonflab pou timoun ponpe. Kite ti kwen konfòtab nan salon an pou yo tounen nan klas. Pandan plis Ameriken ap pran vaksen, kan ap re-ouvè epi aktivite lekòl pase a yon vitès siperyè, paran ak timoun vin fè fas a nouvo difikilte adaptasyon pou yo tounen vin gen orè konplè. Men lè fanmi jere santiman yo yon fason ki pozitif, pandan y ap re-evalye sa ki pi enpòtan pou yo epi y ap prepare divès objektif, fanmi kab tabli yon nouvo vi nòmal ki pi bon pou 2021.

Pran yon ti pòz – pou nou pale

Sou CNN, doktè Neha Chaudhary yon sikyat timoun konseye paran ede pitit yo jere perèz ak eksitasyon, ede yo mete panse negatif yo nan yon kad pozitif. Yo dwe “planifye davans” epi yo dwe bay timoun yo zouti pou yo ka santi yo gen plis konfyans nan tèt yo. Yon timoun ki enkyete poutèt COVID kapab tonbe pale ak tèt li pou l di li pral oblije mete kachnen epi kenbe distans li, mete kachnen de rechanj nan valiz li pou l al nan kan, epi eseye Teknik gwo respirasyon pou kalme tèt li. “Ba yo yon espas kote yo ka fè bon jan refleksyon, kote yo rekonèt santiman pa yo epi pataje sa ki nan lide kon sa yo pa kenbe tout bagay konsantre anndan kè yo.”

Kite yo pran libète yo

Nan jounal USA Today, Doktè Harold Koplewicz konseye nou ede timoun ak bon kè, rekonèt sa konsène yo epi fè entèvansyon. “Asire yo ou konprann sa yo pè a, ou rekonèt enkyetid yo. Si yon timoun bezwen pran leson oswa si l bezwen yon terapet, pa tann sentòm li yo vin grav anvan w al chache èd.” Li rekòmande paran re-etabli woutin ak regleman kay la tankou ale kouche bonè pou soulaje kè sote epi ankouraje pase tan ak zanmi yo ofiramezi tankou rankontre ak zanmi sou FaceTime oswa fè aktivite ak zanmi nan pak. “Timoun ki te fèmen epi ki te izole lakay up pral bezwen louvri zèl yo epi pran chans… Ou pa kapab pwoteje yon timoun kont eprèv lavi a. Men ou kapab ba yo pwoteksyon renmen pou ede yo grandi.”

Adopte yon vi kalm, epi yon vi ki balanse

Se menm jan tou, Christine Koh ekri nan Washington Post: “Pandemi a lakòz paran poze. Men kouman pou nou kenbe rit la.” Li konseye w fè yon lis avantaj epi enkonvenyan ki nan lavi w, mete limit travay ak vi pèsonèl, kenbe yon aspè pozitif sa nou aprann nan pandemi an epi mentni nouvo tradisyon familyal tankou jwe jwèt epi soti lajounen. Pran san nou pou nou savoure bon ti moman senp tankou bwè te ansanm—epi chèche mwayen pou kenbe woutin pezib sa a chak maten.

Pandan tranzisyon an, Doktè Chaudhary konseye paran toujou okouran prensip lekòl la, pou yo fleksib epi pou yo ankouraje estabilite. “Timoun bezwen estabilite nan moman chanjman. Eseye tout mwayen posib pou w toujou prezan, pou yo toujou konnen sa w ka fè, pou w toujou konsistan. Petèt ou se sèl pati nan vi yo—e nan lespri yo—ki santi l kon sa kounye a la.” E si timoun nan sanble li gen tèt chaje, “meyè bagay ou kapab fè se sèvi ak kè sansib, ak bon santiman epi ak kè kal pou w fè fas a reyaksyon yo, olye pou w ap reyaji ou menm. Si w kanalize yon enèji ki pezib, w ap kapab pataje sa avèk pitit ou lè yo plis bezwen sa. ”