Yon papa k’ap bay pitit li leson.

Joshua Resnick/stock.adobe.com

Patisipe nan Aktivite Lekòl Pitit ou San’w Pa Fè Twòp Sakrifis

Diferan fason pou fè yon diferans pou lekòl pitit ou
Diferan fason pou fè yon diferans pou lekòl pitit ou 

Etid montre montre ke timoun yo travay pi byen lekòl lè paran yo pi aktif nan vi yo. Dapre National Education Association (NEA), timoun ke paran yo aktif nan aktivite lekòl yo fè pi bon nòt nan klas, yo gen pi bon konpòtman epi yo plis enterese nan aprann. Rechèch montre tou ke lè paran yo aktif nan aktivite lekòl pitit li, paran fè sistèm edikatif la plis konfyans, anviwonman sosyal yo amelyore epi ranfòse lyen yo ak kominote a.

Li pi bon tou pou lekòl yo lè paran yo aktif nan aktivite timoun yo. Anne Henderson ak Nancy Berla, yo se otè liv A New Generation of Evidence: The Family Is Critical to Student Achievement, yo ekri ke “Lè paran yo aktif nan aktivite lekòl timoun yo, timoun yo rive pi lwen lekòl epi lekòl key o ale yo tou vin pi bon.”

Patisipe se yon bon bagay, nou tout dakò. Men fè li a ka difisil. Eresman, gen fason pou rete aktif nan aktivite lekòl pitit ou san’w pa bezwen se prezidan PTA (ki vle di paran-pwofesè asosyasyon) oswa pou ta kite travay ou. Men kèk konsèy Pratik ki kapab fè’w fè yon enpak, menm lè ou pa gen anpil tan.

  • Sipòte evenman espesyal yo Tyeke kalandriye lekòl la pou konnen ki lè ap evenman apre lekòl oswa pandan wikenn. Orè inè oswa dezèd tan yo ka gen ladan yo òganize evenman, kontwole yon tant manje oswa vann tikè.
  • Ofri talan ou Pafwa kite travay ou pa posib. Men ou ede lòt fason tankou desine epi enprime bwochi oswa fè apèl telefòn pou lekòl la oswa PTA.
  • Tounen yon ansèyan Pou paran ki gen orè ki limite yo, ede pwofesè nan pwogram apre lekòl oswa pandan ekzamen yo kapab se yon bon opsyon. Bay timoun leson toujou fèt apre lekòl fin lage epi depi timoun yo kòmanse abitye, tout bagay vin nòmal.
  • Ede nan sekirite lè y’ap sòti Aktivite pase jounen deyò ke lekòl yo òganize ak ti deplasman edikatif. Ou ka mande jounen an konje pou al bay yon lekòl assistance nan domèn sekirite pandan timoun ap sòti pou jounen an san ou pa bezwen fè sa toutan.
  • Planifye yon visit Olye pou al nan lekòl pitit ou pou Career Day (ki vle di Jounen Travay), Ou ka envite tout klas la vin vizite travay ou.

Pèmèt lekòl la pou tande lòt posibilite olye pou refize pou ta volontè paske ou pa gen tan, sa ka ankouraje yon pi bon kominikasyon epi fè’w sanble ak yon paran ki toujou ap chèche solisyon olye ekskiz.