Pwofesè k’ap montre yon paran travay pitit li.

Freedomz/stock.adobe.com

Rankont Parant ak Pwofesè

Kòman pou pwofite avantaj yo
Kòman pou pwofite avantaj yo 

Chak kòmansman ane lekòl yo, paran yo rantre nan yon alyans ki pra’l afekte siksè ane lekòl pitit yo. Patenarya paran-pwofesè a kòmanse lè timoun yo rantre nan pòt lekòl, vre kowoperasyon paran-pwofesè kòmanse fèt nan konferans yo.

Prèske tout lekòl òganize konferans toutswit apre lekòl fin louvri, Men rankont enpòtan sa yo ka fèt nenpòt ki lè, epi yo ta dwe fèt souvan. “Kèlkeswa lè paran yo gen tan yo ta dwe òganize rankont sa yo epi pwofite de yo,” se sa Andrea di, le se yo pwofesè lekòl elemantè depi 29 lane. “Si paran yo gen kestyon ke yo ta renmen poze, Mwen vle ke yo pote yo sou tab la.”

Se sa Danielle fè. “Anvan ke li ale nan yon rankont, li ekri yon lis kestyon ki vin nan tèt li, kit se enkyetid oswa bagay ke mwen remake lè m’ap gade pitit mwen ki ap fè devwa li yo. Mwen reyalize ke mwen pa fè lis kestyon, mwen kite konferans lan pandan mwen sou wout mwen sonje, ‘Ke’m bliye pale de tèl bagay!’ “

Diferan nasyonalite leve men yo, antoure ak yon siy kestyon.
Rawpixel.com/stock.adobe.com
12 Kestyon ki Dwe Poze
Pwofite sistèm “face time” selilè yo pou fè apèl paran-pwofesè pou poze kestyon tankou:
• Èske pitit mwen sanble ke li kontan nanl ekòl la?
• Èske gen yon sijè ke yo pi renmen patisipe ladan’l nan klas la?
• Èske ou dekouvri ankenn enterè espesyal oswa konpetans? Si wi, kisa mwen ka fè lakay pou’m ankouraje Talan sa yo?
• Èske li gen feblès nan kèk matyè kote mwen ka pote èd oswa li pa ta twò motive ladan’l? Kisa mwen ka fè pou sa?
• Èske pitit mwen gen difikilte ak devwa klas yo?
• Kòman yo adapte yo ak sa ki parèt pou yo?
• Kòman yo konpòte yo lè yo fè erè?
• Kòman yo konpòte yo ak lòt timoun oswa granmoun yo?
• Èske lòt kamarad klas yo aksepte yo?
• Èske gen pwoblèm sou jan yo konpòte yo? Kòman yo aji lè dirijan korije yo lè se pa tou yo pou yo pale, lè gen move atitid, eksetera?
• Kòman entèlijans kreyatif ak fakilte pou rezoud pwoblem yo ye? Kisa ou rekòmande kòm solisyon nan sans sa?
• Jiska ki nivo mwen ta dwe mele’m nan devwa lekòl pitit mwen an?

Danielle pale tou ak pitit li yo anvan. “Lè pitit mwen te fèk kòmanse lekòl, yo te on ti jan enkyete lè yo tande ke mwen pra’l kontre ak pwofesè yo,” se sa li eksplike. “Alòs kounye a fè yo konnen si gen yon sijè eksak ke ou pra’l abòde ak pwofesè a. Konsa yo p’ap gen enkyetid pandan mwen pa la.”

Pandan rankont lan, paran yo ka aprann sou travay pitit yo epi konnen ki jan y’ap evolye. “Mwen gen yon rapò sou chak elèv ki divize an plizyè seksyon,” se sa Andrea di. “Dabò nou tande yon anrejistreman kote pitit yo ap li, epi nou konsilte rapò a.” Pandan y’ap fè pwogrè nan cahk matyè yo, Andrea note si y’ap fè pwogrè nan yon matyè kèlkonk epi adrese sa si janmè ta gen feblès. Si gen yon pwoblèm, li fè yon rekòmandasyon epi mande paran yo opinyon yo.

Se te eksperyans Natasha. “Lè pitit mwen te pi jèn, pwofesè yo te konn montre’m travay li yo epi ban’m opinyon’l.” Sa, li di, te fè li konprann pi byen jan pitit li ap travay. “Li enpòtan pou konn opinyon pwofesè a. Ou ka panse ke tout bagay anfòm, men pwofesè a ka gen enkyetid sou yon bagay li menm.”

Se sa’k rive Danielle. Li te panse ke pitit fi li t’ap travay byen, men pandan yon rakont pwofesè a di ke gen senk tès ke li pèdi. “Lè pwofesè di’m ke senk tès ke pitit fi’m pa’t retounen, mwen choke! Sa tèlman pa’t sanble avè’l.”
 
Lè Danielle tounen lakay, li mande pitit fi’l kote tès sa yo epi li dekouvri ke se te yon malantandi. “Li te choke anpil. Li di, ‘Mwen pa’t konnen ke mwen te dwe fè siyen yo epi retounen yo!’ Epi li pran sak lekòl li tout te la, jis anba.”

Se nòmal ke paran yo vini nan rankont yo avèk sa ke yo ta renmen tande ki deja nan tèt yo, men yo ta dwe reyalize ke pwofesè yo menm jan tou. “Youn nan pi gwo bagay ke mwen kwè se ke pa gen ankenn paran k’ap rate rankont sa yo,” se sa Andrea di. “Mwen vle pou yo tande, men tou pou yo pataje. Yo konn pitit pi byen pase tout moun.”

Youn nan bagay paran yo ka fè se di pwofesè yo kisa pitit yo renmen, sa yo pa renmen, fòs ap feblè yo. Sa ka men’m ede si yo di pwofesè yo si pitit soufri maladi estrès – tankou si yo pra’l al abite yon nouvo kote, lanmò yon manm fanmi an oswa divòs. “Nenpòt sa ki ede konprann pitit yo pi byen, Mwen vle konnen,” se sa Andrea di.

Si yo pale sou yon pwoblèm lekòl oswa konpòtman pandan rankont lan, souvan pwofesè fè yon rekòmandasyon epi mande paran yo kisa yo panse. “Lè pitit mwen te kòmanse premyè lane lekòl li, li te gen anpil difikilte devan’l,” Natasha eksplike. “Li te oblije al fè jadendanfan nan yon lòt lekòl espesyal, epi sa vin mete li anreta devan lòt timoun klas li yo.” Pandan rankont lan, Natasha ak pwofesè a pale sou ki jan yo ka ede li ratrape li. “Pwofesè a te konvenkan. Nou te mete yon plan sou pye epi te tout bagay te vin anfòm.”

E si’w gen yon pwoblèm ak pwofesè pitit ou a? “Pa ale sou fè kont men eseye rezoud pwoblèm lan,” se sa Danielle di. “Pale de pwoblèm yo san ou pa akize pèsòn epi travay ansan pou rezoud li.”

Andrea dakò. “Si paran gen kestyon sou mwen, mwen vle yo vini kote’m pou pale ak mwen. Epi, si yo pa satisfè ak repons mwen yo oswa pa jwenn rezilta yo t’ap chèche a, yo ka al jwenn direktè a. Men mwen mande ke yo pale avèk mwen dabò.”

Apre rankont lan, paran dwe chita ak piti yo pou pale sou s’ak te diskite yo. “Ke genyen oswa pa gen pwoblèm, mwen di timoun yo tout sa ki te pale,” se sa Natasha di. “Mwen vle yo konnen ke nou tap travay sou sa.”

Travay ansanm se objektif la. “Mwen eseye bay 100 pousan, epi mwen vle ke paran ak timoun yo bay 100 pousan tou,” se sa Andrea di.

“Konklizyon an se kominikasyon ak kowoperasyon – se pou sa rankont paran-pwofesè yo fèt,” se sa Danielle fini pou’l di. “Yo mete sou pye yon baz travay pou yon bon relasyon k’ap benefisye pitit ou pandan tout ane lekòl la.”