Plizyè sistèm tanpèt ap fèmen sou Florid.

NASA and Mike Mareen/stock.adobe.com

Preparasyon Pou Siklòn Pandan Kowonaviris La

Prepare w pi bonè, cheche jwenn plis materyèl pase nòmal
Prepare w pi bonè, cheche jwenn plis materyèl pase nòmal 

Gen de mwa depi kòmansman sezon siklòn 2020 an, e jis kounye an anpil nan nou pa ko kòmanse fè preparasyon ki nesesè pou pare kò nou pou yon siklòn. Konsantrasyon nou sou sezon siklòn ane sa a diminye akòz wo nivo ka resan coronavirus la ak lòt pwoblèm san parèy kap boulvèse kominote nou. Pa fè erè kite move tan rive sou ou san ou pa prepare tandi ke ou  ou toujou gen tan pou regle sa.

Plizyè sistèm move tan deja frape pati nan peyi a epi gen lòt k ap devlope kounye a ki ta ka menase La Florid (Pandan sezon ane sa a se mwa Out la ki ka gen plis  move tan). Lè ou konsidere tout ijans nasyonal ke peyi a ap jere kounye an, tout fanmi ta dwe pare pou kèlkeswa sa manman lanati pote ba nou ete ak otòn sa a paske si gen yon gwo siklòn, l ap difisil jwenn èd local, leta ak òganizasyon nasyonal.

Malgre ke Floridyen yo abitye ak konplikasyon siklòn ak lòt sistèm move tan ki ka afekte lavi chak jou, ane sa a ba nou yon nouvo defi. Pou nou ka pi pare, Sant Kontwòl Maladi (CDC abrevyasyon anglè) sijere pran aksyon sa yo:

  • Planifye plis tan pase nòmal pou mete apa pwovizyon, dlo, ak medikaman ijans. Pran avantaj sistèm livrezon a domisil si sa posib, men pwoteje tèt ou si ou bezwen al fè acha an pèson.
  • Asire w ranpli preskripsyon ou yo pi bonè, si sa posib fè yo voye yo pa lapòs oswa al kondwi rive devan fenèt famasi a pou pran yo -oswa estasyone bò twotwa a pou yo ba w yo.
  • Mete w ajou sou tout direktiv lokal konsènan kouvrefe, restriksyon, evakyasyon ak abri ki pral disponib.
  • Si ou dwe evakye, pale ak moun ou planifye rete avè yo pou asire yo pa gen sentòm COVID-19 la, epi fè yo konnen nenpòt pwoblèm fanmi w genyen. Nan mezi posib, kenbe distans sosyal, itilize mask oswa kouvèti fas, lave men ou regilyèman epi pran lòt prekosyon.

Sonje byen, pitit ou yo ap konte sou ou anpil pou sipò emosyonèl ak sekirite fizik yo, pou tèt sa, fasilite sitiyasyon an e kalme laperèz yo, fè yo pataje santiman yo, limite aksè a nouvèl,  epi pou yo pa kontinye pè pwente sou bagay positif.

Kontni Twous Pou Katastwòf
Nou espere ke planifikasyon w pou pandemi fè w gen ase pwovisyon nesesè yo men si se pa sa, fò w aji byen vit, san w pa pèdi sanfwa w. Anba la a gen yon lis bagay esansyèl k ap nesesè pandan ak apre yon siklòn, men konsidere estokaj plis materyèl paske li ka pi difisil pou sòti deyò a pou jwenn atik sa yo akòz pandemi kontinyèl sa a:

• Yon galon dlo pa jou pou chak moun pandan twa jou; 1.5 galon dlo pa jou pou twa jou pou chak bèt kay

• Ti goute ak manje nan bwat ki pap ekspire ki ka dire twa jiska sèt jou (ouvbwat non elektrik)

• Chanjman rad, padsi ak soulye ki solid

• Medikaman ki preskri

• Atik pou ijyèn pèsonèl

• Atik espesyal ak manje pou manm fanmi an ki pou tibebe, granmoun aje oswa manm ki andikape

• Twous pou rann premye sekou

• Telefòn pòtab konplètman chaje plis chajè li

• Jwèt ki pa fè bwi, ak materyèl lekti

• Linèt, lantiy kontak, pil aparèy ki ede tande

• Atik swen pou bèt, ak manje yo

• Flach, radyo batri plis pil

 Disponib nan www.miamidade.gov/hurricane gen yon lis konplè sou materyèl ki nesesè.

Bagay Ou Dwe Konnen Ak Sonje
Diskite plan ijans fanmi an davans espesyalman akòz tout konplikasyon pandemi coronavirus la ap bay. Moun ou renmen yo ka pa ansanm lè yon katastwòf rive, kidonk li enpòtan pou konnen kijan ou pral kontakte youn ak lòt, kijan nou pral tounen ansanm pandan n ap respekte direktiv distans sosyal la epi kisa pou w fè nan ka ta gen yon ijans.

Rezidan ki bezwen asistans pou evakyasyon ta dwe enskri pou Pwogram Asistans pou Ijans ak Evakyasyon (EEAP abrevyasyon anglè) pou asire resevwa èd apre yon lòd evakyasyon anvan sezon siklòn la. Pou plis enfòmasyon, direktiv pou kalifikasyon ak enskripsyon. Vizite www.miamidade.gov/hurricane

Sant Evakyasyon Pou Bèt Kay (PFEC abrevyasyon anglè) disponib pou moun ki abite nan zòn ki gen risk inondasyon, tankou zòn “Baryè Islands”, kominote bò lanmè, kay mobil oswa nenpòt moun k ap viv nan Zòn Ki Planifye Kote Pral Gen Vag Wo Pandan Tanpèt ki resevwa lòd evakye; yo anonse jou lokal PFEC yo ap louvri anvan tanpèt la rive.

Èd Lokal ak Resous
Ou ka jwenn nan www.miamidade.gov/hurricane enfòmasyon sou preparasyon pou siklòn pou rezidan Konte Miami-Dade yo, tankou planifikasyon pou ijans, zòn vag wo pandan tanpèt, evakyasyon ak jan pou resevwa dènye nouvèl yo pandan yon siklòn.

Enkli nan Lòt resous yo:

Gid preparasyon pou siklòn yo

CDE Preparasyon Pou Siklòn Pandan Pandemi COVID-19

Siklòn Santral ki soti nan Weather Channel (Canal Meteo)

Gid Esansyèl Preparasyon Pou Siklòn Nan Eta Florid