Yon pwofesè aprantisaj byen bonè pale ak yon gwoup timoun ki antoure li sou yon tab.

WavebreakmediaMicro/stock.adobe.com

Priyorite lejislatif Trust yo jwenn apwobasyon

Bonè aprantisaj lalwa ak liv klib bòdwo adopte
Bonè aprantisaj lalwa ak liv klib bòdwo adopte 

Apre timoun ak fanmi Miami-Dade County fin pase tray anba anpil nan difikilte COVID-19 yo pou plis pase 15 mwa, yo resevwa yon bourad nan men Tallahassee ane sa a avèk nouvèl ki anonse gen plizyè pwojè lwa yo vote nan lachanm ki pral gen efè dirèk sou koze lavi miyò pou yo.

Menm jan ak chak ane, ekip lejislatif Children’s Trus la travay di nan defann dwa timoun ak dwa fanmi nan Miami-Dade County pandan tout fen sesyon lejislatif la nan mwa me a. Epi gen bon nouvèl, avèk lwa yo vote ki pral fè efè sou ansèyman timoun piti, sou aprantisaj lekti ak ekriti, sou fi ki fèk vin manman, ak sou fanmi ki gen difikilte pou yo resevwa èd gouvènman e ki prèske rive oswa ki sou liy povrete federal la.

Klib liv nan tout Eta a: Fanmi Miami-Dade County ki manm Klib liv The Children’s Trust la (The Children’s Book Club), yo pral kontan konnen gen yon pogram nan tout Eta a ki pran egzanp sou modèl pa nou an, Lachanm vote l epi Gouvènè Ron DeSantis siyen l. Pwogram sa a nan tout Eta a pral bay distri lekòl yo opòtinite pou yo chwazi antre oswa pa antre nan yon pwogram klib liv ki fèt espesyalman pou timoun kindègadenn a 3yèm ane nan kad efò k ap fèt pou amelyore kapasite lekti ak ekriti timoun yo pandan yo tou piti. Se yon fondasyon prive ki pral dirije pogram nan, e menm jan ak pogram Trust la, timoun pral resevwa liv gratis pa lapòs

Aksan renouvle sou ansèyman timoun piti: Yon akò ki pi enpòtan toujou gen pou wè ak lwa gouvènè a siyen an sou ansèyman timoun piti ak inisyativ pogram siksè de twa premye ane lekòl yo. Sa fèt pou chanje teren an pou tout timoun nan Eta a de lè yo fèk fèt jiska 8yèm ane. Pwojè lwa total kapital sa a ap chache amelyore kalite ansèyman timoun piti epi li bay tout timoun menm chans egalite nan afè aprantisaj avèk divès evalyasyon ak sèvis ratrapaj dekwa pou edikatè ak paran kapab suiv pogrè timoun pou asire yo fè tout aktivite enpòtan nan afè aprantisaj timoun depi yo tou piti.

Sipò pou manman apre akouchman: Gen yon pwojè lwa yo vote kòm lwa ki enteresan anpil pou nouvo manman; lwa sa a pral pwolonje asirans maladi pou nouvo manman ki genyen Medicaid; asirans lan te konn dire 3 mwa, kounye a li pral dire yon ane. Sa vle di manman ki fèk fè pitit pral gen asirans pou tout sèvis medikal ak sèvis swen mantal pandan 4 fwa pi lontan.

Pou w sa toujou okouran sa k ap pase nan lachanm Eta a ansanm ak travay Trust la ap fè, enskri pou w resevwa bilten enfòmasyon Capitol Connection newsletter an epi al vizite sitwèb TheChildrensTrust.org la.