Ilistrasyon bandaj pou dwèt twa timoun.

Lorelyn Medina/stock.adobe.com

Ranmase-epi-Ale-avèk Kit Ijans

Pare alavans. Swiv gid kisa-pou-pa-bliye-pran sa yo, si janmè…

Pèsonalize kit la. Esansyèl ou kenben tou pre’w yo dwe la espesyalman pou espò pitit ou fè yo. Egzanp, nan bezbòl, lanse baton bezbòl la epi kouri ka fatige bra, jenou yo, cheviy, itilize glas ak bandaj. Nan yon espò tankou Trak, kote kouri ka lakoz dechiri, bandaj elastik ak pansman nesesè anpil nan kit ijans lan. Chak espò gen risk pa yo, alòs abitye ou ak tout pyèj posib yo.

Fè plizyè konpatiman. Separe atik yo epi pare pou itilize, an sekirite kont dlo, sachè plastic ki fèt ak zip kika louvri fasil. Bay chak kategori yon non (egzanp, Tretman Toutswit yo) avèk yon makè ki pa’p efase pou ka jwenn yo fasil.

Evite ekspirasyon. Tcheke dat ekspirasyon yo; ranplase epi replen sa ki prèske fini yo; epi lòt atik si nesesè. Ajoute lis atik ki andedan kit ijans lan kòm referans.

Anbale li. Rekòmandasyon sa yo, ke espesyalis Paul S. Auerbach rekòmande, li se pwofesè operasyon nan Stanford University Medical Center epi otè liv Medicine for the Outdoors, mete ansanm diferan atik nesesè pou kit ijans.

Atik Jeneral
•    Ti kat nòt ki gen enfòmasyon kit ijans oswa ijans/CPR la
•    Sizo pou bandaj
•    Tèmomèt oral
•    Ti mòso bwa pou mete anba lang
•    Mask CPR pou bouch
•    Pake glas chimik ki fèt pou ijans
•    Gwo sachè ki fèt pou sandwich (pou kenben glas pou pake glas yo)
•    Kouvèti
•    Selilè
•    Lis nimewo telefòn pou ijans yo (paramedik, sèvis ijans lopital)

Swen Pou Blesi
•    Bandaj elastik tout gwosè (tout kalite)
•    Pansman esteril, gwo epi piti
•    Bandage esteril ki pa kolan, diferan gwosè
•    Twal, ipoalèjik epi tep adezif ki ka pran dlo
•    Savon alèjik
•    Aplikatè long ak koton esteril
•    Dezenfektan benzoin
•    Dezenfektan iyodin ki gen 10% solisyon
•    Gwo aplikatè ki gen yon sèl tèt
•    Ti sèvyèt mouye

Plat ak Sipò an Twal
•    Bandaj triyangilè
•    Bandaj elastik
•    Plat (2)
•    Plat pou dwèt

Swen pou Zye
•    Pansman oval esteril anbale pou zye 
•    Pansman anbale pou zye
•    Pwoteksyon ki fèt an plastik oswa an metal pou zye
•    Dlo esteril pou zye
•    Zouti pou retire contak lens

Atik pou Swen Dan
•    Sistèm prevansyon ijans pou dan

Atik Preparasyon Swen pou Po
•    Krèm pou bakteri

Medikaman ki pa Bezwen Preskripsyon
•    Medikaman anti-enflamatwa ki pa gen esteròy
•    Medikaman pou kalme doulè ak fyèv
•    Remèd dekonjestan pou nen

Kit pou Alèji
•    Piki enjektab epinefrin
•    Remèd antihistamin