Papa ki prale ak pale ak pitit fi’l pandan manman ap gade.

fizkes/stock.adobe.com

Rete Pi Bon Paran Posib Pandan W’ap Divòse

Toujou mete timoun yo anvan depi gen separasyon
Toujou mete timoun yo anvan depi gen separasyon 

Elve timoun apre divòs se youn nan bagay ki pi difisil ke yon paran ka andire. Menm lè sitiyasyon pa ta twò difisil, sa pote anpil estrès – pou ni granmoun ni timoun. Pandan ke anpil vye istwa fanmi ki kraze akoz divòs, verite a aspè negatif ke sa gen sou timoun yo ka diminye anpil. Se vre pa gen yon fason ki pafè pou ede timoun fè fas ak divòs, gen kèk prensip jeneral ki ka aplike, nan ka divòs yon fanmi.

Men kèk konsèy pou paran apre yon divòs epi kòman pou sipòte timoun yo pandan tranzisyon an.

Pale ak Pitit Ou Pandan pwosesis divòs la, timoun vle rasire ke tou de paran yo pra’l la pou yo. Alòs, lè w’ap pale timoun yo sou posib separasyon, prezante nouvèl la ansanm pou yo pa santi ke yo oblije chwazi yon bò. Rasire pitit ou, epi kite yo eksprime yo. Sonje ke divòs se yon pwosesis ki long pou timoun, alòs pare’w pou toujou fè menm dyalòg sa yo.

Sipòte relasyon pitit ou avèk lòt paran Petèt pi gwo defi lè 2 paran ap elve yon timoun pandan divòs se sipòte relasyon timoun sa avèk lòt paran. W’ap fè eksperyans kòlè, rankin, fristrasyon tout sa posib lè’w nan pwosesis divòs, men tout bagay vini apre pitit ou. Pa enplike timoun yo nan ankenn diskisyon epi pa janm pale lòt paran mal devan yo, se sa ke ekspè yo konseye. Si paran yo pa ka sipòte youn lòt, sa pra’l fè timoun pèdi konfidans,” se sa Sherrill A. Ellsworth, ansyen jij ak fondatè adjwen coParenter di.

Pa Rantre Nan Konpetisyon Avèk Èks Ou Apre yon separasyon, reziste ak tantasyon pou ta tounen paran “janti” oswa “ relaks” la. Adousi règleman’w yo ap mennen’m dwat nan echèk. Si tout tan ou bezwen pitit ou aprouve sa w’ap fè y’ap rive manipile’w youn kont lòt. Pa konpare kay oswa kiyès ki gen règleman ki pi relaks. Tolere timoun paske ou nan pwosesis divòs pra’l pote plis pwoblèm toujou.

Travay Tankou Yon ekip Sòti nan edikasyon pou rive nan disiplin, elve timoun gen anpil desizyon enpòtan ke oumenm ak patnè ou pra’l oblije pran ansanm. Timoun renmen woutin ak estabilite, alòs ekspè yo konseye pou paran yo pran desizyon ansanm epi jwenn menm rezilta nan tou de kay yo. “Disiplin estab paran enpòtan paske li kreye yon limit ki pa chanje nan tou de kay yo,” se sa Doktè Kenneth Ginsburg eksplike, li se otè liv Building Resilience in Children and Teens: Giving Kids Roots and Wings.

Evite Pou Timoun yo Pa Viktim Pafwa, gen paran ki kòmanse wè timoun yo kòm victim divòs la epi tout move konpòtman timoun vin tounen yon eskiz akoz divòs la. Alòs, yo konn vin toleran ak disiplin yo, epi konpòtman timoun yo vin pi mal. Olye pou aplike disiplin, eseye korije konpòtman, pa emosyon yo. Rekonèt ke li ka ap fè fas ak diferan santiman epi bay enpòtans ak santiman’l. Pale sou difikilte ke li ap travèse men aprann li ke move moman pa dwe yon eskiz pou move konpòtman.

Chèche Sipò Epi Konsidere Terapi Santi’w poukont ou pandan divòs ou epi ‘nouvo reyalite’ ke ou se sèl paran? Kounye’a se moman pou chèche sipò. Eksprime’w ak fanmi’w pou pase fristrasyon’w yo, oswa konsidere èd pwofesyonèl pou ou ak èks ou. Terapi familial ka ede’w, timoun yo, èks ou, nou tout ansanm. Yon terapis pwofesyonèl ap ede’w jwenn fason pou kominike ak repè avèk lòt paran epi ede timoun yo pou yo eksprime yo pandan divòs la.