Yon manman ak pitit fi’l ap prepare manje pou lekòl la ansanm.

Monkey Business/stock.adobe.com

Prepare Manje pou yon Lane Lekòl Ansante

Tout manje a pandan repa midi lekòl la
Tout manje a pandan repa midi lekòl la 

Klòch la sonnen. Se premye jou lekòl la. Tès. Kisa ou prepare pou manje nan maten? E a midi? Ou bouyi (de-twa ze?) pou met bagay yo an plas: yon sandwich, legim ak fwi, ajoute kèk bonbon; oswa, yon konbinezon de tout sa yo. N’ap espere ou panse a sa anvan lè a.

Rense epi fè’l ankò. Sèlman 179 fwa pou lane lekòl la.

"Lè timoun patisipe nan chwazi ak prepare manje a gen plis chans pou yo manje li,” se sa Lynn Kunins di, li se fondatè ak direktè FLIPANY.

Timoun yo dwe byen manje pou kòmanse jounen lekòl la epi repa midi yo se yo ki pi vekse paran yo. Menm si yo ale ak manje oswa manje manje ki fèt nan lekòl la, kreye bon abitit ak evite ke yo manje manje ki pa bon pou yo gen move enpak pa sèlman sou jounen lekòl la men sou tout vi yo. Li enpòtan anpil!

Erezman, ou pa poukont ou. Swiv konsèy sa yo pouk a jere pwoblèm nitrisyon an pi fasil epi kenbe timoun yo ansante nan lekòl la epi nan lavi yo.

Prepare manje midi depi nan aswè. Dapre FLIPANY, yon òganizasyon ki la pou ede ki ofri bon kalite manje gratis pou timoun nan Miami-Dade, akoz de pwoblèm tan anpil paran pa gen tan pou pare bon manje pou pitit yo. Se youn nan rezon pouki oud we pare li nan aswè. Prepare manje depi nan sware ava nap diminye enkyetid ou epi ba’w anpil tan pou pare yon bon manje ki balance pou pitit ou. Rasire’w ke manje ou fè ka byen konsève pou demen – byen ranje ki p’ap gate epi fwi yo ankè pa koupe yo.

Pwofite lekòl k’ap ofri manje yo. Pou anpil paran, bidjè avèk tan se 2 obstak pou yo pou prepare manje pou timoun yo al lekòl. Erezman, Miami-Dade Schools yo ofri opsyon bon manje ki ansante – tout manje dwe respekte règleman nitrisyon USDA yo – pou ni dejene ak repa midi. Tout timoun jwenn dejene gratis epi tout distrik ofri yon ti repa midi gratis. Kisa ankò, ou ka siveye sa timoun yo ap manje lè ou ale sou www.paypams.com ou ka wè ki manje ki pra’l fèt yo.

Fè timoun yo patisipe nan preparasyon y oak makèt la. Li pa agreyab ditou pou kraze kò’w prepare manje epi nan demen yo vin plenyen apre lekòl ke manje p’at bon. Pou ka evite sa, fè timoun yo patisipe nan makèt la ak preparasyon yo. “Lè timoun yo patisipe nan chwa ak preparasyon manje yo gen plis chans pou yo manje li,” se sa Lynne Kunins di, li se fondatè ak direktè FLIPANY. Epi, yo p’ap ka plenyen pou manje a paske se yo ki te chwazi’l!

Ralanti sou bagay ki dous yo. Se vre, ranpli timoun y oak konflèks sikre epi voye lekòl ran bagay yo pi fasil. Men li pra’l fè yo malad pi devan. Alòs, evite dejene ki chaje ak sik, tankou konflèks, yogou, tablet ak sikreri. Konflèks yo ta dwe fèt ak farin òganik ki bon pou sante epi ki pa gen anpil sik. Pou konflèks oswa yogou ki pa genyen sik, ou ka ajoute fwi poubay gou sikre a.

Bwè pou rete ansante. Menm jan li enpòtan kisa timoun yo manje say o bwè enpòtan tou. Dapre FLIPANY, timoun ta dwe limite kantite ji ke yo bwè - American Academy of Pediatrics rekòmande pou yo manje fwi yo yo pa dwe bwè yo, pou ka jwenn benefis fib yo. Epi tou, menm si lèt gen anpil benefis nitrisyonèl, ankouraje pou yo itilize lèt Almond milk pito epi pa neglije ajoute dlo nan bwat manje yo tou tankou sondaj U.S. National Health and Nutrition Examination Survey fèk fè ki montre ke anpil timoun pa bwè ase dlo nan yon jounen, ki konn vi lakoz obezite.