Yon papa prepare yon repa ak pitit li yo.

Mladen/stock.adobe.com

READY, SET, GO Miami! pare pou Kòmanse Kanpay Devlopman Timoun piti

Alfabetizasyon, inisyativ pou ladrès an matematik
Alfabetizasyon, inisyativ pou ladrès an matematik  

Anpil nan woutin kotidyen paran ak timoun ede yo vin gen siksè nan lavi, men yo pa remake sa e yo pa panse sou sa. Lè yon paran oswa moun kap bay swen ap kuit manje, al nan pak oswa al mache, e menm koute mizik ak pitit yo gen ladrès enpòtan yap aprann. Li natirèl pou aprann, men lè paran yo konnen kijan timoun yo ap devlope langaj, kominikasyon ak ladrès matematik yap ka byen pare pitit yo pou antre lekòl e bay yo yon fondasyon aprantisaj solid pou lavi.

READY, Set, Go Miami! Se yon inisyativ kap fèt kounye a nan tout Konte Miami-Dade. Se yon kowalisyon patnè kominotè ki fòme Kanpay Lekti Sou Nivo Klas Miami-Dade (MDGLR angle), ansanm ak patnè lidè The Children's Trust ki te kreye inisyativ la. Yap òganize atelye ki pral ogmante aprantisaj fanmi deja ap fè ak pitit yo. Atelye yo ap nan lekòl, sant gadri, legliz, kote paran rasanble ak nan lòt òganizasyon kominotè.

Atelye yo pral kosantre sou tèm tankou manje ak repa, eksplore lanati, mizik ak mouvman, e kominote nan antouraj nou. Sijè yo pral bay paran yo mesaj enpòtan pou pote lakay, e an menm tan yap tou angaje yo nan aktivite ak diskisyon sou kouman yo ka sèvi ak liv, teknoloji e ak objè chak jou pou ede yo gen siksè ak devlopman timoun piti yo.

Yon lòt pati enpòtan nan inisyativ la se fè moun konnen ekselan pwogram ki deja ap fonksyone nan konte a, ki konsantre sou aprantisaj timoun piti depi nesans yo jiska laj 5 an. Paran yo ta ka konnen kèk nan yo deja, tankou The Children’s Trust Book Club la ki bay timoun yon liv gratis chak mwa pa lapòs epitou gid lekti pou ede paran yo konnen pi bon jan pou pataje liv e entegre yo nan lavi chak jou. Pou enskri pou Klib Lekti a, tèkste "Liv" nan 786.460.CLUB (2582).

Menm si ou deja tande READY, Set, Go Miami! Ap kòmanse, atelye yo pwograme pou mwa Me a pou ede paran yo pare pou mwa ete yo lè timoun yo plis kòmanse blye sa yo te aprann.

Nenpòt moun ki enterese aprann plis sou Ready, Set, Go Miami! ka vizite READySetGoMiami.com pou plis enfòmasyon sou inisyativ la, enskri pou òganize yon atelye, epi jwenn plis enfòmasyon sou patnè MDGLR yo.