Yon elèv Panyòl ak Nwa okipe tèt yo ak devwa nan Centro Campesino.

The Children's Trust

Retounen nan Aktivite After School!

Kote ki bay sèvis akademik ak sèvis sosyal Òganizasyon Trust la finanse
Kote ki bay sèvis akademik ak sèvis sosyal Òganizasyon Trust la finanse 

Èske w fè kalkil ki jan lekòl pral fonksyone lè lekòl ouvè epi timoun yo retounen lekòl apre vakans ete a? (Nou swete sa!) Ou konnen sa vle di fò w planifye tou sa yo pral fè apre lekòl. Chans pou wou, Òganizasyon “The Children’s Trust” bay kote ki gen sèvis pou timoun apre lekòl yo anpil sipò epi yo ofri anpil chwa tou.

Anpil nan moun ki rete nan Miami-Dade County depann de pwogram apre lekòl sa yo pou bay pitit yo yon kote ki an sekirite, kote yo kab kontinye aprann epi kote yo ka devlope. Ane pase, gen plis pase 330 kote ki te gen pogram apre lekòl, ane sa pral gen plis toujou.

“Ane sa a preparasyon pou ouvèti lekòl la pap menm ak lòt ane yo,” sa yo se pawòl Rachel Spector Asistan Direktè Pogram nan “Trust” la. Spector kontinye pou l di “Pogram apre lekòl yo ofri anpil avantaj. Yo gen avantaj akademik rive sou devlopman sosyal ak sante mantal. Pogram apre lekòl yo, non sèlman yo ede nan devlopman timoun nou yo men pogram sa yo ba yo aktivite pozitif pou yo fè olye pou y al mele nan sa yo pa dwe mele.”

Barbara Cesar, se direktè edikasyon nan sant Centro Campesino, ki gen pogram apre lekòl pou elèv ki nan 5èm ane nan 2 lokal nan Florida City. Men sa Madan Cesar di “Ouvèti lekòl la epi kòmansman aktivite apre lekòl ane sa a pral yon jan difisil men anpil moun pa ka tann. Lè timoun kòmanse vin lekòl epi retounen nan pwogram apre lekòl yo ak bèl souri nan figi yo se yon bagay ki fè kè w kontan epi ou pa ka tann pou lè a rive. Nou deja konnen depi nan sezon vakans ete sa yo gen anpil bagay pou timoun yo rakonte nou, yo te kontan anpil ete sa a.”

Pogram apre lekòl yo enpòtan tou pou timoun ki pi gran yo. Bevone Ritchie, Direktè Adjwen Pogram nan “Trust” la raple tout paran pogram apre lekòl yo se bon jan pogram pou ti jennjan ak ti jennfi, se kote youn kab pale ak lòt konsènan sa k ap pase nan zòn kote yo rete a, epi sa k ap pase toupatou sou latè a epi yo sèvi ak lide yo genyen pou bagay ki itil. Pwogram apre lekòl ki fèt pou timoun nan lekòl segondè ak lekòl entèmedyè se bon espas pou elèv sa yo esprime tèt yo, nan aktivite tankou dans, aktivite espòtif, pwezi, mizik, pwodiksyon fim ak lòt aktivite. Yo gen anpil pou yo di. Gen anpil bagay k ap pase, lè yo gen kote kon sa pou yo defoule yo epi yon kote kon sa pou ba yo sipò se yon bon resous pou devlopman yo epi pou byennèt yo.

Sa enpòtan pou raple tout moun tout Sant ki jwenn finansman pou pogram apre lekòl nan men Trust la dwe suiv tout konsiy Sant pou Kontwòl ak Prevansyon maladi “Center for Disease Control & Prevention (CDC)”, epi suiv konsiy Eta ak konsiy otorite lokal yo konsènan pandemi a.

Pou w jwenn yon pogram apre lekòl pou pitit ou a, al sou sit sa a www.thechildrenstrust.org/after-school pou w jwenn yon lis oswa yon kat ou kab navige ladan ki gen lis pogram apre lekòl pou timoun kindègadenn rive nan 12èm ane lekòl.