Twa ti fi kè kontan, bra yo leve anlè pou montre viktwa.
saksit/stock.adobe.com

Pouvwa Ti Fi!

Enspire pitit fi – ak pitit gason ou yo!
Elisa Chemayne Agostinho
Mekredi, Mas 13, 2019

Claressa Shields Fèt nan Flint, Michigan, nan lane 1995
Grandi pandan papa li te nan prizon, epi manman li se te yon adik alkòl. Claressa ak frè’l ak sè’l te oblije demele yo poukont yo, plizyè fwa yo te rete san manje epi yo te oblije dòmi atè sou planche. Lè li vin gen 9 lane, Claressa di papa’l li te pran leson bòks, misye ri, li di li ke li te twò bèl pou bòks, men manmzèl kanpe dyanm sou desizyon li, li di li: “Mwen pa bezwen modèl – mwen vle vin yon atlèt.” Misye oblije aksepte desizyon Claressa, epi 10 lane apre manmzèl vin premye fanm Ameriken ki genyen yon meday lò nan Je Olenpik pou Bòks. Kat lane apre sa li genyen on lòt meday lò ankò, ki vin fè li se premye boksè Ameriken – fanm kou gason – ki genyen de meday lò.

Claressa di “Si ou ap pase on move jounen epi ou mete nan tè ou ke li paka vin bon, panse ak mwen menm, mwen te reve pou mwen te reyalize yon objektif, epi mwen reyalize li. Ou menm tou, ou kapab.”

Etid Karaktè

Imaj ki sòti nan fim Akeelah and the Bee, Moana ak Wadjda.

Lwe youn oswa plis nan fim sa yo kote yo montrew kijan jèn ti fi sa yo se gwo ewo yo ye nan kominote yo, e kijan yo te pote chanjman nan lavi anpil moun – preske tout fim sa yo disponib sou DVD nan Miami-Dade Public Library System – pou yon bèl sware fim lakay ou ak fanmi ou, pou yo menm tou yo ka tire de bèl leson sou rezilyans, kouraj, entelijans, ak pouvwa fanm. 

Akeelah and the Bee Yon ti fi 11 lane ki ap kritike rasis, diferans ekonomik, ak dout moun genyen nan pwòp tèt yo. Li rive nan on konkou nasyonal eple gras a sipò kominote li ki nan Sid Los Angeles.

Brave Yon Prensès ki rele Merida nan peyi Ekòs. Prensès lan fò anpil nan tire flèch. Li ap pase anpil tray ki mande anpil kouraj ak entelijans, paske fanmi li ak manb wayom lan ap eseye fòse li marye on gason yo chwazi pou li, e li mete pye li atè li di li pa’p marye avèk moun sa.

Moana Pitit fi chèf on tribi nan peyi Polinezi. Lè li vin grandi, li mete fòs ak yon moun mistik ki a mwatye moun, mwatye bondye pou yo ka sove vilaj yo de yon dyab k’ap chèche vanjans. 

Mulan Yon tribi ke yo rele Huns ap anvayi peyi Lachin. On ti fi ki gen 16 lane ki rele Mulan, santi se devwa li pou li ta ranplase zansèt li nan lame Lachin. Se konsa li montre tout moun li ka goumen pi mal pase sòlda gason – si se pa pi rèd.

Pollyanna (1960) Yon jèn ti fi ki malgre li òfelen gen anpil jwa ak anpil pozitivite nan li. Li rann lavi tout moun nan kominote li miyò jouk yo pra’nl pou pwòp fanmi yo. Men sanble bèl lespri li gendwa kraze paske gen on gwo aksidan ki chanje tout bagay.

Wadjda Yon jèn ti fi ki ap viv nan peyi Arabi Sawoudit. Li wè yon bèl bekann vèt li renmen anpil. Men relijion li ansanm ak kilti peyi li mete anpil restriksyon sou fanm nan tout sans. Donk li deside goumen pou dwa li, pou yon jou li ka reyalize rèv li pou li monte bekann li renmen an. 
 
Whale Rider Yon ti fi ki rele Pai Maori grandi nan mitan yon tribi nan peyi Nouvèl Zelann, ki pa janm kite fanm dirije yo, e yo pa anvi chanje sa pyès. Pai Maori li menm, vle chanje sa malgre fanmi’l ak tribi’l pa sipòte li ditou, yo paka rive kwè ke li vle chanje kilti tribi a, epi poutèt sa yo fache anpil avè’l. 

Elisa Chemayne Agostinho ekri tèks sa

Madison Kimrey Fèt nan Burlington, North Carolina, nan lane 2001
Grandi nan yon epòk kote Gouvènè eta li an te komanse chanje lwa elktoral ki te rann sa pi difisil pou anpil moun vote – ki gen ladan adolesan, ki jiska lè sa yo te ka anrejistre alavans – lè li vin gen 12 lane, sa te fè Madison vin fache anpil, epi li komanse revòlte. Li kòmanse li ak ekri sou sou dwa elektoral ak politik, li kreye yon segman sou jounal enskri tèt li nan on pwogram ki rele Moral Mondays, se on gwoup pwotestan san vyolans; apre sa li komanse on petisyon (e jwenn plis pase 12,000 siyati pou petisyon an) kote li mande gouvènè a pou li eksplike poukisa li vle fè sa pi difisil pou adolesan anrejistre pou yo ka vote. Men gouvènè a te refize kontre ak Madison, sa ki vin koze pou Madison pi fache toujou. Madison fè twa lane li goumen san rete pou dwa elektoral yo, epi an 2016 yo resi deklare ke lwa gouvènè te aplike yo pat legal, yo ranvèse lwa sa yo, ki fè kounyen a tout adolesan ka anrejistre alavans pou yo vote.

Madison di “Mwen pat renmen sa mwen t’ap gade ki t’ap pase nan eta kote mwen te grandi a, alòs mwen te vle pran aksyon pou’m te ka kanpe sa ki t’ap fèt lan.”

Jazz Jennings Fèt nan eta Florid, nan lane 2000
Menm jan anpil lòt ti fi, Jazz Jennings te renmen mete rad gran sè li, mete makiyaj sou figi li ak jwe ak poupe. Men paske li fèt li te plis sanble yon ti gason, anpil moun, menm fanmi li, pa’t konprann poukisa li te renmen fè bagay sa yo. Apre on ti tan, yo resi vin konprann ke Jazz se te yon èmafodit, ke vle di malgre li soti nan vant manman li sou fòm gason, nan lespri li li te toujou on ti fi. Avèk anpil sipò fanmi li, zanmi li ak kominote bay li, Jazz te rive grandi tankou on ti fi jan li te toujou anvi a. Anpil moun menm jan avèk li pa jwenn chans sa. 

Anpil moun pè oswa yo pa konprann moun ki èmafodit, poutèt sa yo pase yo nan betiz oswa, yo fè yo la pèn, yo diskrimine yo, yo menm atake yo ak vyolans. Jazz konn sa li menm, se sa ki fè li menm ak fanmi li te deside pataje istwa li nan yon seri dokimantè ki rele I am Jazz, ki te reyalize pou ede moun konprann moun menm jan avèk li. Gwo dokimantè Jazz reyalize a resevwa anpil bèl komantè pozitif, espesyalman nan men jèn moun ki omoseksyèl (fi kou gason), biseksyèl, èmafodit oswa dwòl ki di ke Jazz ede yo anpil, li ede yo admèt vre nati yo bay fanmi yo, li menm sove lavi yo, e ke sakrifis li fè pou li ekspoze tèt li konsa a te vo la pènn, li vin tounen pòt pawòl yo, epi yo apresyel anpil pou sa. 

Jazz di “Non sèlman nou tout merite pou nou jwenn lanmou, men nou merite pou nou renmen tèt nou tou pou jan Bondye fè nou an. Mwen vle viv nan on monn kote tout moun gen libète pou yo moun yo ye vreman an.” 

Muslim Girls Making Change (MGMC) Etabli nan Burlington, Vermont, nan lane 2015
Lè yon ti fi ki rele Hawa vin dekouvri ke te gen yon gwo konkou pwezi ki tap fèt nan lekol li, ak anpil eksitasyon li te kouri di zanmi li yo Kiran, Lena ansanm ak Balkisa, paske konkou sa a te reprezante on chans pou yo ka pataje eksperyans pwòp a yo sou sijè politik ak sijè pèsonèl nan kominote a. Gwoup mademwazèl yo, ki te premye kontre nan yon sant kominote Izlam nan zònn lan, te rele tèt yo “Muslim Girls Making Change” (ki vle di Fi Mizilman k’ap Pote Chanjman) e apre sa yo te travay pandan plizyè semènn pou yo reyalize Wake Up America (ki vle di Etazini, Leve Nan Dòmi), ki te yon reyalizasyon ki te pale de teworis 9 Septanm yo ak kokennchenn pèsekisyon anpil Mizilman Ameriken te sibi apre evenman sa. Reyalizasyon sa fè gwoup la genyen konkou a, e yo menm ale pi lwen toujou avek li; yo ale reprezante eta Vermont lan nan on konkou entènasyonal ki te fèt nan Washington, D.C., ki te rele Brave New Voices (ki vle di Nouvo Vwa Brav). Malgre yo pa’t rive genyen konkou sa tou, anpil moun te adore reyalizasyon yo a, e yo te trè byen akeyi yo. Depi lè sa a, medam yo kontinye ekri ansanm epi yo kontinye pèfòme ansanm tou, pou yo montre lòt jèn moun tankou yo kijan yo ka eksprime emosyon yo ak eksperyans yo atravè pwezi. 

MGMC di “Nou ekri pwezi sou bagay nou paka kenbe anndan nou ankò.”

Sophie Cruz Fèt Los Angeles, California, nan lane 2011
Sophie Cruz te gen 5 an sèlman lè li te rive al vizite Pap Francis lè li te vin fè vizit nan Washington D.C. Jou sa a li te rive mete on ti bout papye nan men Pap la ki te make, Kè mwen chagren. Mwen ta renmen pou ou pale ak prezidan an ak lakou kongrè a pou yo ka legalize fanmi mwen, paske chak jou mwen pè pou yo pa vin rache yo nan lavi mwen.” 

Sophie te fèt nan peyi Etazini; men pa manman’l ak papa’l. Yo te chape vyolans ak mizè nan peyi Meksik pou yo vin isit, men paske yo pa sitwayen Ameriken yo gendwa depòte yo nenpòt ki lè. 

Priyè Sophie pa’t pou gran mesi – nan demen Pap la al pale ak lakou kongrè a vreman, e li sipliye yo pou yo trete imigran ak menm konpasyon yo ta renmen lòt moun trete yo. Apre sa fèt, Prezidan Obama envite Sophie pou li vini vizite li nan palè nasyonal la. On ti tan apre sa, Sophie te fè diskou nan on mouvman pasific ki rele Women’s March (ki vle di Mouvman Fanm) kote li ki te moun ki pi jèn ki te bay diskou nan mouvman sa a ki te fèt nan kapital peyi Etazini.

Nan diskou li a devan on gwo foul moun, Sophie di an Anglè ak Panyòl, “An nou goumen ak lanmou, la fwa ak kouraj, pou fanmi nou yo pa detwi!” 

Se Elisa Chemayne Agostinho ki adapte tèks sa yo baze sou yon youn nan liv ki vann plis nan jounal the New York Times ki rele Rad Girls Can: Stories of Bold, Brave and Brilliant Young Women, otè liv lan rele Kate Schatz, epi Miriam Klein Stahl reyalize ilistrasyon yo pou liv lan. Ou ka jwenn liv sa sou sit entènèt tankou Amazon ak Barnes & Noble.