Manman ki ap mete krèm pwoteksyon solèy sou yon jèn tifi.

Ermolaev Alexandr/stock.adobe.com

Pwoteksyon Kont Solèy la Pandan Ete A

Toujou pwoteje timoun yo!
Toujou pwoteje timoun yo! 

Solèy la prèske dire tout lane a nan ete Sid Florid la, men mwa solèy fè moun plis anvi rete deyò – donk sa gen danje kote timoun ekspoze anba reyon solèy. Men kòman pou nou diminye danje yo:

Timoun Anba Laj 6 Mwa
• Timoun ki gen pi piti ke 6 mwa pa dwe rete anba solèy; lè yo deyò toujou fè yo rete nan lonbraj anba pye bwa, parapli oswa nan pousèt yo.
• Mete rad lejè ki kouvri bra ak pye timoun yo epi mete chapo laj nan tèt yo.
• Si ou pa jwenn kalite rad sa yo oswa pa gen kwen ki gen lonbraj, mete krèm pwoteksyon solèy ki omwens 15 SPF sou yo nan pati kò sa yo, tankou sou bra yo ak dèyè kou yo. Nòt: Eseye krèm pwoteksyon solèy la nan do timoun lan pou wè si li pa alèji ak li anvan ou mete li sou tout kò li.
• Sonje: Sa pran 30 minit pou krèm pwoteksyon solèy rantre nan po a pou’l kòmanse bay rezilta.

6 Mwa Oswa Plis
• Pi bon mwayen defans kont reyon solèy se kouvri kò a. Kenbe timoun yo nan lonbraj tout tan ou kapab, epi evite lè solèy la pi cho – ant 10 a.m. ak 4 p.m.
• Itilize krèm pwoteksyon solèy ki ka reziste dlo, ki gen antibyotik epi ki gen 15 SPF pou pi piti pou mete sou po timoun yo kote rad pa kouvri yo; evite espesyalman zòn zye timoun yo.
• Remete krèm pwoteksyon solèy chak de zèdtan, oswa lè yo sòt nan dlo oswa yo swe, epi rasire’w ke ou mete ase – 1 ons konsa chak fwa w’ap mete li.
• Gen plis reyon solèy lè gen anpil nyaj, alòs itilize krèm pwoteksyon menm si ou wè gen nyaj.

Sous la: The American Academy of Pediatrics.