A daughter asks a question of her mother which is hard to answer.

deagreez/stock.adobe.com

Paske Mwen Mande Sa!

Eksplike timoun poukisa ou paka tout tan ap eksplike yo tout bagay
Eksplike timoun poukisa ou paka tout tan ap eksplike yo tout bagay 

Nan lavi tout paran, gen yon lè ki ap rive kote pitit ap poze’w kestyon ke’w paka reponn. Pa paske’w pa konn repons lan (menm lè sa ka rive tou), men paske pitit ou poko pare pou repons lan, oswa ou panse ke yo poko pare.

“Kibò timoun sòti vreman, oswa kijan timoun fè fèt. Kisa ki rive lè nou mouri? Poukisa yon kamarad lekòl tankou mwen? Èske gen yon Bondye? Poukisa moun? Poukisa moun pran dwòg oswa fè tèt yo mal? Genyen yon pakèt kestyon, ki kòmanse avèk “poukisa“ ke nou pa kapab oswa pa ta dwe reponn pafwa. Menm lè ou ta dwe toujou kapab pale ak pitit sou nenpòt sijè epi ke yo santi ke yo ka toujou vin kote’w ak nenpòt kestyon, pafwa nou ka pa gen repons pou yo.

Kestyon difisil rele kestyon difisil pou yon rezon. Sa mande pou nou balance onètete nou selon laj yo, bay enfòmasyon san ke nou pa bay twòp enfòmasyon epi prezante reyalite a yon fason ke timoun yo ka konprann. Alòs kija ou ka eksplike yo san ke nou pa nou pa fè yo santi ke yo neglije oswa ba yo yon repons ke yo pa konprann? Li pa fasil men li posib.

Mande yo kisa yo panse pou ka gen yon lide sou kisa ki nan lespri yo

Kenbe li Senp epi Selon Laj yo
Souvan nou bay timoun yo plis enfòmasyon ke yo bezwen. Alòs, ou dwe reflechi avèk atansyon sou kestyon an. Si’w ka reponn avèk yon wi, non oswa ‘paske mwen mande sa’, kembe’l konsa epi gade kijan pitit ou ap reyaji. “Pataje enfòmasyon ak yo, men ou pa bezwen elabore anpil,” se sa Paul Coleman di, li se sikològ epi otè Better Homes & Gardens.

Epi, eseye bay repons selon laj yo kenbe repons yo kout epi senp olye pou yo long epi konplike. Egzanp, si ti pitit jadendanfan’w lan ap mande kijan ti bebe fè fèt, li ka petèt pi bon ke’w reponn yo, “yo grandi nan vant manman yo.” Si yon kestyon twò pèsonèl, ou ka di’l sa, se sa Coleman ajoute pou’l di. Lè ou admèt ke kèk kestyon ka pèsonèl sa montre ke ou etabli limit, men sa p’ap montre ke w’ap eseye kache yon bagay.

Evalye Kestyon Pitit Ou a
Souvan genyen yon bagay espesifik ki fè yon timoun gen kestyon. Mande yo sa yo panse pou ou kapab konprann egzakteman sa timoun nan bezwen konnen. Ak kestyon ki espesyalman difisil pou reponn tankou – sèks, dwòg ou lanmò - sa ka sanble ke bon bagay pou’w fè a se mande timoun ou yo sa yo panse anvan ou reponn kestyon yo poze a.

Mande yo kisa yo panse pou ka gen yon lide sou kisa ki nan lespri yo. Pafwa kestyon kapab se yon bagay ki kache fon nan lespri yok e yo ta renmen konprann oswa yon perèz, se sa ki fè ke kèk ekspè konseye pou nou toujou eseye konpran kisa ki ka kache dèyè kestyon an. “Pafwa jis yon ti refleksyon konn sifi. Pafwa se pa enfòmasyon ki enterese yo -- y’ap chèche atansyon,” se sa James Brush eksplike li se doktè sikològ nan CNN.

Jis Nan Ki Nivo Ou ta Dwe Onèt?
W’ap rive nan yon pwen kote kestyon pitit ou yo pra’l pi difisil, Anpil paran kon vle evite verite a pandan y’ap eseye pase sou kote kestyon an. Men èske yon repons brital vreman nesesè lè ti pitit ou ya kòmanse ap poze kestyon sou egzistans Papa Nwèl oswa èske gen parade vreman?

Gen yon diferans ant pa onèt ak yon timoun epi chwazi pou reponn li ak prekosyon. Toujou gen fason onèt pou reponn yon kestyon pandan w’ap pwoteje timoun lan. Konsidere sa tankou “bezwen konnen.” Si yo poze’w yon kestyon pa sipriz ki merite refleksyon anvan ou reponn, kreye yon distraksyon pou ka jwenn yon ti tan pou reflechi di li ou pra’l reflechi ak sa epi w’ap tounen ak repons lan pou li. Pa bliye, ke si’w evite reponn yon kestyon, pitit ou ya, yon fason oswa yon lòt l’ap jwenn repons lan poukont li, epi sa pra’l kapab ke se pa repons sa ke ou te vle li jwenn.