Yon manman Panyòl prepare yon repa ak pitit gason l 'ak pitit fi

Photo by Akarawut/stock.adobe.com

Pare Pitit ou Pou l Byen Manje Pandan Ane Lekòl La

Manje ansante bay etidyan miyò chans pou gen siksè
Manje ansante bay etidyan miyò chans pou gen siksè 

Nou ta ka padonnen paran yo ak moun kap bay swen yo paske yo konsantre plis enèji sou tounen lekòl anba restriksyon COVID-19, epi bay yo konsèy anvan retou lekòl an pèsòn. Men, kounye a lekòl la kòmanse, li lè tou pou asire timoun nou yo ap manje kòrèk pandan tout jounen an, anvan, pandan ak apre lekòl.

Nan Miami-Dade County, malgre lefèt sistèm lekòl la ofri manje maten ak manje midi gratis pou timoun yo pandan tout pandemi an, youn sou sis timoun toujou gen ensekirite alimantè. Men Sou lòt bò gen timoun ki tonbe nan manje twòp malsen ak mank aktivite fizik. Dr Elizabeth Steinberg, yon pedyat Broward Health Physician Group di Sun Sentinel " timoun sa yo menm jan ak granmoun kap pran pwa." “Yo pa pwoteje kont faktè riske tankou izolasyon anndan kay epi yo pa fè ase aktivite fizik. "

Bon nouvèl la se ke gen èd pou sa, men paran yo dwe pran resonsabilite yo tou.

Nouvo ane lekòl la, nouvo kòmansman manje maten an sante

Kèk prensip nitrisyonèl pa janm chanje: limite sereyal oswa patisri ki gen sik ladan yo e chak fwa posib fè yo manje fwi olye pou yo toujou bwè ji fwi ki gen anpil sik tou. Men, kòm nenpòt paran konnen, li pi fasil di timoun yo manje sak bon pase fè yo manje l, espesyalman manje maten.

Jèn timoun ki gen laj lekòl vreman difisil ak manje. Se travay nou pou gen pasyans ak konsistans nan pouse chwa ki an sante. Pa kwè yo pral manje avwàn ak chadèk pou kòmanse jounen an, men ofri yo nouvo chwa nutrisyonèl pou manje malten, ansanm ak sa yo konn manje. Premye bagay pou fè lè yo pi grangou se bay yon nouvo manje.

Gen èd disponib tou tankou The Florida Department of Health in Miami-Dade County ki ofri konsèy sou nitrisyon ak edikasyon gratis ak ekspè nan kad pwogram Fanm, Tibebe ak Timoun (WIC). Rele 786-336-1300 oswa vizite www.floridahealth.gov/programs-and-services. Si w ka mennen pitit ou lekòl ase bonè, gen manje maten gratis ak opsyon ki bon pou sante disponib nan tout Miami-Dade County Public Schools.

Jere difikilte kafeterya lekòl

Elèv yo gen pwòp sistèm yo nan kafeterya, epi li difisil ase pou pitit ou jere sa san yo pa bezwen panse twòp sou chwa ki bon pou lasante. Ou ka ede yo ak sa lè w prepare yon manje midi pou yo ki genyen ladan l anpil fwi ak legim epi evite ti goute tankou Lunchables (twòp sodyòm!)oswa lòt menm jan. Kwit manje yo nan la sware (ansanm ak soupe fanmi an) pou yo ka jwi manje byen fèt olye sa w kouri fè lè maten. Sandwich yo toujou fasil pou fè, men eseye sèvi ak pen ble antye oswa lòt ki bon pou lasante epi konsantre w sou valè nitrisyonèl Janbon ak fwomaj ou itilize.

Si yo pral chwazi nan manje kafeterya a, planifikasyon davans ka fè tout diferans lan. Vizite sit entènèt ki bay lis manje midi lekòl yo chak semèn (https://dadeschools.nutrislice.com/) epi pale avè yo sou sa yo ofri, sak pi sen ak sa yo ta ka chwazi. Kontinye pale ak pitit ou lè yo rive lakay epi kontinye konvèsasyon an sou sa yo te renmen ou pa ak sa yon bon rejim ap ba yo.

Nitrisyon adisyonèl apre lekòl

Pou anpil elèv ak fanmi, tounen lekòl vle di tounen nan pwogram apre lekòl nan lekòl la oswa an prive. The Florida Department of Health ofri Afterschool Meals Program (pwogram repa apre lekòl) pou sèten lekòl (kote 50% elèv yo jwenn manje midi gratis oswa pri redwi) tankou ti goute, manje ki respekte gid nitrisyonèl US Department of Agriculture (Depatman Agrikilti Etazini,) lèt, fwi, legim, grenn ak vyann (oswa ranplasman vyann).

Pou elèv 5èm jiska-12èm pwogram apre lekòl The Children’s Trust yo bay manje ak ti goute dapre direktiv federal. Ou ka jwenn nan www.TheChildrensTrust.org/After-School yon lis ak direksyon pwogram apre lekòl ki tou pre w kote anpil ofri espò, jwèt, dans ak lòt aktivite fizik.