Manman ak pitit fi gade fenèt pandan pandemi.

FreepicCompany/stock.adobe.com

Refleksyon Sou Leson Nou Aprann Pou Gide Nou Pandan Nouvo Nòmal la

Edikasyon, kenbe timoun aktif, elve timoun ak anpil lòt bagay ki afekte
Edikasyon, kenbe timoun aktif, elve timoun ak anpil lòt bagay ki afekte 

Li difisil imajine gen moun ki pa te fè fas a kèk chanjman enpòtan nan lavi yo pandan pandemi coronavirus la, espesyalman paran yo. Non sèlman anpil nan nou wè ajisteman enpòtan nan lavi nòmal travay nou yo, men nou vin oblije pran wòl pwofesè tout tan, e an menm tan nou pa kapab patisipe nan entèraksyon sosyal yo ki banou anpil sipò ak lapè nan lespri nou.

Izolman pandan yon pandemi bay manman ak papa yo yon leson rapid sou kijan pou elve timoun 24 èdtan san okenn soulajman eksteryè. Pandan plisyè mwa, paran yo ap jongle ak jwenn epi prepare manje, antretni timoun yo san yo pa pèmèt yo frekante zanmi yo, asire tout moun lave men yo tout tan, fè tout travay li konn fè nòmalman nan kay la epi gade pou wè si yo gen ase pwovizyon. Espere ke nap ka wè tan sa yo nan retwovisè nou, men gen plis chans, nou pral sòti nan pandemi sa a ak yon lide byen diferan sou sa ki sekirite, lekòl, ak bezwen sosyal nou yo. Avèk yon ti refleksyon, nou ka toujou pran leson sa yo nou aprann kòm direksyon pou fè mach avan ak fanmi nou nan lavi apre pandemik la.

Lekòl Ka Byen Pa Rete Menm Jan Ankò
Youn nan premye mesi ke yo te pran pou fè fas ak epidemi kowonaviris la se te fèmen lekòl piblik yo. Chanjman vital sa a te fè paran vin bay ansèyman lèkòl sipò toulèjou pou ranpli yon espas enpòtan nan yon tan kritik. Men nou mande ki jan paran yo reyisi bay timoun yo kalite anviwònman aprantisaj yo abitye genyen pandan yon ane lekòl nòmal?

Sòf si ou se youn nan kèk paran ki gen pasyans ak konpreyansyon kontinuèl, fanmi ou pwobableman fè eksperyans anpil dezas pandan ajisman ak aprantisaj a distans la. Soti nan reyinyon salklas vityèl desòdone, jere devwa tout tan ki pat janm enterese timoun ou yo ki tap kòmanse vin fou, lekòl anndan kay definitivman te gen pwoblèm ak tribilasyon yo.. Eksperyans sa yo ta ka vin gen anpil valè pou amelyore relasyon nou ak timoun nou yo, men tan sa yo vreman chanje pozisyon nou sou jan nou te wè lekòl nou, ak jan nou pral wè wòl pwofesè yo, elèv yo ak paran yo ke nou pap janm gade menm jan ankò.

Kidonk, ki sa ki pral rive lekòl tradisyonèl nan lavni? Selon yon nouvo sondaj pa Inyon Nasyonal Paran yo, plis pase mwatye nan paran yo di lekòl yo ta dwe itilize tan sa a kòm yon opòtinite pou vini ak nouvo metòd ansèyman pou fè chanjman nan sistèm edikasyon an. Gen kèk paran k ap konsidere kite sistèm lekòl tradisyonèl nèt swivan yon dènye sondaj US Today / Ipsos te fè ki te jwenn ke plis pase mwatye nan paran yo reponn ke yo te "trè oswa yon ti jan " konsidere kontinye ak aprantisaj anndan kay yo  pou pitit yo si lèkòl rekòmanse pandan nouvo ane skolè a.  

Sipè-Entandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto Carvalho rekonèt ke paran yo ap tann, ak tout dwa yo, yon modèl lekòl melanje ki pral kòmanse nan mwa otòn, ak pi fò nan elèv ki pral retounen nan salklas e nan anvironman an, omwen yon pati nan tan yo pral melanje nan yon jan ak edikasyon vityèl la. Nouvo nòmal pou lekòl ka gen ladan l opsyon aprantisaj melanje kote elèv yo pral aprann nan salklas pou kèk jou nan yon semèn epi rès aprantisaj la pral fèt sou entènèt. Ka byen gen yon tranzisyon tou ak kou konpetans kote elèv yo ka avanse etid yo ak pwòp tan pa yo olye pou yo al nan klas pou tout jounen lekòl la.

Enpak Pozitif Pandemi An Sou Timoun Nou
San beswen bay okenn eksplikasyon,  izolman an plas la prezante yon kantite obstak, men pou fanmi ki te rete estab epi ki gen resous ki nesesè pou aprann a distans nan kay la, karantèn la vin ede yo jwenn anpil tan yo te vreman bezwen pou reyajiste yo. Lè yo elimine orè ki estriktire twòp e ki fè yo ale vit, yo vin akòde timoun yo anpil tan pou eseye bagay nouvo, tankou dekouvri enterè nouvo, pase plis tan deyò anfanmi, ak aprann lòt jan ki nouvo.

Nan lavi timoun nou pratik enpòtan sa yo vin fè paran yo ak ekspè yo re-egzamine ki jan woutin chak jou nou pral ye.   Lenore Skenazy, prezidan òganizasyon san bi likratif  ki rele Let Grow ak otè Free-Range Kids: How to Raise Safe, Self-Reliant Children Without Going Nuts with Worry, te di WebMD " Li prèske yon jouman nan lespri imen jan nou te ap elve timoun yo," “Lavi yo te twò chaje ak estrikti anvan pandemi an. Yo te gen orè egzajere, e yo pat menm vreman gen tan pou yo te ka al jwe deyò oswa rete anwiye.” Sepandan pou nouvo avni nou, li enpòtan pou nou pa blye leson paran ak pitit yo aprann kounye an.

Nouvo Rezo Entè-aksyon Sosyal
Tan sa yo definitivman san parèy, soti nan lave men ak raple timoun (ak tèt ou) sispann manyen figi yo anpil fwa nan yon jounen, fè nou vin pi okouran de non sèlman pwòp pratik ijyèn nou, men entè-aksyon sosyal nou tou.

Apre fen karantèn la, nou ka tante  kouri al kay granparan nou, planifye dat al jwe nan pak, epi al  rankontre zanmi pou brunch. Sepandan, timoun ak granmoun toujou beswen pran prekosyon ak responsabilite yo ak tout kontak sosyal nan fiti a. Jis paske tan izolman an fini, sa pa vle di ke menas coronavirus la ale. Dr. Anthony Fauci, direktè Enstiti Nasyonal Pou Alèji ak Maladi Enfektye eksplike ba Time magazin." Li pa fasil tankou limen ak eten limyè, se retire piti a piti sèten nan restriksyon yo epi eseye fè sosyete a kòmanse fè ti mach anavan pou tounen nan nòmalite,"

Sa pa vle di fanmi ou pa ta dwe wè zanmi ak fanmi. Lè ou tounen nan nouvo woutin nòmal sosyalizasyon, jis itilze bon sans ou e pran prekosyon tankou lave men w souvan, epi kouvri bouch ou si w ap etènye oswa touse. Pandan yon avni ki pa fin asire, li ta ka yon bon lide pou evite anbrase moun ou renmen yo, oswa pa apwoche w twòp.

Sa Pandemi a Te Anseye Nou Sou Elve Timoun
Ebyen, ki sa nou ka aprann nan elve timoun pandan yon pandemi mondyal? Malgre tout sa ki te pase, pandan ke tout bagay nan mond nan ret kanpe tanporèman, nou kòm paran gen yon inik opòtinite pou pran avantaj kèk gran leson positif.  Sitiyasyon an te fòse nou fè bak, panse, konprann ak apresye ant ki sa viv ak jis siviv vle di. Sa a, se yon leson nou espere ki ka rete andedan nou pou lontan.

Nan mwa ki sot pase yo, chak fanmi te fè eksperyans nan jan pa yo, men gen kèk eksperyans ke nou tout te pataje. Lyezon sa yo ta dwe rapwoche fanmi ak kominote yo. Pa egzanp, detèminasyon timoun ak paran yo montre, ta dwe ban nou konfyans pou nou fè fas a konplikasyon nan lavni.  An atandan, tan izolman anndan kay nou fè nou sonje lè tan te pi senp e nou te oblije viv ak mwens e an menm tan n ap gade nan lavni pou aprann, ak pran plezi nan yon mond vityèl.

Kontinye anseye timoun ou yo sa ou vle aprann yo, kontinye pase bon jan kalite tan ak fanmi ou, kontinye tcheke sou byennèt emosyonèl moun ou renmen, epi pa fin kwè tout bagay san panse.