Fanmi kè kontan ki ap jwe.

Fanmi kè kontan ki ap jwe.

Ranfòse Entèlijans Timoun Yo Pandan Tout Ete A!

9 bon fason pou pwofite fè yo aprann
9 bon fason pou pwofite fè yo aprann 

Ane lekòl la pra’l fini, men sa pa vle di ke timoun yo ta dwe sispann aprann. Anreyalite li enpòtan pou kenbe sèvo timoun yo okipe pandan ete a, pa sèlman pou devlopman mantal yo, men abilite pou aplike yo.

Si ou se yon paran ou dwe deja tande pale de “summer slide” (sa vle di anpil timoun bliye sa yo te aprann pandan ete a), men èske ou konprann ak mesaj li pote a? Yon etid ke Duke University te fè montre ke timoun ki tounen lekòl apre vakans pèdi sòti youn jiska twa mwa konesans yo te pran, espesyalman nan matematik.

Sa pa vle ke’w pra’l oblije jwe wòl yon pwofesè pandan ete a, men sa vle di oud we ranfòse lakay la tout sa ki te aprann nan lekòl la. Konsidere estrateji sa yo:

“Chak jou nan lavi a pote yon leson ke ou ka aprann.”

Ale nan libreri a. Anpil branch aktivite ete pou timoun Miami-Dade Public Library ansanm ak envite espesyal, mizisyen ak lòt aktivite ki ankouraje enstriksyon. Motive timoun yo pou chwazi liv ke yo renmen epi pa fè timidite pou chwazi liv tikomik, liv komedi ak magazine. Liv ke ou ka tande nan aparèy se yon lòt resous ankò ki ka ede nan ranfòsman entèlijans timoun yo.

Tès evalyasyon pou memwa. Bay pitit ou defi pou li sonje yon mizik konplè oswa yon istwa, oubyen ankouraje yon group timoun pou fè yon ti pyès teyat.

Planifye ti vwayaj pandan jounen yo. Al vizite mize, galri atizana, zou, ak kote yo fè espektak; ale sou sitwèb ak kalandriye kominotè – tankou sa ki sou www.touttimoun.org – pou ka jwenn enfòmasyon sou evenman ki pa chè oswa ki gratis. Anpil kote ofri plizyè aktivite edikasyonèl (amizan!) pou timoun yo pou ete a. Etid montre ke mizik fè bon efè sou sèvo timoun piti, pandan ke dans ede nan amelioration entèlijans yo. Genyen tou, yon pak local nan lis la vini ak yon liv ki pale sou lanati. Petèt wa dekouvri yon flè, zwazo oswa yon ensèk ka enterese kiryosite yon timoun pou’l aprann sou li.

Fè manje ansanm. Fè manje ak fè desè gen gwo kalkil matematik/syans/lekti sa mande chwazi bon resèt, jwenn bon engredyan, respekte mezi yo epi swiv direksyon yo.

Òganize jwèt pandan lannwit. Jwèt sou tablo tankou Candy Land ak Chutes & Ladders montre timoun yo konte, rekonèt koulè; timoun ki pi gran yo ka aprann anpil nan Scrabble, Monopoly ak Scattergories. Ou ka fè jwèt pa’w tou ak timoun ki pi piti yo poze yo kestyon tankou “Ki mo ki sonnen men jan ak ‘maison?’” oswa “Panse ak yon mo ki kòmanse ak lèt ‘S.’”

Pran yon plim. Fè timoun yo ekri lèt bay zanmi yo oswa fanmi yo, oswa ede jwenn yon zanmi pou ekri youn ak lòt, petèt nan yon sant local. Sijere pitit ou pou’l ta vin yon repòtè pou’l òganize yon bilten familyal oswa ede yo demare jounal.

Itilize tan yo pase devan ekran pi byen. Itilize aplikasyon k’ap pèmèt yo aprann tankou sa Common Sense Media ak Duck Duck Moose genyen yo.

Fè lis bagay yo gen pou fè yo tounen yon zouti pou aprann. Chak jou nan lavi a pote yon leson ke ou ka aprann. Ale nan yon ti boutik, ka pèmèt timoun lan aprann lè ou mande’l pou’l kalkile pri bagay yo oswa fè kalkil konbyen lajan w’ap ka sere ak koupon yo oswa rabè yo. Yon ti flannen nan zòn ka louvre yon ti diskisyon sou kantite distans sòti nan pwen A pou rive nan pwen B, pandan ke peye pou ti kònè krèm ak lajan kach ka ankouraje yo fè kalkil, fè yo kalkile konbyen monnen k’ap rete.

Kreye yon seyans syans ki amizan. Ki timoun ki pa’p kontan jwe ak dlo penti kolore, yon asanblaj ki fèt ak ti bwa ki konn netwaye dan yo epi machmalo oswa jwèt ki fèt ak bagay ke ou ka manje? Chache reset yo sou entènèt ak lòt aktivite syantifik (STEM) ki bon pou laj pitit ou.