Ti fi k’ap souri ki nan pak dlo.

Aurum/stock.adobe.com

Planifye Vakans Pafè San'w Pa Deplase a

Eksperyans local ki pa gen pri ou pa genyen menm!
Eksperyans local ki pa gen pri ou pa genyen menm! 

Yon bon eskapad fanmi an pi pre ke'w ta imajine – espesyalman avèk tout atraksyon sa yo ki gen nan Miami. Men kèk sigjestyon...

Monte nan jwèt anlè. Annou kòmanse ak avanti yo sou Metromover a, yon tren anlè gratis, ki mache avèk kouran, san chofè ki kanpe 20 kote nan vwazinaj santrevil la.
Poukisa ou dwe ale: Timoun yo renmen kwè ke se yo ki ap kondwi tren an epi w'ap renmen aksè fasil pou ap sikile epi wè anpil kote.
Kisa pou fè: Eksplore Freedom Tower a, Bayside Marketplace, Bayfront Park, Riverwalk, Brickell City Centre ak South Miami-Dade Cultural Arts Center.
Sa pou konnen: Avèk prèske 4 ½ mil kòm longè wout anlè a sou vil la, tren otomatik Miami k'ap pote moun yo se sèlman youn nan twa ki nan Etazini k'ap pote pou pi piti 105,500 pasaje chak jou.
Planifye alavans: Li pa nesesè, tren anlè a fonksyone sòti 5 è nan maten pou rive minwi, sèt jou chak semènn. miamidade.gov/transit/metromover.asp; 305.468.5900

Fè yon eklabousman. Ale nan South Pointe Park pou yon apremidi chaje ak amizman, kote timoun yo ka rafrechi kò yo nan pak dlo a apre yon piknik sou gazon an kote yo fin manje.
Poukisa ou dwe ale: Avèk yon bèl rega sou lanmè a (diskitab men pi bon an nan Miami!), yon defilman kwazyè k'ap pase tou pre a, yon plaj ekstraòdinè, wout pou mache, eskiliti modèn ak yon ti espas ki gen fontèn k'ap voye dlo, se yon pak piblik ke tout fanmi an pa ka rate.
Kisa pou fè: Pase yon ti tan sou waf la kote w'ap ka gade gwo bato yo k'ap pase (epi si'w gen chans, ou ka wè gwo pwason nan lanmè a!) oswa al peche sou ti bato.
Sa pou konnen: Si ou renmen wè moun ki selèb, se la pou ale! Plaj sa popilè kòm kote yo fè fim ak fè foto pou magazin, alòs ou pa janm konnen ak kiyès ou ka kontre.
Planifye alavans: Pak la ouvri pou piblik la depi solèy leve pou rive 10 è nan aswè; gen twalèt piblik. 1 Washington Avenue, Miami Beach; miamiandbeaches.com/parks/south-pointe-park/101614; 305.673.7006

Al gade atraksyon bèt. Robert Is Here vann fwi nan Homestead, li se yon atraksyon bèt gratis tou! Timoun ka pale ak bèt yo epi obsève zwazo yo, kochon yo, poul, tòti, zwa ak bourik lè y'ap chèche manje. Pandan sa ou ka ap bwè yon bon milkshake.
Poukisa ou dwe ale: Apre ji ekstraòdinè ki fèt ak fwi ki ra epi ki òganik ak atraksyon bèt yo, genyen yon yon espas pou timoun yo jwe tou ak tab piblik – epi gen aktivite mizik pandan wikenn ak jou fèt yo.
Kisa pou fè: Melanje twa savè delisye pou fè milkshake ki byen pwès ak anpil krèm ki ase gwo pou de moun separe. Goute fwi ke ou-pa-wè-souvan yo epi goute nan tout kalite myèl yo.
Sa pou konnen: Komès fwi fanmi sa se premye biznis Florid ki enskri nan National Culinary Heritage Register.
Planifye alavans: Komès fwi ak atraksyon bèt sa ouvri soti 8 è nan maten pou rive 7 è nan aswè. 19200 SW 344th Street, Homestead; robertishere.com; 305.246.1592

Gade kèk etwal – anba etwal yo. Pa gen pi bon ke gade yon fim deyò nan plennè pandan yon bèl sware ete. Pran timoun yo epi mennen yo nan Horseshoe Park nan The Shops at Midtown Miami pou seri Moonlit Movies yo.
Poukisa pou dwe ale: Nan yon bèl sware, ou ka pa sèlman wè yon bèl fim... ou ka wè tou yon bèl espektak limyè. Anvan fim lan demare, gade etwal yo epi mande fanmi an chwazi epi bay non valè konstelasyon ke yo kapab.
Kisa pou fè: Sèlman chita, rilaks, epi jwi cho a!
Sa pou konnen: The Shops at Midtown Miami ede ranfòse ekla zòn lan ki kreye yon lyen ant Design ak Wynwood Arts Districts.
Planifye alavans: Chak dezyèm ak katriyèm Jedi nan mwa a, afich yo se 7 è nan aswè epi yo bay tigoute – manje yo bay pou fim tankou pòpkòn ak pòmdetè nan sache; sa pou pote sèlman se chèz ki bon pou gazon yo ak chanday. (Menm Rover ka vini tou!) 3401 North Miami Avenue, Miami; facebook.com/events/229479487605234