Yon fanmi multirazyal jwi tan ansanm pandan karantèn.  

Prostock-studio/stock.adobe.com

Rete an Sante epi Pwoteje tèt ou sa pa vle di Evite COVID-19 Sèlman

Kounye a fò n fè plis efò pou n manje manje ki bon pou sante nou, kontwole jan nou viv lakay nou ak jan n ap boule ak travay nou

Pandan tout moun nan peyi a ap fè gran efò pou yo pwoteje tèt yo epi pou yo ret an sante lè yo kanpe lwen COVID-19 pandan omwen 4 dènye mwa ki sot pase la yo, plis tan pandemi sa dire, se plis nou reyalize pou nou jwenn bout maladi sa a fò n fè plis pase evite viris la.

Pandan anpil fanmi poko ka fin konprann nouvo reyalite sa a nan afè kote manje yo ap soti, nan afè valè tan yo fè ap travay lakay yo, nan biwo yo epi nan lòt kote, kounye a kèk espè ap pran plis tan pou yo ajiste abitid moun ak jan moun viv kounye a pou asire tout moun kab viv yon vi byen balanse, kèlkeswa jan sikonstans yo ye.

Gwoupman ki pote non angle Consortium for a Healthier Miami Dade ansanm ak Biwo Depatman Sante Eta Florid nan Miami-Dade te fè yon seminè sou entènèt le 27 jiyè ki gen pou tit Healthy Homes, Healthy Workspaces (Jan moun kapab ret an sante lakay ak kote yo travay). Nan seminè sa a yo te pale de poblèm nou gen kounye a yo epi yo sijere fason pou tout fanmi fè fas ak sitiyasyon an pi devan pandan yo tap diskite afè sante moun, epi jan pou moun byen pran swen tèt yo pandan pandemi a.

Se pa lè pou moun ap fè ekonomi bout chandèl nan afè manje ki bon pou sante
Premye pwen yo te abòde se asire tout fanmi ap manje manje ki bon pou sante yo pandan peryòd restriksyon long viris kowona a mete sou nou. Men sa pa fasil kon sa. “Kounye a se pa lè pou nou neglije kalite manje n ap manje. O kontrè se kounye a pou nou pòte atansyon a sa plis pou nou rann iminite nou pi djanm, pou nou gen plis fòs,” sa yo se pawòl Vanessa Tinsley ki direktris jeneral òganizasyon Bridge to Hope e youn nan entèvenan seminè a.

Tinsley kontinye pou l di gen kèk kalite manje nou manje pandan pandemi an ki enpòtan anpil paske yo fè efè sou kondisyon fizik nou, sou sante mantal nou. Sa li rele “swadizan manje” (ki vle di manje endistriyèl/manje konsèv) yo gen efè negatif ki dire lontan.

Tinsley di : “Malerezman, lè moun gen poblèm lajan (anpil fwa) sa fè yo achte manje ki pa bon pou sante yo paske se dènye depans nou genyen ki fleksib.” Lè nou gen poblèm lajan nou kòmanse ap fè chanjman nan bidjè nou epi sa fasil pou nou manyen nan kòb manje a. Si nou pa peye lwaye nou santi efè a tousuit, oubyen si nou pa peye echeyans machin nou nou santi sa, men se apre plizyè ane nou kòmanse wè efè chwa manje nou te fè yo lè nou vin twò gra, lè nou vin soufri tansyon, epi lè vin gen lòt konplikasyon sante.”

Epi tou Tinsley di: lè nou manje mal sa vin koute nou pi chè (jiska $1,600 pa ane) nan depans anplis pou swen sante.

“Manje manje ki bon pou lasante se bagay ki enpòtan anpil pou yon moun bati yon bon jan sistèm pwoteksyon kò a,  – se meyè fason pou konbat maladi epi pou bati yon bon jan sistèm pwoteksyon pou kò a,” sa se pawòl Leyanee Perez, yon enfimyè lisansye epi li se yon dyetisyen kominotè nan lopital Nicklaus Children’s Hospital. Perez di lè w manje plizyè kalite manje se sa ki kle yon dyèt ki pou kenbe w an bòn sante, tankou legim, fwi, poteyin ki pa gen twòp grès, epi manje kalite manje ki gen grès ki bon pou sante a. Leyanee Perez di “Chak fwa ou manje, ou gen yon chans pou w manje sa ki bon pou sante w epi pou bay fanmi an manje ki bon pou sante a.”

Lè n ap prepare repa se yon bon lide si nou mete fwi ak legim tout koulè nan sa nou pral manje, paske manje ki gen koulè wouj, oranj, ak vèt fonse, se manje ki gen anpil konbinezon ki ede bati sistèm ki pwoteje kò a.

Travay yon fason ki bon pou sante w pandan w lakay ou epi lè w lòt kote
Apa de manje nou manje, pandemi an fè efè sou majorite moun epi dapre Nathan Burandt, ki travay kòm manadjè pogram pou avantaj yo bay anplwaye nan Florida International University, li di fò nou adapte nou pou nou kab viv yon fason ki bon pou sante nou ni lakay nou ni nan travay nou.

Malgre te gen anpil aspè ki konvenyan pou moun travay lakay yo, Burandt di fò nou tout pran san nou pou nou kreye yon orè pou tout aktivite nou pou asire nou gen bon abitid nan nouvo fason n ap viv la. “Lè nou pa oblije deplase (ale nan travay epi retounen sot nan travay), (tout moun) dwe ranplase tan sa a ak yon bon abitid,” se sa Burandt di.

Kwak etid yo fè pa twò lontan montre lè anplwaye ap travay lakay yo, yo travay plis, Burandt di menm anplwaye sa yo dwe rekonèt posiblite konsekans negatif yo tou. Burandt di : “N ap regle plis bagay, men sa fè efè sou nou tou.” “Sa kab rive pou moun bouke ak Zoom epi fò nou suiv sa depre.” Li di, patwon yo dwe tabli sèten limit epi fò yo pa kontinye ap travay jiska 7è, 8è oubyen 9è diswa. “Travay la ap la toujou demen.”

Burandt di: menm moun ki oblije deplase al nan travay yo fò yo fè yon ajisteman tou, fò yo pran abitid gen bon ijyèn, (mete kachnen, kenbe distans sosyal, lave men yo epi pran lòt prekosyon tou), fò yo kenbe kote y ap travay la pwòp, fò yo manje byen, fò yo pran yon kanpo tanzantan epi fò yo jere estrès yo.

“Nou pa konnen pou konbyen tan n ap nan sitiyasyon sa a, poutèt sa fò nou fè kèk chanjman ki nesesè.”

Men kèk kote yo fè distribisyon manje

Miami-Dade Food Assistance and Senior Services

Feeding South Florida

Feeding South Florida During COVID-19

Aunt Bertha Referral Services

Jewish Community Services (JCS) Helpline Services oswa telefone 211

Bridge to Hope Park and Pop Food Services

Urban Oasis Project (SNAP èd pou pwodui agrikòl lokal legim, fri)