Timoun Afriken-Ameriken yo bati yon mini wou Ferris pandan kan ete yo.

The Children's Trust

Pwogram Summer 305 Adventure Makònen Plezi ak Aprantisaj

Trust la met ansanm ak distri lekòl la pou yo konbat bak elèv fè akòz COVID-19 la
Trust la met ansanm ak distri lekòl la pou yo konbat bak elèv fè akòz COVID-19 la 

Mete pitit ou sou bon chemen nan kesyon aprann lekòl epi fè yo rete sou chemen sa a se bagay ki te toujou difisil. Vin ajoute yon pandemi mondyal ak desizyon fè tout elèv al aprann sou entènèt pou plis pase yon ane, sa fè timoun nou yo pa ka tann pou yo tounen lekòl pou yo rekonekte ak aprantisaj tradisyonèl la.

Men, rete tann jis lè lekòl vin ouvè ankò kab yon erè. Timoun yo dwe aprann pandan ete a. Yon sèvis ki rele Wyzant ki bay timoun leson sou entènèt dekouvri nan yon sondaj li fè, "43% moun ki bay leson di yo kwè pandemi an lakòz elèv yo fè bak nan sa yo aprann lekòl. Prèske yon tyè pami sa ki te reponn sondaj la di yo panse kèk nan elèv y ap bay leson yo pap janm ratrape epi 78% nan yo di elèv y ap bay leson yo, sa k ap aprann a distans yo, plis bezwen èd. "

Men Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ak The Children’s Trust pran angajman pou yo prepare timoun pou yo tounen nan klas, e sa vle di fè yo aprann pandan ete a. Yo tou de ap lanse yon inisyativ ki rele Summer 305 Adventure pou ede plizyè dizèn milye timoun ale nan kan ete gratis (y ap fè lide pran jiska 65000 elèv an konparezon a yon dizyèm nan kantite sa a nan yon ane nòmal). Òdinèman timoun sa yo te ka pa rantre nan yon kan dete epi yo kab pi vit pèdi nan sa yo te aprann.

Nan kad inisyativ sa a, plis pase 400 pwofesè nan M-DCPS pral vizite plis pase 300 kan regilyèman pou yo bay leson epi pou fè timoun yo aprann anvan yo tounen lekòl an pèsòn. Alberto Carvalho, Sipèentandan M-DCPS di Miami Herald: "Nou gen anpil bagay pou nou fè ak pwomès sa a, e se yon pwomès ak yon lide ki baze sou valè timoun ki nan nesesite. Pou byen di w, se yon fason pou n deja derape ak ane lekòl 2021-2022 an.”

James R. Haj, Prezidan Direktè Jeneral The Children’s Trust di: "Pandan kan dete ane sa a ap bay timoun yon kote ki pwodiktif epi ki gen bon jan pwoteksyon pou yo amize yo, kan an pral travay plis sou aktivite lekti ak ekriti ak lòt aktivite pou kontrekare bak elèv yo fè akòz COVID-19’ la.”

Ale sou sit summer305.dadeschools.net oswa www.TheChildrensTrust.org/SummerCamps (ki gen yon kat jewografi entèyaktif ki montre kan ki bon pou elèv lekòl primè, elèv nan klas entèmedyè ak sa ki nan klas segondè) pou w jwenn plis ransèyman sou fason pou yo enskri nan youn oswa plis pami plizyè santèn kan ki nan diferan zòn epi ki gen diferan tèm.

Fè pitit ou pran pa nan youn nan kan amizan sa yo se yon bon mwayen pou amelyore pwogrè yo sou plan akademik san w pa oblije mete yo chita chak jou epi fòse yo li oswa fè egzèsis matematik, malgre se yon bon lide pou w fè sa tou tanzantan.