Yon jèn ti gason balanse yon drapo Ameriken ak yon mask sou li.

Christine Glade/stock.adobe.com

Prepare Timoun Yo Pou Foli Elektoral La

Aprann timoun yo tolerans, senpati ak respè pandan moman ajite yo
Aprann timoun yo tolerans, senpati ak respè pandan moman ajite yo 

Dapre yon etid Southern Poverty Law Center (Sant Lwa Sou Povrete Nan Sid La) te fè, enpak Eleksyon prezidansyèl 2016 la sou timoun nou yo te enkyetan. Nèf nan 10 edikatè te di ke yo te wè efè negatif sou atitid ak konpòtman elèv yo apre eleksyon an; Uit nan 10 rapòte nivo enkyetid la te pi wo nan elèv ke yo neglije nan sosyete a tankou imigran, Moun Nwa, LGBT ak Mizilman; alòske mwatye nan moun ki reponn yo te di elèv yo tap cheche kont youn ak lòt akòz preferans kandida yo pito.

Pa gen okenn dout eleksyon resan yo te kontwovèsyal. Men, eleksyon ane 2020 an, anplis yon pandemi atravè lemond, tansyon rasyal kap bouyi sèten kote nan peyi a ak yon ekonomi ki fèk parèt, tout sa ta ka fè kontwovèsi anvan yo sanble anyen. Paran yo bezwen pare timoun yo sou jan pou yo fè fas ak panse sou yon eleksyon ki ta ka san parèy an tèm konfizyon, rayisman e menm vyolans.

Avèk nasyon an ki aparamman divize pi mal kounye an, sa ta yon bon travay kote paran yo ta ka bese entansite a, diminye entolerans la ak fè efò pou anseye senpati ak konpreyansyon pou tout moun menm nan moman emosyonèl sa yo. Jan yon paran ka fè sa depann anpil sou laj timoun li yo ak nivo konpreyansyon yo sou sa k ap pase a, osi byen baze sou kantite tan yo ta dwe expoze a  aspè negatif eleksyon an.

Men, si yon timoun pral kapab fè sans ak sa k ap pase an nan yon jan ki an sante, gen kèk bagay fondamantal ke tout paran yo ta dwe swiv. 

Kòmanse Bonè
Timoun, menm sa ki pi piti yo, absòbe plis pase sa ou panse. Yon apwòch "mwens se plis" pi preferab pou jèn timoun men sa pa vle di ou ta dwe izole yo konplètman de sa k ap pase a. Bay yo yon fondasyon moral epi anseye yo tolerans pou tout bò, men pa bay twòp enfòmasyon ki ka pwovoke enkyetid. Gen anpil resous ki la pou ede ak sa, tankou konsèp de baz wap ka jwenn la a.  The Children’s Trust la gen yon paj tou ki rele Civics pou Timoun ki gen yon lis ak lyen pou sit entènèt, videyo ak liv (ki disponib nan Bibliyotèk Miami-Dade Konte) ki eksplike sa k ap pase nan yon jan ti moun yo ka konprann.

Nan tan nòmal, li ta yon benefis pou mennen pitit ou yo nan yon kabin vòt, yon rasanbleman, mize ak bilding gouvènman epi eksplike yo enpòtans kote sa yo nan yon jan yo pral konprann. Paske al pwomnen limite pandan pandemi an, yon lòt jan pou angaje timoun yo se angaje yo nan yon konvèsasyon byen reflechi e ki senp sou pwoblèm ki egziste jodi a. 

Tradwi Langaj Politik la
Politik ka byen dezagreyab ak difisil pou jèn timoun yo ka konprann. Menm timoun ki pi gran ka gen yon pwoblèm lè kanpay ak kòmantè vire sou sijè entimidasyon. Ede yo dekode siyifikasyon ki dèyè mesaj sa yo nan yon jan ki apwopriye pou laj yo, epi ou pa bezwen pè montre yo lè diskou a ale twò lwen oswa li pa apwopriye.

Nan yon atik sou entènèt pa Fanmi Nat Geo, "Pale ak timoun sou eleksyon an," sit wèb la eksplike bagay la jan sa a:
"Pifò timoun yo pa pral konprann yon fraz tankou 'distribye resous ra." Men, yo konprann konsèp pataj ak sa ki jis. Paran yo ka fè konparezon lwa yo ak règleman timoun yo dwe swiv lakay yo. Yo gen konpreyansyon kap devlope sou wòl règleman geyen pou asire ke tout moun rete an sekirite ak an sante. "

Ankouraje yo reflechi ak endepandans sou pwoblèm yo
Menm si ou ta vle yo dakò avè w, lè wap elve timoun, ou fèl yon jan pou yo ka panse pou tèt yo ak pran desizyon pwòp pa yo. Sa a enpòtan anpil pou adolesan yo. Minimize konvèsasyon sou kiyès ou panse ki bon kandida a. Pito ou poze yo kesyon ki pral fè yo panse sou kisa ki fè yon moun se yon bon chwa pou kominote yo ak pou peyi a.

Ede pitit ou, espesyalman sa ki nan lekòl primè ak segondè, jwenn enfòmasyon objektif ki egza pou yo ka fòme pwòp opinyon pa yo. Pandan yap reziste anba tantasyon pou kategorize moun nan manyè ki negative,fè yo sonje enpòtans konsidere tout pati anvan yo pran desizyon, epi  fò w yo sispann konsantre sèlman sou kandida yo men konsantre sou sijè yo, 

Alyssa Westring, ko-otè liv Paran Ki Dirije te di Fanmi Nat Geo, "Olye ke ou rele yon kandida yon move moun oswa yon moun enbesil, pale sou sa ki nan kè yo yo, ki sa valè yo ye, epi si valè yo egal a valè pa w." "Ou ta ka di, pa egzanp, pwoteje anviwònman an gen anpil valè pou mwen e men gen yon kandida ki sousye li  men jan avè m pou pwoteje anviwònman an tou. Kisa ou panse sou sa? Ki sa ou ta renmen? Nan tèt ou, ki sa yon bon politisyen ta dwe renmen fè ?” 

Kisa w ka fè ak nouvèl yo?
Malgre ke fè analiz stasyon nouvèl ak lòt platfòm nouvèl yo ansanm pou konnen nan ki ès ladan yo ou pi kwè kapab yon bon eksperyans aprantisaj pou timoun ki pi gran yo, men genyen tou yon danje akòz divizyon kap domine nan medya jodi a ki ka mete valè negatif nan yo. Si ou kite yo gade nouvèl sou televizyon oswa sou entènèt, fò w la pou ede yo byen egzamine sa y ap wè a epi ankouraje yo poze kesyon sou sa yo wè ak tande. Konsantre atansyon w espesyalman pou evite anons politik oswa sa ki ekri sou platfòm sosyal yo ki ekstrèm epi pare kò w pou bay yo eksplikasyon sou yo.

Ranfòse valè fanmi ou
An reyalite, chak kay ak fanmi pral wè eleksyon an nan yon manyè diferan. Pale sou enpòtans konfyans, onètete ak respè pou opinyon lòt moun e asire w ke yo konprann ke bon moun – men sa ki manm nan menm fanmi yo - ka pa dakò sou pwoblèm politik fondamantal men yap toujou menm bon moun yap kontinye renmen ak respekte. Jis paske kèk kandida, kòmantatè ak anpil granmoun bliye  sa ki vrèman enpòtan nan lavi, pa vle di pitit ou yo ak fanmi yo dwe fè menm jan!