Manman ki ap li ak pitit li.

canovass/stock.adobe.com

Pi Bon Liv pou Timoun pou Lane 2018 La - Jadendanfa ak Klas Elemantè

Timoun piti pou rive adolesan, nou genyen 21 non liv ke pitit ou ap renmen!
Timoun piti pou rive adolesan, nou genyen 21 non liv ke pitit ou ap renmen! 

Vizite mond lan, fè nouvo zanmi epi dekouvri yon bagay sou tèt ou ke’w pat janmè, janmè sipoze. Pouvwa pou fè tout bagay sa yo ak plis toujou se nan li liv w’ap jwenn li, ou ka separe sa ak timoun yo chak jou. Nou gen yon lis byen òganize pou ou kote ou ka kòmanse...

Carmela Full of Wishes* Se Matt de la Peña ki ekri liv sa; se Christan Robinson ki fè desen yo Carmela Full of Wishes*
Se Matt de la Peña ki ekri liv sa; se Christan Robinson ki fè desen yo
Lè Carmela jwenn yon gwo flè blan gonfle epi li aprann ke se flè yo itilize pou fè swè, li kòmanse ap reflechi ak tout bagay ke li te ka swete: yon aparèy pou fè bonbon, yon kabann ki mou pou manman li (tankou sa li ranje chak jou nan lotèl l’ap travay la) oswa yon fason pou’l ta regle dosye papye papa’l yo “pou finalman li ta rantre vin jwenn yo.” E si li fè move chwa yo? Laj 4-8 zan
Julián Is a Mermaid* Se Jessica Love ki ekri liv sa epi ki fè desen yo Julián Is a Mermaid*
Se Jessica Love ki ekri liv sa epi ki fè desen yo
Pandan li nan tren ak grann li, Julián te kontan wè twa moun ki te degize ak kostim siren, menm kote a li kòmanse ap imajine tèt li kote cheve li toudenkou toudenkou rive bò ren lie pi pye li yo vin kole ansanm pou fè yon sèl epi ki tounen yon bèl ke, epi li dekouvri yon alye sanzatann sou wout li. Laj 4-8 zan
The Day You Begin* Se Jacqueline Woodson ki ekri liv sa; se Rafael Lopez ki fè desen yo The Day You Begin*
Se Jacqueline Woodson ki ekri liv sa; se Rafael Lopez ki fè desen yo
Se premye jou lekòl la epi Angelina ap tande kamarad li yo k’ap rakonte istwa vwayaj yo pandan ete a. Kisa li ka rakonte li menm? Li pase ete a lakay li pandan li t’ap ran swen ti sè li, kote yo t’ap li ak amize yo epi obsève aktivite aktivite vil la nan fenèt lakay yo. Men Angelina pra’l reyalize ke pandan ou panse ke ou diferan, mond lan ap toujou louvri pòt pou ou. Laj 4-8 zan
The Rabbit Listened* Se Cori Doerrfeld ki ekri epi ki fè desen liv sa The Rabbit Listened*
Se Cori Doerrfeld ki ekri epi ki fè desen liv sa
Taylor mizerab. Zwazo yo gaye bèl ti jwèt li fin fè avèk jwèt bwa li yo, li pa konn ki jan li dwe santi li poutèt sa. Chak moun gen sijesyon pa yo, byen si. Lous la panse ke li ta dwe fache; otrich la panse la panse ke li pa ta dwe bay sa twòp enpòtans; epi yèn lan pans eke li ta dwe sa’k rive a. Epi lapen an mache tou pre pou li vin tande kisa Taylor panse li menm, epi sa ede li finalman pou’l reyalize kisa li pra’l fè. Laj 3-5 zan
	Auntie Luce’s Talking Paintings Se Francie Latour ki ekri liv sa; se Ken Daley ki fè desen yo Auntie Luce’s Talking Paintings
Se Francie Latour ki ekri liv sa; se Ken Daley ki fè desen yo
Chak mwa Desanm li sòti Amerika li ale Haiti pou’l al pase yon ti tan avèk Matant Luce, yon ti fi ki ap bwè nan yon anviwonman ki chaje ak aktivite epi enèji: “ti gason ki ap vann dlo glase bò Katedral ròz la; Machann fwi k’ap pase ak panye sou tèt yo; epi bis taptap kip entire ak gwo vedèt espò sou yo epi ak parabòl ki di ‘Se Ginen Nou Ye.’” Matant Luce se yon atis ki gen pòtrè ewo Haiti yo enstale sou mi nan biznis li, epi chak ane yon ti fi mande, “Èske mwen ka poze pou ou Matant Luce? Ou ka fè pòtrè mwen fwa sa, silteplè?” Laj 4-8 zan
Marwan’s Journey*  Se Patricia de Arias ki ekri liv sa; Laura Borràs ki fè desen yo Marwan’s Journey* 
Se Patricia de Arias ki ekri liv sa; Laura Borràs ki fè desen yo
Marwan traverse dezè a, youn nan milye moun k’ap kouri kite peyi keg è ap dechire a, avèk sèlman “vye rad li, yon liv priyè, yon ti kanè, yon kreyon epi foto manman li.” Li sonje yon bèl kay ak jaden, yon chat ak bon solèy cho ki traverse zòrye li. Tout bagay sa yo ale epi manman li pa avèk li ankò, men Marwan toujou tande vwa li ki ap di’l kontinye mache jouk ou jwenn yon nou kay. Laj 5-7 zan
The Old Man*  Se Sarah V. ki ekri liv sa; se Claude Dubois ki fè desen yo; se Daniel Hahn ki tradwi li

The Old Man* 
Se Sarah V. ki ekri liv sa; se Claude Dubois ki fè desen yo; se Daniel Hahn ki tradwi li
Yon vyeya pòv ki ap eseye kite bri ak aktivite vil la, l’ap chèche yon ti kote cho epi ki pa gen bri pou li repose. Pèsòn pa wè li, li remakab sèlman lè li bloke pasaj la, li fatige, l’ap mache nan laria. Jiskaske yon ti fi ofri li yon sandwich avèk yon souri, yon jantiyès ki ranpli kè li avèk lespwa epi kouraj. Laj 5-11 zan

*Disponib nan sistèm Miami-Dade Public Library.


5 fason senp pou fè timoun renmen edikasyon

Voye pitit ou nan yon anvanti lekti ak ekriti!

Avèk anpil lane nan aprann moun ekri sa bay Diane Landy anpil eksperyans ki ankouraje elèv jaden ak elemantè yo konsidere ekri ak li kòm yon gwo balon amizman, yon santiman – ki te antere – yo ka kote sou sa kèlkeswa kote yo ale oswa fè nan lavi yo.

Adventures with Zap: 107 Creative Prompts for Beginning Writers“Menm nan jaden, chak timoun renmen ekri epi pouvwa ekriti,” se sa Landy di sou jou li pase nan sal klas yo. “Sa te tèlman te anrichisan pou yo konprann ke ti mak sa yo sou papye a se te pawòl ke yo ye, epi yo te ka fè pawòl sa yo, tou!”

Landy amelyore egzèsis ke li devlope pandan tout lane yo epi li mete yo nan vèsyon liv istwa ki rakonte istwa yon ekstraterès kit e rele Zap.

“Zap entelijan, men li nayif konsènan latè,” se sa Landy eksplike, ki pèmèt timoun yo jwe wòl pwofesè pou edike yo.

“Yo pa’p ekri pou pwofesè yo epi yo pa’p ekri pou yon paran oswa yon adilt, ki te ka entimide yo. Okontrè, y’ap ekri ak yon zanmi ki ka fè erè tou, epi sa amize yo anpil.”

Nou chwazi senk egzèsis nan Adventures with Zap: 107 Creative Prompts for Beginning Writers ke ou ka pataje ak pitit ou jodia pou eksite imajinasyon yo epi ankouraje yo renmen edikasyon pi plis.

Jis mande pitit ou…

  1. Prezante tèt yo bay yon moun ke yo pa konnen (tankou yon janti ekstraterès ki rele Zap!) pou sa, fè yo plen sa sou yon papye: Bonswa, non’m se __________. Mwen gen ___ lane. Pi bèl bagay ki genyen ak laj mwen se __________. Pi vye bagay ki genyen ak laj mwen se __________. Yon sekrè’m ke pèsòn pa konnen se __________. 
  2. Fè yon pòtrè yo lè yo te brav. Epi mande yo pou reflechi sou desen yo a epi ekri kisa yo te pè ki te pra’l rive. Kòman yo te fe fas ak perèz yo? Kijan yo santi yo lè yo brav?
  3. Ekri sou kisa sa vle di lè ou se yon zanmi. Kiyès ki se pi bon zanmi yo, ke li reyèl oswa li pa reyèl? Kisa yo renmen nan zanmi sa?
  4. Refleksyon! Si yo bloke epi yo bezwen yon ti èd pou yo ka rejwenn kreyativite yo, poze yo yon kestyon epi ba yo 1-3 minit pou yo ekri tout lide ki vin nan tèt yo, plis li dwòl li pi bon. Epi, mande yo chwazi pi bon an epi ekri pou bay plis eksplikasyon sou li.
  5. Panse ak bagay ki pi difisil ke yo janm fè epi ekri pou bay plis detay sou li. Kisa li te ye? Poukisa yo pa’t vle fè’l? Kisa ki pase epi kòman yo te santi yo lè yo te fin fè’l?

 

Pou plis bèl liv pou ajoute nan libreri pitit ou, vizite @thechildrenstrust sou Facebook epi chèche #MiamiBookFair2018!