Read to Learn

Children on the floor reading

Yon inisyativ global kominotè pou ogmantasyon kantite timoun twazyèm ane lekòl yo ki li nan nivo oubyen pi wo nivo eskolè yo a.

Kapab li nan nivo eskolè a lè'w rive nan twazyèm ane lekòl se yon siy ki anonse siksè ke timoun sa pra'l genyen nan lekòl primè ak segondè, men malgre nivo kapasite lekti nivo eskolè nan Konte Miami-Dade la rete fiks, twòp timoun pa menm reyisi rive nan nivo kritik sa. Ane enpòtan sa nan lavi timoun nan se lè pou yo fè tranzisyon soti nan aprann li pou rive nan li pou aprann. Si yo pa fè sa, konsekans yo ap grav. Katreven-wit pousan timoun ki pa janm gradye nan lekòl segondè pa’t twò bon nan twazyèm ane lekòl yo epi sila ki abandone lekòl segondè yo touche mwens ke mwatye gradye inivèsitè yo.

Absans pratik pandan vakans yo, absans nan klas pandan ane lekòl la epi mank preparasyon pou lekòl se twa gwo rezon ki lakòz timoun yo pa rive li jan sa ta dwe ye nan nivo eskolè. Jwe wòl pa'w la. Kòm premye ak pi bon pwofesè pou pitit ou, ou ka ede yo reyisi nan lekòl ak nan lavi yo lè ou fè lekti avèk yo chak jou, epi swiv gid senp sa yo:

  • Li chak jou ansanm pou pi piti 20-30 minit.
  • Rantre nan mouvman #Read30 a
  • Kreye libreri liv pou timoun pa'w lakay ou.
  • Pou timoun ki pi piti yo, chwazi liv ki gen figi, bèt ak bagay ou ka montre epi bay opinyon sou yo.
  • Fè lekti a amizan lè ou fè diferan vwa pou diferan karaktè.
  • Pale ak pitit ou epi reponn kestyon yo. Poze pwòp kestyon pa'w epi tande repons timoun yo.
  • Pale de mo yo ki nan paj yo, son lèt yo ak kòman pou li yo, soti nan goch pou rive nan dwat epi anlè pou rive anba.

Telechaje konsèy sa yo avèk lòt, kòm dokiman enprimab lè ou klike la: Angle, Espanyòl, Kreyòl.

Patenarya Libreri a

Miami-Dade County Public Library System logoLiv se kle pou debloke imajinasyon yon timoun epi louvri je yo sou yon mond kote yo pra'l aprann. Entwodwi pitit ou avèk pouvwa libreri ki pi pre’w la. Pou plis enfòmasyon sou tout sa Miami-Dade Public Library a gen pou ofri, vizite lyen sa yo:

Asosiyasyon Liv

Anrejistre pitit ou a nan The Childen's Trust Book Club resevwa liv gratis. Klike pi ba a pou aprann plis.

The Children's Trust Book Club Logo

Liv Gratis

Read to Learn Books for Free

Yon lòt pwogram ki gen nan inisyativ sa tou se Books for Free, ki mete plen etajè ak liv tout kote nan Konte Miami-Dade. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kibò etajè liv sa yo ye oubyen kòman ou ka fè pwogram kado liv ki pa twò abize oubyen liv nèf, ale sou www.miamibookfair.com.

"Read to learn" genyen kòm patnè Miami-Dade County Public Schools, gouvènman Konte Miami-Dade la ak sistèm libreri li a, Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe, Miami Dade College, Miami-Dade Family Learning Partnership, United Way of Miami-Dade ak The Children's Movement of Florida.