Yon fanmi Afriken Ameriken jwi tan nan plaj la.

rawpixel/stock.adobe.com

Planifikasyonn Rapid Pou Yon Sejou Vakans Prentan Nan Miami

Dis aktivite ki pral retire annwi e ki pap kite w san kòb
Dis aktivite ki pral retire annwi e ki pap kite w san kòb 

Obzève zwazo ekzotik ak bèt nan santye Anhinga Everglades la. Dekouvri Mize Vizcaya ak ti kreyati ak plant nan jaden pwopriyete majestik Coconut Grove la. Chèche chwal lanmè nan zèb lanmè Biscayne Nature Center oswa ankouraje yon ti chat òfelen ki nan  yon abri zooterapi pandan vakans prentan.  Pou vakanz prentan 29 Mas-4 Avril Konte Miami-Dade ap ofri fanmi aktivite edikatif ki bay soulajman e ki gen altènativ sou entènèt la.

Komanse planifye, pran mask ou epi pran avantaj 10 atraksyon oswa aktivite enteresan lakay ou ki an sirte kont COVID-19.

Avanti Nan Zèb Lanmè Nan Biscayne Nature Center timoun 6 zan ak sak pi gran ka trennen filè nan fon zèb la, kaptire ak libere trezò maren tankou chwal lanmè ak pufferfish. Pou rezève yon plas rele 305.361.6767, ext. 119 oswa vizite gratis sant Crandon Park la pou avantire w nan espas natirèl ak nan plaj yo.

Flagler 101 Pwommen nan yon mansyon majestic pandan w sou rout pou ale Flagler Museum West Palm Beach. Aprann sou konstriktè vizyonè Laflorid yo ki mete an plas Florida East Coast Railway ak otèl egzanplè ki fè monn lan vin konn Florida. 

An Avan Vizite mize Gold Coast Railroad Museum epi tcheke 40 wagontren istorik yo. Ou ka aprann vityèlman "Fè sou Tren yo" . Admisyon gratis 3 avril ak chak premye samdi a 11 a.m.

Zannimo Enpresyonan/Fè Zanmitay Pwomnen oswa monte tramway nan prèske 750 kawo tè pou wè kèk 500 espès nan  Zoo Miami. Atravè Humane Society of Greater Miami timoun ki rete lakay yo ka fè eksperyans pran swen yon zannimo pou yon semèn   

Kreyativite An Pè Timoun tout laj ak kapasite devlopman ka jwi plezi kreyatif lakay yo tankou voye yon kat postal Miami bay kouzen yo Atlanta, pentire yon sezon prentan pou bon zanmi yo oswa kreye yon kat fèt Pak pou granmè yo kap viv Kiba, Jamayik ou Ayiti.

Chòk Kiltirèl Tinedjè ak jèn adilt yo ka jwenn enspirasyon atistik nan mize ak pèfòmans toupatou nan Konte Miami-Dade tankou Bass Museum of Art oswa Teyat FIU pou $5. Tcheke òf pou semèn vakans prentan nan www.cultureshockmiami.com.

Vizcaya Se Zetwal Vizcaya Museum and Gardens ofri visit odyo gratis nan chato a (achte tikè davans sou entènèt.) 1 Avril ak chak mwa Vizcaya Late kite jèn avanturye eksplore pwopriyete a apre fè nwa pou aprann sou plant bèt ak jadinaj.

Art Scavengers Perez Art Museum Miami voye timoun ak sache plen papye aktivite pou chèche tresò ak eksplore bèl galri Bayfront lan. Anplis, admisyon an gratis pou tout timoun nan Lekòl Leta Konte Miami-Dade.

Junior Rangers nan Everglades National Park monte kannòt, bisiklèt, peche, oswa mache nan Flamingo campgrounds gade zwazo, wè kayiman ak tòti nan Anhinga Trail tou pre Sant Vizitè Royal Palm. Elèv katriyèm ane antre gratis nan pak nasyonal yo atravè EveryKidOutdoors epi elèv senkyèm ane yo gen aksè gratis jiska 21 Out.

Anfòm e Ansante Timoun ka patisipe nan kan vakans prentan ki konsantre sou kondisyon fizik, nitrisyon, byennèt, lanati, syans ak atizay kiltirèl nan divès pak Miami-Dade County Spring Camps. Oswa, vityèlman aprann asanble yon tant ak kòmanse yon boukan dife nan Camp Hummingbird.