Yon desen men yon timoun k’ap cheche men yon adult k’ap travèse yon kè rouj.

kittikorn Ph./stock.adobe.com

Preche & Anseye Lanmou

Ankouraje konpasyon, konpreyansyon ak akseptasyon avèk istwa ki merite rakonte sa yo, se Liz Pearson ki rekòmande yo, li se manadyè West Kendall Regional Library nan Miami, ki fè pati Miami-Dade Public Library System (MDPLS):

Jaden ak Elemantè

The Big Umbrella ke Amy June Bates ak Juniper Bates ekri
Nan bèl istwa akseptasyon sa, yon parapli rouj ki la pou pwoteje tout moun ki bezwen pwoteksyon, kèlkeswa kiyès oswa sa yo ye.

Strictly No Elephants ke Lisa Mantchev ekri
Entèdiksyon pou rantre nan klib bèt yo, yon ti gason ak ti bèt elefan li an epi yon tifi avèk ti bèt skunk li a louvri yon klib kote tout moun byenvini san prejije.

Bear and Wolf ke Daniel Salmieri ekri
Lous ak Lou kontre nan forè ivè epi yo dekouvri ke menm lè ke yo diferan, yo pataje yon kiryozite epi volonte pou devlope lanmitye.

Elemantè

Wonder ke R.J. Palacio ekri
Apre anpil lane kote li te lekòl lakay li, Auggi finalman pra'l nan lekòl piblik. Men èske elèv nan klas li yo pra'l fouye nan pase li?

Inside Out & Back Again ke Thanhha Lai ekri
Fanmi Ha te chape Vietnam nan lane 1975 pou t'al pran refij nan peyi Amerika, kote li jwenn nouvo kay li ki bèl epi kote li pè tou.

Awkward ke Svetlana Chmakova ekri
Peppi gen difikilte pou'l konfòtab nan nouvo lekòl li a, epi li repouse premye moun ki eseye vle zanmi'l.

Lekòl Eelemantè ak Segondè

American Born Chinese ke Gene Luen Yang ekri
Twa naratif mete ansanm nan roman vyolan sa ki montre kote Jin ap eseye chèche plas ak akseptasyon li.

The Hate U Give ke Angie Thomas ekri
Starr se sèl temwen lè lapolis te tire zanmi li a ki p'at menm gen zam sou li, epi li dwe deside pran gwo risk pou laverite.

The Epic Fail of Arturo Zamora ke Pablo Cartaya ekri
Arture ak lite pou ranje restoran grann li kite pou li a nan selabrasyon kilti espektakilè ak kominote sa, ki fèt nan Miami.