Yon manman ak pitit fi pratike yoga.

fizkes/stock.adobe.com

Pandan Wap Planifye Pou Gen Sante An Bòn Eta Pandan Yon Ete Difisil, Kenbe Lespri, Kò Ak

Nanm Pitit Ou Byen Solid. The Children’s Trust La Pou Ba w Yon Ti Èd
Nanm Pitit Ou Byen Solid. The Children’s Trust La Pou Ba w Yon Ti Èd 

¡Eh Byen, bliye istwa nouvo nòmal la! Li sanble ke nou pral tounen nan abnòmal la ak nivo ka COVID-19 kap remonte kounye an nan Florid ak Miami-Dade, an patikilye, paske afè reouvri ap sispann tanporèman oswa menm fè yon bak. Sa vle di, tounen anndan kay ankò. Eske nou te janm sòti deyò? Eksepte ke kounye a, anplis aktivite ak opsyon ki limite, nou pral gen plis anbetman pandan ete sa. 

Men, anvan ou kòmanse vin desagreyab, sonje byen ou deja siviv premye vag pandemi a, epi ou ka itilize leson ou aprann pou boujonnen. Pa gen pi bon moman pou kòmanse yon plan byennèt pou pitit ou ki konsantre sou faktè kle pou ede pitit ou santi l emosyonèlman estab, aktif fizikman, ak genyen yon konsantrasyon mantal. Si ou fèk kòmanse ak domèn byennèt la, oswa jis bezwen yon ti kras motivasyon sou kòman pou kòmanse, men senk domèn enteresan ki pral ede w demare yon ete byennèt an jeneral pou fanmi w.

Byennèt Emosyonèl
Menm jan ak granmoun, estrès ka aji sou timoun yo ak yon gwo to emosyonèl ki ka jenere plizyè pwoblèm tankou enkyetid ak difikilte dòmi. Pandan tan nòmal, yo rekòmande souvan pou retire timoun nan anviwònman ki bay strès, men ide sa a inevitab anpil sè jou si akòz pandemi an. Sepandan, gen jan pou ekipe pitit ou ak fòs pou li ka fè fas ak emosyon li yo. Pa egzanp, lè pitit ou santi tristès oswa kòlè, fè l chita epi pale avèk kalm sou santiman li yo. Li itil pou eksplike li sèten fòm pou pwoteje sante l nan fè fas ak emosyon li yo, epi jwenn repons sen pou jere estrès tou.

Si pitit ou gen pwoblèm konpòtman e ou ka itilize sipò siplemantè, The Parent Club se yon gwo resous pou paran, kote yo pataje eksperyans ak eksplore sijè ki gen rapò ak sa, e ki  fasilman aksesib nan atelye vityèl yo.

Byennèt Fizik
Bon jan byennèt fizik enpòtan nan chak etap devlopman yon timoun. Li vreman vital enkòpore chak jou egzèsis ak bon nitrisyon nan lavi yo. Non sèlman rete aktif ede elimine plizyè kondisyon tankou obezite ak maladi kè, men aktivite fizik tou ede diminye eksitasyon ak soulaje tansyon timoun yo. Dapre Mayo Clinic, timoun 6 zan ak sa k pi gran bezwen omwen yon èdtan aktivite fizik pa jou ki ta dwe gen ladan l aktivite ayewobik modere oswa ak vigè.

Li kapab difisil pou jwenn jan pou kenbe timoun ou yo aktif anndan kay la oswa nan lakou w, men paj wèb The Children’s Trust StayHome.Miami bay enstriksyon foutbòl ak bezbòl ak aktivite ke yo ka fè, menm ak bagay ki rudimentè pou ede yo fè mouvman. Eske gen moun ki vle danse? Nan StayHome.Miami, Thomas Armour Youth Ballet gen videyo tou ki anseye yon varyete dans.
Epitou, asire w ke ou enkòpore yon alimantasyon ki sen, ki gen fwi ak legim fre, grenn antye, ak bon jan pwoteyin, se yo ki fondasyon nesesè pou fonksyon sèvo ki kòrèk epi kenbe estabilite emosyonèl. Èske gen yon timoun ki eksite? Etid yo fè montre ke evite manje trete ki sikre ka ede kalme nè pitit ou ak diminye sentòm ipèaktivite.

Byennèt Espirityèl 
Espirityalite se yon bagay trè pèsonèl epi li ka gen yon sans diferan nan chak fanmi. Gen kèk ki jwenn sans nan yon pouvwa siperyè e ak lapriyè, gen kèk ki jwenn byennèt espirityèl lè yo ede lòt moun, pandan gen lòt ki pral satisfè nan geri moun. Pandan ke sa a ka sonnen yon ti jan twò konplike pou timoun yo, ede yon timoun eksplore ak konprann sans yo nan yon pouvwa ki pi fò pase yo ka ede timoun yo, espesyalman pre-adolesan ak adolesan santi yo pi konekte ak tèt yo e ak lòt moun. Gen plizyè nouvo lide, anviwònman, ak aktivite tankou sèvis mès legliz sou entènèt, liv sou espirityalite ki apwopriye pou timoun, pou ede louvri lespri yo, pou yo ka konprann gen pi gwo posibilite ki egziste. 

Byennèt Mantal 
Lè ou ankouraje yo pou renmen aprann, timoun yo ap fòme yon angajman byennèt mantal pandan tout vi yo. Souvan, sa a pi fasil konprann pase pratike. Men, pou kenbe lespri pitit ou byen anfòm pandan yon ete nan kay la, ankouraje aktivite ki stimile kiryozite ak dezi konprann bagay sa yo. Sa ka gen ladan l bagay senp kankou fè yon jwèt pasyans tankou “puzzle” ansanm, prepare yon pwojè oswa menm kwit manje nan kwizin nan ansanm. 

Èske gen yon nouvo jèn lektè nan fanmi ou? Nouvo The Children’s Trust Book Club ki vin pi anlaji, la pou ou ak liv mansyèl gratis ke yo pral voye pa lapòs pou timoun ki fèk fèt jiska laj 5 an k ap viv nan Konte Miami-Dade.

Byennèt Sosyal
Entèaksyon sosyal sen se youn nan pati ki pi konplè nan plan byennèt pitit ou . Timoun bezwen santi ke yo renmen yo e yap pran swen yo, epi lyen sosyal yo ap ede yo santi sans sipò emosyonèl sa a. Lè ou ekipe timoun yo ak bon ladrès sosyal epi pale ak yo sou entèraksyon yo, sa ka ede w gide yo yon jan ki bay vitalite. Aktivite ki ranfòse Byennèt Sosyal pitit ou se anseye yo li enpòtan pou pataje, fò w kominike avèk yo ouvètman ak onètman , epi ekspoze yo nan yon varyete sitiyasyon sosyal pou ede yo bati pwòp rezo sosyal yo.

Malgre ke anpil rasanbleman sosyal limite jou sa yo, gen jan pou ankouraje timoun yo pratike byennèt sosyal lakay yo Pa Egzanp, kreye kado atizanal pou remèsye travayè esansyèl yo, òganize pwomnad vityèl. StayHome.Miami genyen tou plisyè aktivite amizan ki pral pèmèt timoun yo santi ke yo an kontak ak lòt moun.