Jèn ti fi ki ap li yon liv avèk kè kontan.

Stephen Coburn/stock.adobe.com

Pi Bon Liv pou Timoun pou Lane 2018 La - Jèn Adilt

Vizite mond lan, fè nouvo zanmi epi dekouvri yon bagay sou tèt ou ke’w pat janmè, janmè sipoze. Pouvwa pou fè tout bagay sa yo ak plis toujou se nan li liv w’ap jwenn li, ou ka separe sa ak timoun yo chak jou. Nou gen yon lis byen òganize pou ou kote ou ka kòmanse...

Sadie*  Se Courtney Summers ki ekri liv sa Sadie* 
Se Courtney Summers ki ekri liv sa
Lè ti sè Sadie a te asasinen britalman, jèn 19 an sove kite kay yo pou al pouswiv nèg yo panse ki te koupab krim la. May Beth, vwazen ti fi a ak sèl adilt ki te sanble konsène pou yo menm, pa wè Sadie depi lè sa, epi fanm dezespere a rive konvenk yon repòtè estasyon radyo lokal pou ede’l jwenn li. Èske emisyon vre-krim sa pra’l ede yo jwenn li anvan ke li twò ta, oswa menm kriminèl la ka tiye li tou? Laj 12 zan oswa plis
Darius the Great Is Not Okay*  Se Adib Khorram ki ekri liv sa Darius the Great Is Not Okay* 
Se Adib Khorram ki ekri liv sa
Darius nan dezyèm ane lekòl segondè – mwatye-Iranyen sou bò manman li – pa janm santi li nan anviwonman li. Li deprime, gen tanperaman espesyal, viktim entimidasyon epi pa gen zanmi, li pa Ameriken ase epi li pa konnen ase sou kilti, Iranyen li, alòs nan ki bò ke li dwe konsidere ke li ye? Gwo etonman se nan peyi manman li, ke fanmi li al wè granpè li ki malad. Nan mitan tout figi enkoni sa yo, manje ak abitid, Darius fòje yon lanmitye natirèl – epi kòmanse vin santi’l konfòtab ak tèt li. Laj 12 zan oswa plis
Truly Devious*  Se Maureen Johnson ki ekri liv sa Truly Devious* 
Se Maureen Johnson ki ekri liv sa
Lekòl prestijye Ellingham Academy fèt pou lespri eksepsyonèl peyi a – epi se kote ki la pou krim ki la lontan ki pa janm rezoud. Se pi bon kote pou etidyan Stevie ki pasyone pou etid kriminèl al devlope konesans li; li kwè ke li ka rezoud ka a. Men li sanble ke yon lòt moun nan lekòl la gen enterè nan sa’k te pase a, epi yo fèk gradye yon kriminèl. Laj 14 zan oswa plis
Hey, Kiddo* Se Jarrett J. Krosoczka ki ekri liv sa Hey, Kiddo*
Se Jarrett J. Krosoczka ki ekri liv sa
Rekèy vyolan Krosoczka ofri yon pèspektiv onèt sou yon ti gason ki grandi ak granparan li paske manman li se yon obsede dwòg epi yo pa konn kote papa li ye. Atravè anfans ak adolesans li ansanm ak kòmansman chemen li pou li devni otè liv timoun ak atis ke li ye jodi’a, Krosoczka montre kòman adiksyon ka kraze epi reyini yon fanmi. Laj 12 zan oswa plis
Children of Blood and Bone*  By Tomi Adeyemi Children of Blood and Bone* 
Se Tomi Adeyemi ki ekri tèks sa
Zélie ki gen 17 lane se yon sòsyè, ki gen pou’l dekouvri pouvwa li. Sa pa’p janm rive, paske lè Wa Saran te entèdi maji nan Orïsha li tiye tout sòsyè, menm manman li. Kounye’a pandan ke li fè pati gwoup opresè, Zélie devni sovè ak pwotektè pitit fi Saran, Prensès Amari – epi nan yon pozisyon ke li ka sove pèp li a epi retabli pwatik maji nan wayòm lan. Laj 14 zan oswa plis
Unbroken: 13 Stories Starring Disabled Teens*  Se Marieke Nijkamp ki modifye liv sa Unbroken: 13 Stories Starring Disabled Teens* 
Se Marieke Nijkamp ki modifye liv sa
Sòti nan womans pou rive nan syans fiksyon, koleksyon istwa kout sa yo – tout se otè andikape ki ekri yo – pwotagonis diferan abilite mantal, emosyonèl, entèlektyèl ak fizik. Genyen Lizzie ki angwase, ki petèt se sèl moun ki ka defann mond li an kont yon atak ekstraterès; Alberto ki pa fin byen devlope, ke zanmi li te konn ap repouse li tout tan, Captain America; ak Britt, yon siklis avèg ki te konn apiye sou zanmi siklis parèy li. Se yon bèl rapèl ke pèsòn kapab – oswa ta dwe – define akoz de yon sèl fasèt nan vi yo. Laj 13 zan oswa plis
Rad Girls Can: Stories of Bold, Brave & Brilliant Women Se Kate Schatz ki ekri liv sa; se Miriam Klein Stahl ki fè desen yo Rad Girls Can: Stories of Bold, Brave & Brilliant Women
Se Kate Schatz ki ekri liv sa; se Miriam Klein Stahl ki fè desen yo 
Schatz ak Stahl, ki fè kreye Rad American Women A-Z ak Rad Women Worldwide, yo retounen ak yon bèl istwa ki ap onore fòs fanm, kouraj ak konesans, fwa yo fokis sou sila ki akonpli bagay ekstaòdinè anvan yo te gen 20 tan. Pi fò sijè liv yo pale sou dosye ki aktyèl, nou ka site kèk non – tankou Joan of Arc ak Mary Shelley – ki ap montre lektè yo pouvwa fanm te toujou entrige moun. Pataje sa ak tout timoun ou yo, kit li se ti fi oswa ti gason. Laj 10 zan oswa plis

*Disponib nan sistèm Miami-Dade Public Library.

 

Pou plis bèl liv pou ajoute nan libreri pitit ou, vizite @thechildrenstrust sou Facebook epi chèche #MiamiBookFair2018!