Afriken-Ameriken papa ak manman satisfer pitit fi nan kay la.

Mediteraneo/stock.adobe.com

Sèt Lide Pou Fè Kòmanseman Aprantisaj Adistans Vin Amizan

Fè pitit ou gen anvi fè yon lòt bagay apa de travay lekòl la
Fè pitit ou gen anvi fè yon lòt bagay apa de travay lekòl la  

Se vre, nou ta renmen wè pitit nou eksite pou rekòmanse ak aprantisaj adistans men reyalite a se pèspektiv rete chita alèz lakay yo nan chanm ou nan salon pandan tout jounen lekòl la vreman redoutab (raz). Tounen lekòl la difisil ase pou pifò timoun yo, men li ka vreman dekourajan pou yo fè sa san jwisans anpil avantaj yo te konn genyen tankou pase tan an pèsòn ak zanmi yo, kèk ti pale ak ti moun yo damou, jwe lago pandan rekreyasyon, fè espò apre lekòl oswa nenpòt nan lòt santèn bagay ki bay plezi lè yo al lekòl an pèsòn.

Pati nan travay ou kòm yon bon paran ap pran sikonstans ki pa fin ideyal epi fè yo vin pi bon. Sa vle di enspire timoun ou yo fè tout sa yo kapab ak sistèm lekòl adistans la ki vin yon bagay nòmal jodi a, men sa vle di tou pou w ajoute nan lavi yo nenpòt plezi ou ka jwenn.

Pa gen okenn moun ki konnen pitit ou pi byen pase w.  Pran yon ti tan pou konnen ki jan ou ka fè yo gen jwa ak kontantman chak jou. Men, si ou pa gen lide, men sèt sijè anba la ki ka ede w kòmanse panse sou sa ki ka fè pitit ou pase bon moman.

Travay Pou w Ka Jwenn Bon Moman
Pa gen anyen ki pote plis kè kontan bay timoun pandan ane lekòl la pase yon jou konje san lekòl. Ane sa a, Jou Fèt Travay (Labor Day) tonbe sou dezyèm Lendi nan ane lekòl la, sa vle di premye wikenn lan se yon fen semèn twa jou. Bay sa enpòtans.  Ale nan pak la, planifye yon babekyou, fè pitit ou yo rankontre zanmi yo (an pèsòn si sa posib oswa vityèlman). Chita ak timoun ou yo epi make tout jou ferye yo, jou pwofesè yo pral planifye ak lòt jou ki pa gen lekòl, epi jwenn bagay pou fè jou sa yo. Raple yo ke nan nouvo nòmalite toujou gen jou espesyal, e fò yo apresye yo plis pase anvan. 

Ansyen Sistèm Materyalistik 
Ou pa ka achte kontantman oswa afeksyon pitit ou. Bon, antouka pa alontèm. Men, sa pa vle di ke kèk acha pa pral fasilite retou yo nan lekòl la. Jis paske aprantisaj yo pral adistans okòmansman, pa vle di pa achte kèk rad nèf, soulye ak akseswa pou ane lekòl la. Si ou poko senti w konfòtab pou ale nan sant komèsyal nan zòn ou a oswa magazen, fè acha a sou entènèt la. Men yon konsèy, rete tann jiskaske ane lekòl la aktyèlman kòmanse - pandan ane regilye yo ou bezwen fè tout acha w anvan lekòl la kòmanse, men ane sa a gen mwens ijans - epi pran avantaj rabè yo. Ak reyalite travay lekòl la, fè pitit ou aktivman patisipe nan acha yo pandan premye ou desyèm semèn lekòl la. Sa ka ede yo jwenn yon ti repo byen merite.

Etabli  Objektif Yo Ak Yon Tablo Vizyèl
Pou timoun ki preske tinedjè ak sak pi piti yo, ankouraje yo reflechi sou objektif ak priyorite pou ane k ap vini an ak yon bon pwojè atizana epòk lontan tankou yon tablo vizyèl. Li ka gen afich ak foto, desen, dyagram, anblèm ak lòt bagay ki kole sou li ki pral amizan pou yo kreye e ki pral ede yo konsantre tou sou ane kap vini an. Mete tablo a nan yon sal etid ou espas kote yo pral fè travay lekòl yo.  Lè konsa lap yon referans ki pral ede yo kenbe priyorite yo byen fre nan lespri yo.

Pran Avantaj Anviwònman An
Menm si li enpòtan kreye yon aprantisaj lekòl regilye ak konsistan, ou pa bezwen pè fè eksperyans ak anviwònman ki gen paramèt diferan lè yo ouvri sesyon elektwonik lan. Si ou gen yon galri, lakou, balkon oswa lòt zòn ki ta ka retire monotoni gade yon ekran, ou pa bezwen pè itilize kote sa yo. Li enpòtan pou asire w pitit ou ap  konsantre sou pwofesè l ak lojisyèl ansèyman yap itilize, men lè ou mete yo nan yon anviwònman ki pa estanda sa ka sèvi kòm yon ankourajman pou kenbe konsantrasyon yo.

Jwèt  Moman Wo Moman Ba
Li toujou yon bon lide pou renfòse relasyon w ak timoun ou yo, men li sitou enpòtan nan kòmansman ane lekòl sa a. Jwèt Moman Wo Moman Ba se yon jwèt kote w mande timoun ou yo di w sak te pi bon (pi wo) ak pi move pati (ki ba) nan jounen yo. Li ta pi bon pou pale sou sa  pandan n ap soupe e pandan premye semèn lekòl la. Konsantre sou bagay yo te renmen ou pa ak aprantisaj adistans la, oswa ba w nouvèl sou kamarad klas yo. Pou ede w jwenn lòt ide pou kòmanse yon konvèsasyon , ouvri lyen sa a.

Ankouraje Sosyalizasyon Ki Apwopriye
Lè ou konsidere anpil nan timoun pi gran nou yo deja obsede ak rezo sosyal yo, ou ka pa beswen pouse twòp pou yo aktif sou rezo sosyal yo. Sepandan patisipasyon w nan itilizasyon rezo sosyal yo - nan limit ke yo aksepte w - ka ede w dirije kominikasyon yo sou rezo sosyal yo pou asire w yo san danje ak apwopriye, epi lè sa a, espere ke w ap ogmante plezi a.

Menm si timoun yo tipikman renmen plis sa ki alamòd ak pi popilè pase paran yo, kèk sijesyon pa janm fè mal. Pa egzanp, ou ka ankouraje timoun ou yo pran yon foto tèt yo tout abiye menm si premye jou lekòl la yo pa pral okenn kote epi mete l sou Instagram, ansanm ak yon deskripsyon komik (kite yo fè sa, yap konnen sa pou yo ekri k ap pi bon pase pa w la!). Yo ta dwe ankouraje zanmi yo fè menm bagay la tou. Se yon lide ase senp, men li ka fè premye jou lekòl yo pi tolerab epi tou li kite yo wè sa kap fèt ak kamarad klas yo. Li pa si fasil pou  swiw jan timoun nou yo ap itilize rezo sosyal yo, kidonk si ou vle kèk konsèy itil tcheke gid sa a.

Jwenn Plis Resous Ou Ka Jwi
Kòmansman lekòl adistans ane sa a pral plen defi epi se pa tout nan yo kap fasil pou kontwole. Alò, ou pa bezwen pè al chèche èd. Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ap etabli yon nouvo platfòm aprantisaj adistans, My School Online, pare kò w pou kèk deranjman, men an menm tan, di pitit ou apwoche yo ak yon lespri ouvè epi jwi eksperyans la.

M-DCPS ofri tou yon Akademi Pou Paran  ki gen yon paj antye sou Amizman Vityèl Pou Fanmi. Pwofesè yo pral fè tou posib yo pou anime jounen lekòl timoun yo.  Pou tèt sa, ou pa bezwen pè kontakte yo pou ba w lide oswa ofri asistans. Sonje byen, The Children’s Trust gen www.StayHome.Miami ak anpil aktivite fizik ak mantal pou antretni timoun ou, pandan ke The Children’s Trust Parent Club (Klib Paran)gen atelye ki ede w devlope ladrès ou kòm paran ak pataje eksperyans ou, epitou gen ladan l jan ou menm ak lòt paran yo ka fè eksperyans tounen lekòl la amizan.