Yon fanmi Afriken Ameriken pran yon woulib ete bisiklèt.

spotmatikphoto/stock.adobe.com

Planifye Yon Ete San Danje ki Amizan

Jwi aktivite an fanmi, enskri pou kan e evite summer slide (Bès Akademik) pandan ete a
Jwi aktivite an fanmi, enskri pou kan e evite summer slide (Bès Akademik) pandan ete a 

Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi ap kontinye konseye kont vwayaj jiskaske tout moun vaksine. Paran ki pa ko vaksine oswa jèn timoun ta dwe tann apre ete a pou vwayaje, paske CDC pa ko apwouve vaksen pou timoun yo. Erezman, Konte Miami-Dade se yon chwa vakans pou anpil moun, kidonk ou pa bezwen ale lwen pou w jwi se-zon ete a ak pitit ou.

Menm si moun ka sòti ete sa a plis ke avan, paran ap toujou bezwen pran prekosyon pou asire pitit yo ka jwi tèt yo an sekirite. Pou enfòmasyon sou sekirite li Gid Sekirite COVID Konte Miami-Dade la: (www.miamidade.gov/information/library/safety-guidelines. pdf).

Fanmi toujou an premye
Ak tout boulvèsman depi 14 mwa, li fasil pou bliye sezon ete a se pi bon moman pou rasanble fanmi w. Sonje pran kèk jou vakans nan travay ou pou w ka konsakre jou sa yo ak pitit ou. Sonje pi bon tan w pase ansanm ak fanmi w, majorite ladan yo te an ete. Se poutèt sa ou ta dwe planifye tan pou fè menm jan ankò ete sa a. Ensètitid ak restriksyon pandan pandemi an ta dwe fè nou sonje pran opòtinite pou nou ka ansanm kounye an e pa pita.

Paske vwayaje pa vreman yon opsyon, ou ka fè aktivite anfanmi kote w ye a. Al nan plaj, nan pak, monte bisiklèt oswa kayak ansanm, òganize sware fim ou jwèt ak lòt bagay pou tout moun.

Voye timoun ou nan kan
Nou konnen granmoun toujou ap travay pandan lete, men lè w òganize aktivite pou pitit ou fè se pi bon jan pou asire w ete yo ap inoubliyab. Se poutèt sa kan ete envante. Ou gen anpil opsyon pou jwenn youn ki satisfè pitit ou, orè w ak katye w.

Konte Miami-Dade bay yon lis diferan kan, tankou sak vityèl, anjeneral, nan lanati, espò, pèfòmans ak atizay, terapetik, rekreyasyon ak kan enklizyon ki pa chè. Tcheke https://summer305.dadeschools.net.
The Children’s Trust konpile yon lis kan ak pwogram yo finanse ak yon kat entèaktif pou wè sak pi pre yo. Tcheke www.TheChildrensTrust.org/SummerCamps

Rechèch pwodiktif
Si w pa konnen ki sa “Summer Slide” ye, se yon bès akademik anpil timoun sou-fri pandan lete oswa mwa vakans. Gen chans sa ka rive pitit ou ete sa a. Pou evite sa, paran yo bezwen asire pitit yo kontinye aprann pandan ete a.

Gen anpil èd pou paran ki vle pitit yo kontinye aprann. Batay Lekti Ete 2021 ankouraje elèv yo patisipe nan yon konpetisyon kap fini 22 jiyè ak yon batay vityèl pou vin tounen yon gran gèrye lekti. Pandan tout ete a gen anpil evènman pwograme pou patisipasyon yo tankou videyo, aktivite ak aparisyon vityèl envite espesyal ki soti nan NBA, Miami Hurricanes ak lòt moun. Pou enskri, tcheke www.stayhome.mi-ami/battle-of-the-books.

Menm si gwo evènman, aktivite ak vwayaj anfanmi se memwa pitit ou pap janm bliye, sonje se entèaksyon chak jou ki pi fòme yo. An Me enskri pou evènman Ready, Set, Go Miami! (readysetgomiami.com) ki aprann paran jan entèaksyon chak jou ede pare timoun piti aprann ak gen siksè tout vi yo, ak pran tan chak jou pou li avè yo anvan dòmi oswa pandan lajounen.