Chanpyon pou Seremoni Prim Timoun yo se 9 desanm.

Pou Rekonèt Defensè Timoun Yo, Selebrasyon Prim Champions for Children (Chanpyon Pou Timoun) 2020 Ap Fèt Vityèlman 9 Desanm

15èm seremoni prim anyèl la rekonèt moun ki fè yon diferans nan lavi timoun ak fanmi yo nan Konte Miami-Dade
15èm seremoni prim anyèl la rekonèt moun ki fè yon diferans nan lavi timoun ak fanmi yo nan Konte Miami-Dade  

Anpil bagay chanje nan ane 2020 an, men pa devouman ak angajman eksepsyonèl anpil moun, ak pwogram pou timoun yo nan kominote nou an. Seremoni prim Champions for Children, kote Children’s Trust la onore chak ane moun ak pwogram ki te akonpli anpil pwogrè nan sèvis yo bay timoun ak fanmi yo. Ane sa a, efò sa yo te pi enpòtan pase tout tan, e se gayan yo ki pami sak pi merite sa nan istwa Children’s Trust la.

Nan evènman sa a ki se senbolize Trust la, se Laurie Jennings, ansyen prezantatris nouvèl nan Sid Florid la ki pral anime l. Lap fèt vityèlman pou premye fwa a 6 p.m., Mèkredi 9 Desanm. Nenpòt moun ka gade li nan (sit entènèt) www.thechildrenstrust.org/content/champions-children.

James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children’s Trust la te di. “Nou nan The Children’s Trust la, pran enspirasyon nan men founisè nou yo ak moun nan kominote a ki travay avèk dilijans pou timoun ak fanmi Miami-Dade yo. Se poutèt sa nou kenbe Champions for Children anndan kè nou anpil e nou kontan montre w sak pi bon yo". 

Nan evènman anyèl sa a The Children’s Trust òganize Morris Copeland, Direktè Depatman Sèvis Jivenil Konte Miami-Dade la ap resevwa prim senbolik David Lawrence Jr. Chanpyon Pou Timoun akòz Tout Akonplisman li Nan Lavi ak Dedikasyon Li pou Timoun yo. Ned Edwards, Espesyalis GEM nan Big Brothers Big Sisters nan Miami, ap resevwa prim Sèvis Dirèk pou Timoun ak Fanmi yo. Onorab Nicholas Duran ap resevwa prim Ekselans Nan Politik Piblik. Kristi House, Pwogram FLIPANY ak Be Strong International pral resevwa prim Miyò Pwogram nan Ane a 

Champions for Children se yon evènman senbolik pami solidarite rezo defansè timoun ak fanmi Miami-Dade yo ki enspire lòt moun swiv chemen lidè lokal sa yo ki te distenge tèt yo ak sèvis eksepsyonèl yo bay kominote a.

Evènman an vin posib gras a TD Bank ki se Sipòtè Prensipal la, ak manm Patwonaj Lò yo: Actors 'Playhouse nan Miracle Theatre, City National Bank, Sant Pou Timoun ak Fanmi nan Florida International University, ak PNC Bank; manm Patwonaj Ajan yo: ACentral, Key Biscayne Community Foundation, University of Miami, Webauthor, ak WOW Maketing, epi manm Patwonaj Bwonz yo: BoardroomPR, Community Health of South Florida, History Miami Museum, UHealth Jackson Children’s Care, PreK.Club, The de Moya Foundation, Wels, ak ZipData.net.